Chapit 28
Zoramit yo ak Rameyanpton
Nefit yo te vle anpeche Zoramit yo al rejwenn Lamanit yo, konsa Alma te ale avèk kèk lòt misyonè pou l te preche Zoramit yo pawòl Bondye a.
Misyonè sa yo te etone epi yo te fache pou fason Zoramit yo t ap adore nan legliz yo, ki te rele sinagòg.
Nan mitan legliz la, Zoramit yo te bati yon plas pou yo te kanpe ki te rele Rameyanmton. Te gen espas pou yon sèl moun te kanpe anlè li.
Zoramit te kanpe la atoudewòl, ak men yo nan direksyon syèl la epi ap resite menm priyè a byen fò.
Nan priyè sa a, Zoramit yo te di Bondye pa gen yon kò; li se yon espri sèlman. Yo te di ke pa t ap gen okenn Kris tou.
Zoramit yo te panse ke Bondye te chwazi yomenm sèlman pou te jwenn sali nan wayòm selès la. Yo te ba l remèsiman poutèt yo sete pèp prefere li.
Apre chak Zoramit te fin priye, yo te al lakay yo epi yo pa t priye ni pale konsènan Bondye ankò pou tout yon semèn.
Zoramit rich yo te renmen lò ak ajan, epi yo te vante tèt yo pou trezò terès yo. Alma te tris lè l te wè kijan yo te mechan.
Alma te priye pou limenm ak misyonè yo te gen fòs, rekonfò, ak siksè nan travay yo a.
Apre l te fin mande èd pou l te mennen Zoramit yo retounen nan laverite, Alma ak lòt misyonè yo te ranpli avèk Sentespri a.
Apresa misyonè yo te ale nan direksyon separe pou yo te preche. Bondye te beni yo avèk manje ak rad epi l te fòtifye yo nan travay yo a.
Zoramit ki te pòv yo pa t gen dwa antre nan legliz yo. Moun sa yo te kòmanse koute misyonè yo.
Anpil te mande Alma kisa yo te dwe fè. Alma te di yo ke yo pa t bezwen andedan yon legliz pou yo te priye oswa adore Bondye.
Li te di yo pou yo te gen lafwa nan Bondye. Apresa Amilèk te anseye yo konsènan Jezikri epi konsènan plan Bondye pou pitit li yo.
Misyonè yo te ale, epi moun yo te fòse Zoramit ki te kwè yo kite vil la. Kwayan yo t al viv nan peyi Jèchon avèk pèp Amon an.
Malgre Zoramit mechan yo te menase pèp Amon an, pèp Amon an te ede Zoramit jis yo epi yo te ba yo manje, rad ak tè.