Doktrin ak Alyans 2021
10–16 Me. Doktrin ak Alyans 49–50: “Bagay ki soti nan Bondye li se limyè”


“10–16 Me. Doktrin ak Alyans 49–50: ‘Bagay ki soti nan Bondye li se limyè’“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“10–16 Me. Doktrin ak Alyans 49–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Ma dlo nan solèy k ap leve

10–16 Me.

Doktrin ak Alyans 49–50

“Bagay ki soti nan Bondye li se limyè”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 49–50 la, chèche mesaj oswa prensip ke w santi ki ap espesyalman siyifikatif pou timoun w ap anseye yo. Gen kèk yo sigjere nan plan leson sa a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi ede timoun yo pale de kijan Jezikri se yon bon bèje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 49:12–14

M ka vin suiv Jezikri.

Ede timoun yo konprann ke yo kapab suiv Jezikri nan kwè nan li, repanti, batize epi resevwa Sentespri a.

Aktivite posib

  • Ekspoze kat enprent pye an papye ak kat foto ki reprezante kwè nan Jezikri, repanti, batize, ak resevwa Sentespri a. Li Doktrin ak Alyans 49:12–14, epi mande timoun yo pou yo lonje dwèt yo sou foto korèk la lè yo chak mansyone nan vèsè yo. Kite yo ede w plase enprent pye yo atè a avèk foto yo bò kote yo, epi envite yo pou yo mache sou enprent pye yo lè tou pa yo rive. Rann temwayaj ou ke lè nou fè bagay ki nan foto sa yo, nou ap suiv Jezkri.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou nou fè maryonèt pou dwèt ki ka ede timoun yo aprann kijan yo kapab suiv Jezikri lè yo gen lafwa, repanti, batize ak resevwa don Sentespri a.

Doktrin ak Alyans 50:23–25

Limyè espirityèl mwen kapab vin pi klere e kontinye ap vin pi klere.

Konsèp abstrè tankou verite ak espri kapab difisil pou jèn timoun konprann, men si w konpare yo avèk limyè, jan Senyè a fè nan Doktrin ak Alyans 50:23–25 la, sa kapab ede.

Aktivite posib

  • Itilize yon aktivite ki montre kijan limyè espirityèl nou kapab vin pi klere epi kontinye ap vin pi klere. Ou ta kapab montre foto bagay ki bay limyè (tanko yon balèn, yon anpoul, ak solèy la) epi kite timoun yo ranje yo nan lòd sa ki bay plis limyè a dabò). Oubyen envite yo pou yo pretann ke yo se limyè ki ap vin pi klere pandan y ap bese ak kanpe lantman epi detire bra yo. Ede yo panse a bon bagay yo kapab fè pou rann limyè espirityèl yo pi klere.

  • Chante avèk yo yon chan sou limyè espirityèl yo, tankou “Petite est la lumière en moi” (Chants pour les enfants, 96). Temawaye sou jan Pè Selès la ede limyè w vin pi klere. Pale timoun yo de limyè ou wè nan yo.

Doktrin ak Alyans 50:41–44

Jezikri renmen m.

Jezikri se Bon Bèje a. Nou se mouton l yo, e li renmen nou chak. Kisa ki ap ede timoun w ap anseye yo santi lanmou l pou yo?

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezikri avèk timoun (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 47, 84, ou 116), epi mande timoun yo kijan yo fè konnen Jezi renmen yo. Pataje kijan Jezi renmen oumenm ak chak timoun yo ki nan klas la.

  • Fè mouton an papye, ekri non timoun ki nan klas la sou yo, epi sere yo nan sal la. Montre yon foto Sovè a, epi li Doktrin ak Alyans 50:41–42. Ede timoun yo konprann kisa vèsè sa yo anseye sou jan Jezikri santi l apwopo de yomenm. Kite yo jwenn mouton yo nan sal la epi mete yo sou tablo a pre foto Jezikri a pou “pa gen youn… k ap pèdi.” (vèsè 42).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 49:12–14

M ka suiv Jezikri.

