Chapit 18
Jèn Alma Repanti
Alma ak Wa Mozya te enkyè paske moun ki te enkwayan yo t ap fè manm Legliz yo soufri poutèt kwayans yo.
Alma te gen yon pitit gason ki te rele Alma. Jèn Alma pa t kwè nan ansèyman papa l yo epi l te vin yon moun ki te mechan.
Jèn Alma ak kat pitit gason Wa Mozya yo te goumen kont Legliz la. Yo te pèsyade anpil moun pou yo te kite Legliz la epi vin mechan.
Alma te priye pou pitit gason l lan te aprann verite a epi repanti.
Jèn Alma ak pitit gason Wa Mozya yo te kontinye ap eseye detwi Legliz la.
Yon jou, yon zanj te parèt devan yo Zanj la te pale avèk yon vwa ki te souke tè a.
Senk jèn gason yo te sitèlman pè ke yo te tonbe atè. Odepa, yo pa t ka konprann kisa zanj lan t ap di.
Yon zanj te vini an repons a priyè manm Legliz yo. Zanj lan te mande jèn Alma poukisa l t ap konbat Legliz la.
Tè a te souke lè zanj lan te di jèn Alma pou l te sispann eseye detwi Legliz la.
Jèn Alma ak pitit gason Mozya yo te tonbe ankò. Yo te wè yon zanj, epi yo te konnen pouvwa Bondye te souke tè a.
Jèn Alma te sitèlman etone ke l pa t ka pale. Li te vin tèlman fèb ke l pat ka menm bouje men li.
Pitit gason Mozya yo te pote jèn Alma bay papa li epi yo te di l tout sa k te rive yo.
Alma te kontan. Li te konnen ke Bondye te reponn priyè l yo.
Alma te rele yon foul moun vin rasanble pou yo te vin wè sa Senyè a te fè pou pitit gason l la ak pou pitit gason Mozya yo.
Alma, ansanm ak lòt dirijan Legliz yo, te jene ak priye epi yo te mande Bondye pou l te ede jèn Alma rejwenn fòs li.
Apre de jou ak de nuit, jèn Alma te vin ka pale ak bouje.
Li te di moun yo ke l te repanti pou peche l yo epi Bondye te padone li.
Li te anseye ke tout moun dwe vin jis pou yo ka antre nan wayòm Bondye a. Li te pale yo tou sou gwo doulè li te soufri akoz peche l yo.
Jèn Alma te kontan paske l te repanti epi Bondye te padone li. Li te konnen Bondye renmen li.
Jèn Alma ak pitit gason Wa Mozya yo te kòmanse anseye verite a nan tout peyi a, pou yo te di tout moun sa yo te wè ak sa yo te tande.
Yo te eseye korije domaj yo te lakoz yo. Yo te eksplike moun yo ekriti yo epi yo te anseye yo konsènan Jezikri.
Bondye te beni jèn Alma ak pitit gason Mozya yo pandan yo t ap anseye levanjil la. Anpil moun te tande yo epi kwè yo.