2022
Alyans Etènèl la
Oktòb 2022


“Alyans Etènèl la,” Lyawona, Okt. 2022.

Mesaj Mansyèl Liahona, Oktòb 2022

Alyans Etènèl la

Tout moun ki fè alyans avèk Bondye gen aksè nan yon kalite lanmou ak mizerikòd espesyal.

Imaj
Pòtrè Jezikri

Senyè Jezikri, pa Del Parson

Nan mond sa a ke lagè ak bri lagè ap dechire a, bezwen verite, limyè, ak vrè lanmou Jezikri a vin pi gwo pase sa te janm ye avan. Levanjil Kris la gloriye, e se yon benediksyon pou nou pou nou etidye l ak viv dapre presèp li yo. Nou rejwi nan opòtinite nou genyen pou pataje l yo—pou temwaye verite l yo kèlkeswa kote nou ye.

Mwen pale souvan de enpòtans alyans Abraamik la ak rasanbleman Izrayèl. Lè nou anbrase levanjil la epi nou batize, nou pran non sakre Jezikri a sou tèt nou. Batèm se pòt ki mennen nan vin koeritye tout pwomès Senyè a te bay Abraam, Izaak, Jakòb ak posterite yo nan tan lontan an.1

“Nouvèl alyans etènèl la”2 (Doktrin ak Alyans 132:6) ak alyans Abraamik la se esansyèlman menm bagay—de fason pou eksprime alyans Bondye te fè avèk gason ak fi mòtèl nan epòk diferan.

Adjektif etènèl la endike ke alyans sa a te egziste menm avan fondasyon mond lan! Plan ki te prezante nan Gran Konsèy nan Syèl la te enkli reyalite tris ke nou tout ta pral separe de prezans Bondye. Sepandan, Bondye te pwomèt ke Li t ap founi yon Sovè ki t ap simonte konsekans Chit la. Bondye te di Adan apre batèm ni an:

“Epi w vin daprè lòd limenm ki pa gen kòmansman jou oubyen finisman ane a, depi nan letènite jouk nan letènite.

“Gade, ou se yon sèl nan mwen menm, yon pitit gason Bondye; epi konsa, tout moun vin tounen pitit mwen yo” (Moyiz 6:67–68).

Adan ak Eve te aksepte òdonans batèm nan epi yo te kòmanse pwosesis pou vin fè youn avèk Bondye a. Yo te antre nan chemen alyans lan.

Lè oumenm avèk mwen antre nan chemen an tou, nou gen yon nouvo fason pou nou viv. Konsa nou kreye yon relasyon avèk Bondye ki pèmèt Li beni nou ak chanje nou. Chemen alyans lan mennen nou retounen al jwenn Li. Si nou kite Bondye gen priyorite nan lavi nou, alyans sa a ap mennen nou pi pre L chak jou. Tout alyans yo destine pou yo mare nou ansanm. Yo kreye yon relasyon ki gen koneksyon etènèl.

Yon Lanmou ak Mizerikòd Espesyal

Apre nou fin fè yon alyans avèk Bondye, nou kite teritwa san patipri a pou tout tan. Bondye p ap abandone relasyon Li avèk moun ki fòje yon lyen konsa avèk Li. Anfèt, tout moun ki te fè alyans avèk Bondye gen aksè nan yon kalite lanmou ak mizerikòd espesyal. Nan lang Ebre a, yo rele lanmou alyans sa a hesed (חֶסֶד).3

Hesed pa gen okenn ekivalan Anglè ki apwopriye. Tradiktè vèsyon Bib Wa Jak la asireman dwe te gen difikilte avèk fason pou yo te tradui hesed an Anglè. Yo te souvan chwazi “lanmou byenveyan.” Sa tradui anpil men pa tout siyifikasyon hesed. Yo te itilize lòt tradiksyon tou, tankou “mizerikòd” ak “bonte.” Hesed se yon tèm san parèy ki dekri yon relasyon alyans kote de pati yo angaje yo pou youn rete lwayal ak fidèl anvè lòt la.

Yon maryaj selès se yon modèl relasyon alyans konsa. Yon mari ak yon madanm fè yon alyans avèk Bondye epi antre yo de a pou youn rete lwayal ak fidèl anvè lòt la.

