Doktrin ak Alyans 2021
15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133-134: “Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a”


“15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134: ‘Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
senk vyèj saj yo

Mesye marye a Vini, pa Elizabeth Gibbons

15–21 Novanm.

Doktrin ak Alyans 133-134

“Prepare nou pou vini Mesye Marye a”

Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Retablisman levanjil la te kòmanse avèk yon enb kesyon ki te medite nan yon fwaye enb, e sa ka kontinye nan chak fwaye nou yo” (“Yon Fwaye kote Lespri Bondye a Demere,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2019, 25).

Ekri enpresyon ou

Lè legliz la te genyen apèn 19 mwa, Pwofèt Joseph Smith ak lòt dirijan nan Legliz la te fè gwo plan pou yo te konpile revelasyon Bondye te bay nan dènye jou yo nan yon sèl volim epi enprime 10.000 kopi—defwa kantite premye edisyon Liv Mòmon an. Malerezman, pri ki te twò wo te ralanti plan sa yo, epi foul bandi te atake enprimri Legliz la pandan enpresyon an t ap pwogrese. Yo te gaye paj dekole yo, epi malgre kèk Sen kouraje te prezève kèk nan yo, okenn kopi konplè Liv Kòmandman an pa sanble yo te siviv.

Sa nou konnen kòm seksyon 133 nan Doktrin ak Alyans la te sipoze vin yon apendiks pou Liv Kòmandman yo, tankou yon pwen desklamasyon nan fen revelasyon Senyè a ki te pibliye yo. Li bay avètisman sou yon jou jijman k ap vini epi li repete apèl nou jwenn atravè tout revelasyon modèn yo: kouri kite bagay mond lan, ke Babilòn senbolize; bati Siyon; prepare pou Dezyèm Vini an; epi simaye mesaj sa a “nan chak nasyon, chak fanmi, ak chak lang, ak chak pèp” (vèsè 37). Menmsi plan orijinal pou Liv Kòmandman an pa t abouti, revelasyon sa a se yon rapèl ak yon temwayaj ke moun pa ka kontrekare travay Senyè a , “paske li pral leve bra sakre li … , epi tout kwen tè a pral wè sali Bondye yo a” (vèsè 3).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 133

Verite nan Doktrin ak Alyans yo ka prepare m pou m fè travay Bondye a.

Yon liv souvan fini avèk yon konklizyon ki reyafime oubyen rezime pwen esansyèl liv la. Seksyon 133 a alorijin te sipoze konklizyon Liv Kòmandman an, epi li enpòtan pou w li seksyon sa a avèk sa nan lespri ou. Ki pwen Senyè a vrèman ensiste sou li konsènan travay Li a? Kisa vèsè 57–62 yo anseye w sou wòl Sovè a vle nou jwe nan travay Li a?

Doktrin ak Alyans 133:1–19

Senyè a vle m prepare m pou Dezyèm Vini L lan.

Ni seksyon 1 an, prefas Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo, ni seksyon 133 a, apendis orijinal pou liv la, kòmanse avèk menm siplikasyon an Senyè a fè: “Koute, O noumenm pèp legliz mwen an” (Doktrin ak Alyan 1:1; 133:1). Kisa sa vledi pou nou koute? (gade nan Gid Ekriti yo, “Koute,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ki envitasyon oubyen kòmandman Senyè a vle pou nou koute nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 133:1–19 la? Kisa w santi w enspire pou w fè pou pi byen prepare w pou lè L vini? Kijan w pral ede moun ki antoure w yo prepare?

Gade tou nan Matye 25:1–13; D. Todd Christofferon, “Prepare pou Retou Senyè a,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2019, 81-84.

Doktrin ak Alyans 133:19–56

Dezyèm Vini an pral pote anpil lajwa pou moun ki jis yo.

Pandan w ap li nan Doktrin ak Alyans 133:19–32 a konsènan evenman yo ki pral akonpaye Dezyèm Vini Sovè a, ou gen dwa medite sou sa deskripsyon evenman sa yo sigjere pou ou konsènan Sovè a ak travay Li a. Ki aplikasyon espirityèl posib ou ka jwenn nan deskripsyon sa yo?

