2021
Kisa Divinite a ye?
Jen 2021


“Kisa Divinite a ye?,” Liahona, Jen 2021

Mesaj Mansyèl Liahona Jen 2021

Kisa Divinite a ye?

Pè Selès la, Jezikri ak Sentespri a se twa èt separe ki genyen yon sèl bi.

Imaj
Premye Vizyon

Detay soti nan Premye Vizyon, pa Jon McNaughton

Yon lè, yon editè jounal te mande Pwofèt Joseph Smith nan kisa manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kwè. Kòm repons, Pwofèt la te ekri 13 deklarasyon lafwa nou rele Atik Lafwa yo. Premye deklarasyon an di: “Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason li a, Jezikri, ak Sentespri a (Atik Lafwa 1:1). Twa moun sa yo reprezante sa nou rele Divinite a.

Bondye, Papa Etènèl la

Bondye genyen yon kò lachè ak zo ki resisite. Li se Papa lespri nou. Li renmen chak nan pitit Li yo pafètman. Bondye pafè, Li gen tout pouvwa, epi Li konnen tout bagay. Li jis, Li gen mizèrikòd, epi Li gen bon kè. Nou te viv avèk Bondye antanke espri anvan nou te fèt. Li voye nou sou latè pou nou aprann ak pwogrese. Pi gwo dezi Bondye se pou chak nan pitit Li yo retounen viv avèk Li ankò apre nou mouri. Bondye anseye nou ke nou dwe suiv Jezikri pou nou ka retounen nan prezans Li.

Imaj
Jezikri k ap Preche nan Mond Dèzespri a

Kris la k ap preche nan mond dèzespri a, pa Robert T. Barrett

Jezikri

Jezikri gen yon kò chè ak zo ki resisite tou. Li se premye Pitit Gason Bondye. Anvan nou te fèt, Bondye te chwazi Li pou L te Sovè nou. Sa vle di Jezi te vin sou tè a pou L ka yon egzanp pou nou, pou anseye nou levanjil Li a, ekspye pou peche nou, epi sove nou anba lanmò. Gras ak Jezikri a, nou kapab jwenn padon pou peche nou yo lè nou repanti. Jezikri te soufri anpil bagay pou Li te kapab konprann nou ak ede nou tou. Jezikri te mouri epi apresa Li te reviv ankò, pou L rann posib pou tout moun reviv ankò.

Imaj
antèman Kris la

Foto Getty Images

Sentespri a

Sentespri a se sèl manm nan Divinite a ki pa gen yon kò fizik. Li se yon espri. Sentespri a kapab kominike dirèkteman avèk lespri nou. Li temwanye nou ke Bondye reyèl epi Jezikri se Sovè nou. Sentespri aji kòm mesaje Bondye pou ba nou santiman lanmou, gidans, oswa rekonfò. Lè nou batize akkonfime, nou resevwa don Sentespri a. Apre batèm nou, Sentespri a kapab toujou rete avèk nou si nou kenbe kòmandman Bondye yo.

Imaj
Premye Vizyon an

Premye Vizyon, pa Walter Rane

Premye Vizyon Joseph Smith la

Avèk letan moun yo te vin gen konfizyon apwopo Divinite a. Moun pa t dakò sou kisa Bondye, Jezikri ak Sentespri a te sanble. Sa a se youn nan rezon ki fè Premye Vizyon Joseph Smith te fè a te si enpòtan konsa. Li te wè Pè Selès ak Jezikri te genyen kò epi Yo se de èt separe.

Imaj
Koute

Koute, pa Michael Jarvis Nelson

Separe men Ini

Ekriti yo ak pwofèt modèn yo anseye nou ke Bondye, Jezikri ak Sentespri a se èt separe ki gen yon sèl bi: imòtalite ak lavi etènèl nou (gade Moyiz 1:39). Tankou manm yon menm ekip, Yo travay ansanm pou ede nou chak jou. Nou kapab santi nou pre Yo lè nou repanti pou peche nou epi nou chwazi sa ki byen.

Ekriti sou Divinite a

Enprime