2021
Istwa Familyal Ede Zansèt Nou yo
Desanm 2021


“Istwa Familyal Ede Zansèt Nou yo,” Liahona, Desanm 2021

Mesaj Mansyèl Liahona, Desanm 2021

Istwa Familyal Ede Zansèt Nou yo

Istwa familyal se dekouvri ak aprann konnen manm fanmi nou yo. Nou rasanble tou enfòmasyon sou zansèt nou yo pou nou kapab fè travay tanp pou yo.

Imaj
tout tèks

Fanmi se pwen santral nan plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Li prepare yon mwayen pou fanmi yo ka kontinye pou tout tan. Pandan n ap fè istwa familyal ak travay tanp nou, n ap ede rasanble manm fanmi nou, ni sa ki vivan ni sa ki mouri yo. (“Travay tanp” vle di resevwa òdonans tanp pou tèt pa nou, tankou sele avèk konjwen nou, osibyen ke fè òdonas nan tanp pou zansèt nou yo.)

Istwa familyal ak travay tanp

Chak mou ki te viv oubyen ki gen pou viv sou latè bezwen òdonans levanjil yo. Si zansèt nou yo pa t gen chans sa a, nou ka fè òdonans pou yo nan tanp. Youn nan òdonans sa yo se sele avèk manm fanmi nou. Lè nou “sele” sa vle di n ap ka viv pou tout tan avèk fanmi nou si nou rete fidèl. Se nan tanp sèlman nou ka sele avèk fanmi nou.

Benediksyon Travay Istwa Familyal

Imaj
fanmi

Istwa familyal ka ede nou ranfòse relasyon nou genyen avèk manm fanmi nou ki vivan yo. Pandan n ap pataje istwa, foto ak lòt souvni youn ansanm ak lòt, n ap kreye lyen familyal. N ap ranfòse lanmou nou genyen youn pou lòt tou. Pwofèt yo pwomèt ke lè nou travay sou istwa familyal nou, n ap vin pi pre Jezikri tou.

Jwenn Zansèt Nou yo

Imaj
rejis nan lang Chinwa

Pè Selès la vle pou nou sele avèk fanmi nou genyen nan moman sa a epi avèk zansèt nou yo. Avan nou ka sele avèk zansèt nou yo, nou bezwen jwenn ak konsève enfòmasyon sou yo. Men, istwa familyal se plis pase chèche non, dat ak zòn sèlman. Pandan nou aprann sou zansèt nou yo, n ap santi nou plis konekte avèk yo.

Enprime