Hesed se yon modèl lanmou ak mizerikòd espesyal ke Bondye epwouve epi ke L ofri tout moun ki fè yon alyans avèk Li. Epi nou rann resipwosite avèk hesed pou Li.

Imaj
yon koup ki fèk marye ki deyò yon tanp

Depi oumenm avèk mwen fin fè yon alyans avèk Bondye, relasyon nou avèk Li vin pi rapwoche pase avan alyans nou an. Kounyeya nou mare ansanm.

Foto Jerry L. Garns

Paske Bondye gen hesed pou moun ki fè alyans avèk Li, L ap renmen yo. L ap kontinye travay avèk yo epi ofri yo opòtinite pou yo chanje. L ap padone yo lè yo repanti. Epi si yo ta ale lwen, L ap ede yo jwenn wout pou yo tounen vin jwenn Li.

Depi oumenm avèk mwen fin fè yon alyans avèk Bondye, relasyon nou avèk Li vin pi rapwoche pase avan alyans nou an. Kounyeya nou mare ansanm. Akòzde alyans nou avèk Bondye a, Li p ap janm fatige nan efò L pou ede nou, epi nou p ap janm epuize pasyans plen mizerikòd Li genyen pou nou an. Nou chak gen yon plas espesyal nan kè Bondye. Li gen gwo espwa pou nou.

Ou okouran de deklarasyon istorik Senyè a te bay Pwofèt Joseph Smith la: Li te vini pa revelasyon. Senyè a te di Joseph: “Pwomès sa a pou ou tou, paske ou soti nan Abraram, epi Abraram te resevwa pwomès la” (Doktrin ak Alyans 132:31).

Pou rezon sa a, alyans etènèl sa a te retabli kòm yon pati nan gwo Retablisman levanjil la nan plenitid li. Reflechi sou sa! Yon alyans maryaj ki fèt nan tanp makònen dirèkteman avèk alyans Abraramik sa a. Nan tanp lan yon koup resevwa tout benediksyon ki rezève pou posterite fidèl Abraram, Izaak, ak Jakòb yo.

Jan Adan te fè a, oumenm avèk mwen te antre pèsonèlman nan chemen alyans lan lè nou te batize. Apre sa nou antre ladan pi konplètman nan tanp lan. Benediksyon alyans abraramik yo se nan tanp sakre yo moun resevwa yo. Benediksyon sa yo pèmèt nou, lè nou fin resisite, pou nou “eritye twòn, wayòm, pouvwa, prensipote, ak teritwa, pou ‘egzaltasyon ak glwa nou nan tout bagay [Doktrin ak Alyans 132:19].”4

Nan dènye tèks Ansyen Testaman an, nou li pwomès Malachi ki di Eli ap retounen “kè papa yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou papa yo.” (Malachi 4:6) Nan Izrayèl lontan an, referans sa a sou papa yo t ap enkli pè Abraram, Izaak, ak Jakòb. Pwomès sa a vin klarifye lè nou li yon lòt vèsyon sou vèsè sa a ke Mowoni te site pou Pwofèt Joseph Smith: “Li [Eli] pral plante nan kè timoun yo pwomès li te fè avèk papa yo, epi kè timoun yo pral vire jwenn papa yo” (Istwa—Joseph Smith 1:39). Pa gen okenn dout ke Papa sa yo enkli Abraram, Izaak ak Jakòb. (Gade nan Doktrin ak Alyans 27:9–10.)

Imaj
imaj Jezikri

Moun ki fè alyans sakre epi ki respekte yo resevwa pwomès lavi etènèl ak egzaltasyon. Jezikri se garanti pwomès sa yo.

Detay ki soti nan Kris la ak Jenòm Rich la, pa Heinrich Hofmann.

Jezikri: Eleman Santral Alyans lan

Sakrifis espyatwa Sovè a bay Papa a kapasite pou L akonpli pwomès Li te fè pitit Li yo. Paske Jezikri se “chemen an, verite a, ak lavi a,” se tou nòmal ke ”pèsòn p ap rive jwenn Papa a, si l pa pase pa [Limenm]” (Jan 14:6). Akonplisman alyans Abraramik la vin posib gras ak Ekspyasyon Sovè a, Senyè Jezikri. Jezikri se eleman santral alyans Abraramkik la.

