Doktrin ak Alyans 2021
Konvèsyon se objektif nou


“Konvèsyon se objektif nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2020 (2020)

“Konvèsyon se objektif nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo

Konvèsyon se objektif nou

Bi tout sa n ap aprann ak tou sa n ap anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou nan Jezikri ak pou ede nou vin pi plis menmjan avèk Li. Pou rezon sa a, lè n ap etidye levanjil la, nou p ap sèlman chèche nouvo enfòmasyon; men, nou vle vin yon “nouvo kreyati” tou (gade 2 Korentyen 5:17). Sa vledi pou nou apiye nou sou Kris la pou chanje kè nou, pèsepsyon nou, aksyon nou, ak menm nati nou.

Men, kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen chanjman konvèsyon mirakile sa a pa rive toudenkou. Li ale odela kad yon klas e li fèt nan kè yon moun ak nan fwaye li. Li mande efò pèsistan chak jou pou n ka konprann levanjil la ak pou n viv li. Men, Papa nou ki nan syèl la pa mande pou nou fè l poukont nou—L ap voye Sentespri a pou ede nou vin konvèti.

Sentespri a gide nou pou n jwenn laverite epi li rann nou temwayaj konsènan verite sa a (gade Jan 16:13). Li eklere lespri nou, li akselere konpreyansyon nou, epi li touche kè nou pa revelasyon nou resevwa nan men Bondye, ki se sous tout verite a. Sentespri a pirifye kè nou. Li ba nou dezi pou n viv selon verite a, epi li enspire nou ki fason pou nou fè sa. Reyèlman, “Sentespri a … ap anseye [nou] tout bagay” (Jan 14:26).

Se poutèt sa, nan efò nou pou nou viv, aprann ak anseye levanjil la, nou dwe toudabò chèche konpayi Sentespri a. Bi sa a dwe gouvène chwa nou e gide panse nou ak aksyon nou. Nou dwe chèche tout sa ki envite enfliyans Lespri a epi rejte tout sa ki chase enfliyans sa a—paske nou konnen, si nou ka diy pou n gen prezans Sentespri a, nou ka diy pou nou viv nan prezans Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, tou.