Doktrin ak Alyans 2021
3–9 Me Doktrin ak Alyans 46–48: “Chèche Pi Bon Don yo Avèk Senserite”


“3–9 Me Doktrin ak Alyans 46–48: ‘Chèche Pi Bon Don yo Avèk Senserite,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“3–9 Me Doktrin ak Alyans 46–48,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
moun ki reyini bò yon etan

Reyinyon Kan an, pa Worthington Whitredge

3–9 Me

Doktrin ak Alyans 46–48

“Chèche Pi Bon Don yo Avèk Senserite”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 46–48 la, ekri enpresyon w resevwa yo. Apresa, ou gen dwa mande, jan Èldè Richard G. Scott te sigjere a, “Èske gen plis bagay m ta dwe konnen?” (“Apprendre à être guidé spirituellementEnsign oswa Liahona, Nov. 2009,8).

Ekri enpresyon ou

Lè Parley P. Pratt, Oliver Cowdery, Ziba Peterson, ak Peter Whitmer Jr. te kite Kirtland pou yo t al kontinye travay la nan lòt kote, yo te kite 100 moun konvèti, ki te gen anpil zèl men ki pa t gen anpil eksperyans ak direksyon. Pa t gen okenn manyèl enstriksyon, ni reyinyon fòmasyon pou dirijan, ni retransmisyon konferans jeneral—anfèt, pa t menm gen anpil kopi Liv Mòmon an ki t ap sikile. Anpil nan nouvo kwayan sa yo te atire nan levanjil retabli a pa pwomès manifestasyon mèveye Lespri a te ba yo, espesyalman sa yo te konnen atravè etid yo sou Nouvo Testaman an (gade, paregzanp, 1 Korentyen 12:1—11). Byenvit, te gen kèk ekspresyon adorasyon etranj—enkli lage kò atè oubyen tòtiye tankou yon koulèv—ki te entwodui nan reyinyon Legliz yo. Anpil te twouve l difisil pou yo te disène kiyès nan manifestasyon sa yo ki te soti nan Lespri a ak kiyès ki pa t soti nan li. Lè Joseph Smith te wè konfizyon an, li te priye pou l te jwenn èd. Repons Senyè a te ba li a egalman valab pou nou tou jodia, kote moun souvan rejte oubyen inyore bagay Lespri yo. Senyè a te revele ke manifestasyon espirityèl yo reyèl epi li te klarifye kisa yo ye—don yon Pè Selès eman, “ke l bay pou benefis moun ki renmen [li] epi ki respekte kòmandman [l] yo” (Doktrin ak Alyans 46:9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 46:1–6

Tout moun k ap sensèman chèche laverite, yo byenveni pou vin adore nan Legliz Senyè a.

Reyinyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ta dwe pami reyinyon ki pi akeyan ak pi enspiran nan mond lan. Nan Doktrin ak Alyans 46:1-6 la, kijan Senyè a konseye nou pou nou resevwa moun ki vini nan reyinyon nou yo? Èske zanmi nou yo ak moun nan vwazinaj nou yo santi yo byenveni nan sèvis adorasyon nan pawas nou yo? Kisa n ap fè pou nou ka fè reyinyon Legliz nou yo vin kote moun ta anvi retounen? Medite sou fason efò w pou w suiv Sentespri a nan reyinyon Legliz yo ka afekte eksperyans w ap fè a.

Gade tou: 3 Nefi 18:22–23; Mowoni 6:5–9; videyo “Byenveni,” a nan ComeUntoChrist.org; “Enthousiasme religieux des premiers convertis d’Ohio,” Révélations dans leur contexte, 105–11.

Doktrin ak Alyans 46:7–33

Bondye bay don espirityèl pou beni pitit li yo.

Premye Sen yo te kwè nan don espirityèl men yo te bezwen kèk gidans osijè bi don sa yo. Pandan w ap etidye don Lespri yo, nan Doktrin ak Alyans 46:7-33)a, medite sou rezon k fè li enpòtan pou w “toujou sonje poukisa yo ba ou yo” (vèsè 8). Reflechi sou fason vèsè sa yo aplike a deklarasyon Èldè Robert D. Hales la: “Don sa yo, se moun ki fidèl nan Kris la ki resevwa yo. Y ap ede nou konnen ak anseye verite levanjil yo. Y ap ede nou beni lòt moun. Y ap gide nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la” (“Don Lespri yo,” Ensign, Fev. 2002, 16). Kisa w aprann nan vèsè sa yo konsènan repantans? Kijan verite sa yo ka ede w pou w “pa twonpe”? (vèsè 8).