Ansyen Testaman an se pa sèlman yon liv ekriti, li se yon liv istwa tou. Ou sonje w te li konsènan maryaj Sara ak Abraram. Paske yo pa t gen pitit, Sara te ofri sèvant li, Aga, bay Abraram pou vin madanm li tou, selon direksyon Senyè a. Aga te bay nesans a Izmayèl.5 Abraram te renmen Izmayèl, men se pa t limenm ki te pitit alyans lan t ap pase pa li a. (Gade nan Jenèz 11:29–30; 16:1, 3, 11; Doktrin ak Alyans 132:34.)

Kòm yon benediksyon ki soti nan Bondye, ak yon repons pou lafwa Sarai,6 li te vin ansent lè l te nan laj avanse pou alyans lan te ka akonpli atravè pitit gason l la, Izaak (gade nan Jenèz 17:19). Li te fèt nan alyans lan.

Bondye te bay Sarayi ak Abram non nouvo—Sara ak Abraram (gade nan Jenèz 17:5, 15). Chanjman non sa yo te make kòmansman yon nouvo lavi ak yon nouvo destine pou fanmi sa a.

Abraram te renmen ni Izmayèl ni Izaak. Bondye te di Abraram ke Izmayèl ta pral miltipliye epi vin tounen yon gran nasyon (gade nan Jenèz 17:20). Nan menm tan an, Bondye te rann klè ke alyans etènèl la t ap etabli atravè Izaak (gade nan Jenèz 17:19).

Tout moun ki aksepte levanjil la vin fè pati lineyaj Abraram. Nan Galat, nou li:

“Paske tout moun pami nou ki te batize nan Kris la te mete sou nou kalite ki nan Kris yo.

“… Nou se yon sèl nan Jezikri.

“Epi si nou nan Kris, enben nou se desandan Abraram, ak eritye selon pwomès la” (Galat 3:27–29).

Konsa, nou ka vin tounen eritye nan alyans la swa pa nesans oswa pa adopsyon.

Imaj
moun ki reyini pou yon sèvis batèm

Apre nou fin fè yon alyans avèk Bondye, nou kite teritwa san patipri a pou tout tan. Bondye p ap abandone relasyon Li avèk moun ki fòje yon koneksyon konsa avèk Li.

Jakòb, pitit gason Izaak ak Rebeka a te fèt nan alyans lan. Anplis de sa, li te chwazi antre nan pwòp akò pa li. Jan nou konnen, non Jakòb te chanje pou l te vin tounen Izrayèl (gade nan Jenèz 32:28), ki vle di “kite Bondye domine” oswa “youn moun ki domine avèk Bondye.”7

Nou li nan Egzòd ke “Bondye sonje alyans li avèk Abraram, avèk Izaak, epi avèk Jakòb” (Egzòd 2:24). Bondye te di timoun Izrayèl yo: “Si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe alyans mwen an, nou pral genyen yon trezò espesyal nan mwen” (Egzòd 19:5).

Ekspresyon “trezò espesyal” la te tradui apati mo Ebre segullah, ki vle di yon posesyon ki gen anpil valè—yon “trezò.”8

Liv Detewonòm nan pale de enpòtans alyans lan. Apot Nouvo Testaman yo te konnen alyans sa a. Apre Pyè te fin geri yon mesye kokobe sou mach tanp lan, li te anseye asistan yo konsènan Jezi. Pyè te di: “Bondye Abraram, ak Izaak, ak Jakòb la, Bondye papa nou yo, glorifye pitit gason L lan Jezikri” (Travay 3:13).

Pyè te fini mesaj li a kote l te di moun ki t ap koute l yo: “Nou se pitit pwofèt yo, epi alyans ke Bondye te fè avèk papa nou yo, an referans ak Abraram, Epi nan desandan ou yo tout moun pral beni sou tè a” (Travay 3:25). Pyè te rann klè pou yo ke yon pati nan misyon Kris la sete akonpli alyans Bondye a.