Senyè a bezwen pou nou tout anseye lòt ke yo kapab vin jwenn ni si yo gen lafwa, repanti, batize epi resevwa Sentespri a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo konpare Doktrin ak Alyans 49:12–14 avèk sa Pyè te anseye nan Travay 2:38 yo ak nan katriyèm atik lafwa a. Ki resanblans yo jwenn? Poukisa verite sa yo enpòtan?

  • Envite timoun yo travay de pa de epi pou yo pretann ke youn ladan yo anvi konn kijan pou l suiv Jezikri. Lòt timoun nan kapab anseye l pandan l ap itilize Doktrin ak Alyans 49:12–14 la.

Doktrin ak Alyans 49:15–17

Maryaj ant gason ak fi se yon bagay ki esansyèl nan plan Bondye a.

Timoun w ap anseye yo kapab rankontre mesaj ki lakoz konfizyon osijè maryaj. Doktrin ak Alyans 49:15–17 kapab ede yo konprann kijan Senyè a santi l apwopo maryaj.

Aktivite posib

  • Eksplike ke Shakers yo sete yon gwoup ki te kwè moun pa ta dwe marye (gade nan antèt seksyon Doktrin ak Alyans 49 la). Envite timoun yo jwenn bagay Senyè a te anseye konsènan maryaj nan Doktrin ak Alyans 49:15–17.

  • Ede timoun yo konprann sa fraz “maryaj se yon bagay Bondye òdone” a vle di. Envite yo travay pa pè pou yo konpare Doktrin ak Alyans 49:15–17 avèk twa premye paragraf yo nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Poukisa maryaj enpòtan konsa pou Pè Selès la?

  • Chante ansanm dezyèm vèsè nan “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les Enfants, 98) oubyen yon lòt kantik sou fanmi. Ede timoun yo panse a fason yo ka prepare yo pou yo marye nan tanp yon jou epi pou yo gen yon fanmi etènèl.

    Imaj
    Koup ki deyò yon tanp

    Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

Doktrin ak Alyans 50:40–46

Jezikri se Bon Bèje a.

Doktrin ak Alyans 50:40–46 gen ladan imaj ki ka ede timoun w ap anseye yo konprann kijan Sovè a santi l apwopo yomenm.

Aktivite posib

  • Fè yon jwèt korespondans ki itilize fraz ki sot nan Doktrin ak Alyans 50:40–46 la. Paregzanp, ou ta kapab ekri “Pa pè, timoun yo,” sou yon kat ki t ap koresponn avèk yon lòt kat ki di “paske nou pou mwen,” (vèsè 41). Li Doktrin ak Alyans 50:40–46 ansanm. Apre sa, melanje kat yo atè a, sou yon tab, oswa sou tablo a, epi mande timoun yo pou yo fè yo koresponn a fraz yo. Kisa istwa sa yo anseye nou sou Jezikri?

  • Pou ede timoun yo konprann kijan Sovè a tankou yon bon bèje, epi mande yo pou yo li Doktrin ak Alyans 50:40–46 ansanm. Apre sa, pase videyo “Jesus Declares the Parable of the Lost Sheep” (ChurchofJesusChrist.org), epi mande yo pou yo jwenn yon bagay nan videyo a ki raple yo sa yo te li deja. Kijan Jezikri sove nou? Kijan nou ka yon bèje pou lòt moun?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Prepare yon nòt pou chak timoun avèk mo sa yo: Poze m kesyon sou . Kite timoun yo ranpli espas vid yo avèk yon bagay yo te aprann nan klas la (ba yo èd si sa nesesè) epi tache nòt la nan rad yo pou fasilite yon diskisyon lakay yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Modifye aktivite yo selon laj timoun w ap anseye yo. Lè timoun ap grandi, yo ka kontribye pi plis nan klas la. Yo gen plis eksperyans e yo kapab pi bon nan pataje panse yo. Lè w ap anseye timoun ki pi jèn, ou kapab bezwen eksplike plis ke lè se timoun ki pi gran. Toujou bay timoun yo yon opòtinite pou yo patisipe pou kont yo, epi apre sa ede yo selon jan sa nesesè.

Enprime