Medite sou kisa don espirityèl ou yo ye—ak ki fason w ka itilize yo “pou benefis pitit Bondye yo” (vèsè 26). Si w gen benediksyon patriyakal ou, li pwobab ke yo mansyone don w genyen yo ladan li.

Gade Gid pa Sijè a tou: “Don Espirityèl,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 47

Senyè a vle Legliz li a konsève istwa li.

Apèl John Whitmer la pou l te konsève istwa Legliz la te kontinye yon long tradisyon moun ki te konn kenbe rejis nan pami pèp Bondye a (gade 2 Nefi 29:11–12; Moyiz 6:5; Abraham 1:28, 31). Anfèt, pozisyon Istoryen ak Grefye nan Legliz la toujou egziste jodia. Poukisa w panse kenbe rejis yo si enpòtan konsa pou Senyè a? Medite sou sa pandan w ap li enstriksyon li te bay John Whitmer yo osijè tach sa a nan seksyon 47la. Epitou, reflechi a eksperyans pèsonèl pa w ke w ta dwe ekri pou w konsève. Paregzanp, kisa Senyè a te anseye w ke w ta renmen konsève?

Pandan w ap medite sou kesyon sa yo, konsidere ide Èldè Marlin K. Jensen, nan Swasanndis yo, ki te sèvi kòm Istoryen ak Grefye Legliz la soti 2005 rive 2012.

“Nou kenbe rejis pou ede nou sonje. … Nou vle ede manm Legliz yo sonje gwo bagay Bondye fè pou pitit li yo. … Leson lepase yo ede nou fè fas a moman prezan yo epi yo ba nou espwa pou fiti nou” (“Un registre sera tenu parmi vous,” Ensign, Des. 2007, 28, 33).

Pou w aprann plis sou travay k ap fèt aktyèlman sou direksyon Istoryen Legliz la, vizite history.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
John Whitmer

John te aple pou l te kenbe istwa Legliz la.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 46:2–6.Kisa nou ka fè antanke fanmi pou asire nou ke lòt moun santi yo byenveni nan reyinyon Legliz nou yo? (gade tou 3 Nefi 18:22–23). Foto ki akonpaye plan leson sa a ta ka ajoute sou diskisyon an.

Doktrin ak Alyans 46:7–26.Ki don espirityèl nou youn wè lakay lòt? Kijan don sa yo ka beni fanmi ou?

Doktrin ak Alyans 47.Kijan w ka ankouraje fanmi w pou yo ekri istwa pèsonèl yo pandan semèn nan? Ou ta gen dwa pataje kèk nan jounal pèsonèl ou oubyen pataje yon iswa sou yon zansèt ou (gade FamilySearch.org). Gen kèk fanmi ki rezève kèlke minit chak semèn pou chak moun ekri nan jounal yo. Ou gen dwa bay kèk ti pouch pou yo ka ekri nan jounal yo, tankou “Kisa k pase nan semèn sa a ke w ta renmen pitit pitit ou konnen?” oubyen “Kijan w te wè men Senyè a nan lavi w semèn sa a?” Jèn timoun yo gen dwa fè desen sou eksperyans yo, oubyen ou gen dwa anrejistre yo pandan y ap rakonte istwa yo. Ki benediksyon ki genyen nan kenbe yon “istwa regilyèman”? (vèsè 1).

Doktrin ak Alyans 48.Yo te kòmande Sen nan Ohio yo pou yo te pataje tè yo te posede avèk moun ki te soti nan eta Lès Etazini pou yo te vin Ohio yo. Kisa nou ka pataje pou nou ka reponn ak bezwen lòt moun?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Kantik yo sigjere: “Ai-je fait du bien?” (Cantiques, 1954, no. 194)

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa ak egzanp. Sovè a te souvan itilize istwa ak parabòl pou l te anseye prensip levanjil yo. Panse sou egzanp ak istwa nan pwòp lavi pa w ki ka fè yon prensip levanjil vin vivan pou fanmi ou (gade Anseye nan fason Sovè a, 22).

Imaj
moun ki legliz

Papa nou ki nan Syèl la bay pitit li don espirityèl pou beni lavi lòt moun.

Enprime