Senyè a te bay pèp Amerik tan lontan an yon diskou menm jan an. Lè sa a, Kris resisite a te di pèp la kiyès yo te reyèlman ye. Li te di:

“Nou se pitit pwofèt yo; epi nou fè pati kay Izrayèl la; epi nou fè pati alyans ke Papa a te fè avèk zanfèt nou yo, lè l te di Abraram: Epi nan desandan nou yo tout limanite sou tè a pral beni.

“Papa a te m pou nou premyèman, e li te voye m pou beni nou, pou chak moun nan pami nou soti nan inikite [nou] yo; e li fè sa paske nou se piitt alyans lan” (3 Nefi 20:25–26).

Èske nou wè enpòtans sa genyen? Moun ki respekte alyans yo avèk Bondye ap vin tounen yon gwoup nanm ki ka reziste anba peche! Moun ki respekte alyans yo avèk Bondye ap gen fòs pou yo reziste anba enfliyans konstan mond lan.

Imaj
yon mesye ki ap pran sentsèn

Moun ki respekte alyans yo avèk Bondye ap vin tounen yon gwoup nanm ki ka reziste anba peche! Moun ki respekte alyans yo avèk Bondye ap gen fòs pou yo reziste anba enfliyans konstan mond lan.

Travay Misyonè: Pataje Alyans lan

Senyè a kòmande pou nou repann levanjil la epi pataje alyans lan. Se poutèt sa nou gen misyonè. Li swete pou chak pitit Li yo gen opòtinite pou yo chwazi levanjil Sovè a epi pou yo anbake sou chemen alyans lan. Bondye vle konekte tout moun nan alyans Li te fè avèk Abraram nan tan lontan an.

Konsa, travay misyonè se yon pati endispansab nan gwo rasanbleman Izrayèl la. Rasanbleman sa a se travay ki pi enpòtan ki ap fèt sou tè a jodi a. Pa gen okenn lòt bagay ki gran menm jan avèk li. Pa gen okenn lòt bagay ki pi enpòtan pase li. Misyonè Senyè a—disip Li yo—angaje nan pi gwo defi, pi gwo kòz, pi gwo travay sou tè a jodi a.

Men gen plis toujou—pi plis lontan. Gen yon gwo bezwen pou nou simaye levanjil la bay moun ki sou lòt bò vwal la. Bondye vle pou chak moun, sou toulède bò vwal la, jwi benediksyon alyans Li an. Chemen alyans lan ouvri pou tout moun. Nou sipliye tout moun pou yo mache sou wout sa a avèk nou. Pa gen okenn lòt travay ki enkli tout moun nan yon fason inivèvèl konsa. Paske “Senyè a gen mizèrikòd pou tout moun ki lonmen non l avèk yon kè ki sensè, rele non sakre li a” (Elaman 3:27).

Paske Prètriz Mèlkisedèk la te retabli, fi ak gason ki respekte alyans yo gen aksè a “tout benediksyon espirityèl yo” nan levanjil la (Doktrin ak Alyans 107:18; italik ajoute).

Nan konsekrasyon tanp Kirtland nan an 1836, sou direksyon Senyè a, Eli te parèt. Objektif Li? “Pou tounen … pitit yo kote papa yo” (Doktrin ak Alyans 110:15). Elyas te parèt tou. Objektif Li? Pou pwomèt Joseoh Smith ak Oliver Cowdery “dispansasyon levanjil Abraram nan, li te di ke nan nou ak nan desandan nou yo tout jenerasyon apre nou yo t ap beni” (Doktrin ak Alyans 110:12). Konsa, Mèt la te konfere sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery otorite prètriz la ak dwa pou yo pataje benediksyon san parèy alyans Abraramik la avèk lòt moun.9

Nan Legliz la, nou vwayaje sou chemen alyans lan alafwa endividyèlman ak kolektivman. Menmjan maryaj ak fanmi yo pataje yon koneksyon lateral san parèy ki kreye yon lanmou espesyal la, se konsa nouvo relasyon an fòme lè nou liye tèt nou pa alyans vètikalman avèk Bondye nou an!

Sa gendwa se sa Nefi te vledi lè l te di ke Bondye “renmen moun moun ki chwazi l kòm Bondye yo.” (1 Nefi 17:40). Se egzakteman pou rezon sa a, kòm yon pati nan alyans lan, yon mizerikòd ak yon lanmou espesyal—oswa hesed—disponib pou tout moun ki antre nan relasyon angajan ak entim sa a avèk Bondye, menm,“pou yon milye jenerasyon” (Detewonòm 7:9).