Pandan w ap li deskripsyon sou retou Sovè a nan vèsè 32–56 yo, kisa ki fè w vrèman anvi pou gran jou sa a rive? Ki mo oubyen fraz ki dekri lanmou Sovè a pou pèp Li a? Panse pou w ekri eksperyans pèsonèl ou fè avèk “bon jantiyès Sovè [w] la, ak tout sa li te devèse sou [ou] akoz bonte li” (vèsè 52).

Doktrin ak Alyans 134

“Bondye te etabli gouvènman yo pou benefis lòm.”

Relasyon premye Sen yo avèk gouvènman an te konplèks. Lè yo te fòse Sen yo kite Konte Jackson, Missouri, an 1833 la, yo pa t resevwa okenn sipò ni konpansasyon nan men gouvènman lokal ni gouvènman nasyonal malgre yo te fè apèl pou èd. Nan menm moman sa a, kèk moun andeyò Legliz la te entèprete ansèyman sou Siyon yo kòm yon bagay ki vledi ke Sen yo te rejte otorite gouvènman terès yo. Doktrin ak Alyans 134 la te ekri, an pati, pou klarifye pozisyon legliz la sou gouvènman.

Kòman manm Legliz la ta dwe santi yo konsènan gouvènman yo? Pandan w ap etidye seksyon 134 la, anvizaje pou w fè de lis: yon lis sou prensip ou aprann sou gouvènman yo ak yon lòt sou responsablite sitwayen. Kijan ide sa yo ta ka petèt itil pou premye Sen yo? Kòman yo aplike kote w ap viv la?

Gade tou nan Atik Lafwa yo 1:11–12; Sijè Levanjil, “Libète Relijyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 133:4–14Opoze espirityèl Siyon se Babilòn—yon ansyen vil ki atravè ekriti yo senbolize mechanste ak esklavaj espirityèl (gade nan D. Todd Christofferson, “Vini nan Siyon,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2008, 37; Gid Ekriti yo, “Babel, Babilòn,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Èske gen yon bagay ou bezwen fè kòm yon fanmi pou, nan yon sans espirityèl, “soti … kite Babilòn” (vèsè 5) epi kontinye … “avanse sou wout pou … Siyon”? (vèsè 9).

Doktrin ak Alyans 133:20–33.Pandan y ap li vèsè sa yo ansanm, fanmi ou gen dwa desine foto sou sa yo panse Dezyèm Vini an pral sanble. Ou gen dwa chante yon kantik sou Dezyèm Vini an ansanm tou, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46–47), epi diskite kisa fanmi w ka fè pou prepare pou Vini L lan.

Doktrin ak Alyans 133:37–39.Èske fanmi w t ap enterese nan li vèsè sa yo “avèk yon vwa fò”? (vèsè 38). Kisa sa vledi pou n pataje levanjil la avèk yon vwa fò? Ki verite nou ka pataje?

Doktrin ak Alyans 134:1–2.Pou ede fanmi w konprann enpòtans gouvènman an, ou ka diskite kesyon tankou sa yo: Kijan fanmi w beni poutèt prensip yo genyen yo? Kouman peyi w beni poutèt lwa yo? Ou gen dwa fè oubyen kolore foto drapo peyi w tou oubyen aprann setyèm ak douzyèm atik lafwayo pa kè.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chann yo sigjere: ““Vrais disciples du Seigneur,”,” Cantiques, no.27

Amelyore etid pèsonèl

Anseye doktrin senp ak klè. Senyè a dekri levanjil Li a avèk mo tankou “klate” ak “senplisite”(Doktrin ak Alyans 133:57). Kisa mo sa yo sigjere w sou anseye fanmi w levanjil la?

Imaj
Kris la nan wòb wouj

Kris la nan Wòb Wouj Li a, pa Minerva Teichert

Enprime