Fè yon alyans avèk Bondye chanje relasyon nou avèk Li pou tout tan. Sa beni nou avèk yon mezi lanmou ak mizerikòd anplis.10 Sa afekte moun nou ye a ak fason Bondye ap ede nou vin tounen sa nou ka tounen an. Nou resevwa pwomès ke noumenm tou, nou kapab “yon trezò patikilye” pou Li (Sòm135:4).

Pwomès ak Privilèj

Moun ki fè alyans sakre yo e ki respekte yo resevwa pwomès lavi etènèl ak egzaltasyon, “pi gwo nan tout kado Bondye yo” (Doktrin ak Alyans 14:7). Jezikri se garanti alyans sa yo (gade nan Ebre 7:22; 8:6). Moun ki respekte alyans yo fè pou yo renmen Bondye epi pou yo pèmèt Li predomine sou tout lòt bagay nan lavi yo fè L vin tounen enfliyans ki pi puisan nan lavi yo.

Nan epòk nou an, nou gen privilèj pou nou resevwa benediksyon patriyakal epi aprann konnen koneksyon nou avèk patriyach tan lontan yo. Benediksyon sa yo ba nou yon ide sou sa ka p tann nou pidevan tou.

Imaj
Jezi ki ap pale avèk Pyè

Akòzde alyans nou avèk Bondye a, Li p ap janm fatige nan efò L pou ede nou, epi nou p ap janm epuize pasyans plen mizerikòd Li genyen pou nou an.

Èske ou Renmen M Plis Pase Moun sa yo? pa David Lindsley

Apèl nou kòm Izrayèl alyans lan se pou asire nou ke chak manm Legliz la konnen jwa ak privilèj ki asosye avèk fè alyans avèk Bondye. Se yon apèl pou ankouraje chak gason ak chak fi, chak tigason ak chak tifi k ap kenbe alyans pou yo pataje levanjil la avèk moun ki andedan sèk enfliyans yo. Se yon apèl tou pou nou sipòte ak ankouraje misyonè nou yo, ke yo voye al nan travay la avèk enstriksyon pou yo batize ak ede rasanble Izrayèl pou ke ansanm nou ka vin pèp Bondye a epi pou Li vin Bondye nou (gade nan Doktrin ak Alyans 42:9).

Chak gason ak fi ki patisipe nan òdonans prètriz yo e ki fè ak respekte alyans avèk Bondye gen aksè dirèk nan pouvwa Bondye. Nou pran non Senyè a sou nou kòm moun endividyèl. Nou pran non Li sou nou kòm yon pèp. Devlope pasyon pou itilizasyon non kòrèk Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon fason vital pou nou montre ke antanke pèp nou pran non L sou nou. Vrèman, chak aksyon byenveyan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak manm li yo se yon ekspresyon hesed Bondye.

Poukisa Izrayèl te dispèse? Paske pèp la te vyole kòmandman yo epi lapide pwofèt yo. Yon Papa eman men ki te nan tristès te reponn nan epapiye Izrayèl al tout kote.11

Sepandan, Li te epapiye yo avèk yon pwomès ke yon jou Izrayèl t ap rasanble ankò vini retounen nan twoupo L la.

Tribi Jida a te resevwa responsablite pou yo te prepare mond lan pou premye vini Senyè a. Apatide tribi sa a, Mari te resevwa apèl pou l te vin manman Pitit Gason Bondye a.

Tribi Joseph la, atravè pitit gason l te fè avèk Asenath yo, Efrayim ak Manase (gade Jenèz 41:50–52; 46:20), te resevwa responsablite pou yo dirije rasanbleman Izrayèl la, pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a.

Nan yon kalite relasyon hesed etènèl konsa, se tou natirèl pou Bondye vle rasanble Izrayèl. Li se Papa nou ki nan syèl la! Li vle pou chak pitit Li yo—sou toulède bò vwal la—tande mesaj levanjil retabli Jezikri a.

Yon Chemen Lanmou

Chemen alyans lan se yon chemen lanmou— hesed enkwayab sa a, ki pran swen ak konpasyon epi sipòte youn lòt la. Si w santi lanmou sa a, sa ap pote liberasyon ak rekonfö. Pi gwo lajwa w ap janm eksperimante se lè w anvayi avèk lanmou pou Bondye ak pou tout pitit Li yo.

Renmen Bondye plis pase tout lòt moun oswa tout lòt bagay se kondisyon ki pote vrè lapè, konsolayon, konfyans, ak lajwa.

Chemen alyans lan konsène relasyon nou avèk Bondye—relasyon hesed nou avèk Li. Lè nou antre nan yon alyans avèk Bondye, nou fè yon alyans avèk Limenm ki ap toujou respekte pawòl Li a. L ap fè tout sa L kapab, san L pa atake libabit nou, pou ede nou respekte pa nou yo.

Liv Mòmon an kòmanse epi li fini avèk referans a alyans etènèl sa a. Soti nan paj tit li a rive nan temwayaj final Mòmon ak Mowoni yo, Liv Mòmon an fè referans a alyans lan (gade nan Mòmon 5:20; 9:37). “Parisyon Liv Mòmon an se yon siy pou tout mond lan ke Senyè a kòmanse rasanble Izrayèl epi akonpli pwomès Li te fè avèk Abraram, Izaak, ak Jakòb yo.”12

Chè frè m ak sè m yo, nou resevwa apèl nan moman kritik sa a nan istwa latè pou nou anseye mond lan konsènan bote ak pouvwa alyans etènèl la. Papa nou ki nan Syèl la fè nou konfyans totalman pou nou fè gwo travay sa a.

Mesaj sa a te delivre nan yon reyinyon dirijan konferans jeneral le 31 Mas 2022 tou.

Nòt

  1. Gade nan Russell M. Nelson, “Children of the Covenant,” Ensign, Me 1995, 34:

  2. Nouvo alyans etènèl la se plenitid levanjil Jezikri a. Li enkli tout òdonans ak alyans ki nesesè pou sali nou (gade nan Doktrin ak Alyans 66:2). Li “nouvo” kèlkeswa lè Senyè a renouvle oswa retabli l, epi li “etènèl” paske li pa chanje.

  3. Yon diskisyon apwofondi sou hesed ak alyans etènèl la disponib nan Kerry Muhlestein, Bondye Ap Domine: Alyans Tan Lontan, Benedikshyon Modèn, ak Rasanbleman Izrayèl (2021).

  4. Russell M. Nelson, nan “Temwen Spesyal Kris la,” Liahona,, Avr. 2001, 7.

  5. Tèm Ebre Ishmael la vle di “Bondye tande” (Diksyonè Bib la, “Izmayèl”).

  6. “Se gras a lafwa tou ke Sara te resevwa fòs pou l te fè pitit,epi li te fè yon pitit lè l te depase laj pou sa, paske li te kwè nan fidelite moun nan ki te fè l pwomès la (Ebre 11:11).

  7. Diksyonè Bib la, “Izrayèl.”

  8. Gade nan Diksyonè Bib la, “Espesyal”; “Hebrew and Chaldee Dictionary,” Strong’s Exhaustive Concordance of the Bible (1984), 82, word 5459.

  9. Gade Russell M. Nelson, “Mèsi pou Alyans lan” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 2 Nov. 1988), 4, speeches.byu.edu.

  10. “Chak alyans avèk Bondye se yon opòtinite pou nou vin pi pre li. Pou tout moun ki ap reflechi pandan yon moman sou sa yo deja santi konsènan lanmou Bondye, pou yo genyen koneksyon sa a vin pi solid epi relasyon sa a vin pi pwòch, se yon òf irezistib” (Henry B. Eyring,“Making Covenants with God” [Kwendfe nan Inivèsite Brigham Young, 8 Sept. 1996], 3, speeches.byu.edu).).

  11. “Senyè a te itilize dispèsyon pèp chwazi L sa a nan pami nasyon yo nan mond lan pou L beni nasyon sa yo tou” (Gid Ekriti yo, “Israel,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; gade tou Jakòb 5:1-8, 20).

  12. Russell M. Nelson, “Fiti Legliz la: Prepare Mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a,” Liahona, Avr. 2020, 9.