Doktrin ak Alyans 2021
17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57: “Yon responsab fidèl, ki jis epi ki saj”


“17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57: ‘Yon responsab fidèl, ki jis epi ki saj’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè

Imaj
kiltivatè avèk bèf

First Furrow, pa James Taylor Harwood

17–23 Me

Doktrin ak Alyans 51–57

“Yon responsab fidèl, ki jis epi ki saj”

Anplis de ide ki sigjere la a, Lespri a kapab pouse w pou w konsantre sou yon lòt bagay nan Doktrin ak Alyans 51–57 la ki kapab enpòtan pou timoun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon Ou.

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kite timoun ki vle pataje yon bagay yo ap aprann tire nimewo nan yon kontenè pou detèmine kiyès ladan yo ki ap pale avan lòt.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 51:9

M ka onèt.

Anpil jèn timoun toujou ap aprann kisa sa vle di pou moun di laverite. Konsidere kijan ou ta kapab ranfòse enpòtans pale ak aji onètman.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo nan Doktrin ak Alyans 51:9: “Se pou chak moun fè aksyon onèt” (gade tou Atik Lafwa 1:13). Mande timoun yo si yo konnen kisa onèt vle di. Pou ede yo konprann pi byen, ba yo egzanp aksyon ki onèt.

  • Pataje kèk istwa senp sou timoun ki fè fas ak desisyon konsènan onètete, tankou desizyon pou yo admèt lè yo te fè yon bagay ki pa bon. Sèvi avèk foto, maryonèt an chosèt, poupe an papye pou rann istwa yo pi enterean. Mande timoun yo si moun sa yo onèt ou malonèt.

  • Chante yon chan sou onètete, tankou “Défends le bien” (Chants pour les enfants, 81). Rann temwayaj ou sou rezon ki fè li enpòtan pou moun onèt.

Doktrin ak Alyans 52:10; 53:3; 55:1

Moun resevwa don Sentespri a pa enpozisyon dè men.

Resevwa Sentespri a pa enpozisyon dè men mansyone plizyè fwa nan Doktrin ak Alyans 51–57. Sa ta kapab yon bon opòtinite pou anseye timoun yo konsènan òdonans sa a.

Aktivite posib

  • Montre foto yon timoun ki ap konfime (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 105). Envite timoun yo dekri sa k ap pase nan chak foto. Mande yo pou yo bat bravo lè yo tande “enpozisyon dè men” pandan w ap li youn oubyen plis nan vèsè sa yo: Doktrin ak Alyans 52:10; 53:3; 55:1.

  • Pale yo de lè w te resevwa don Sentespri a pa enpozisyon dè men apre w te fin batize. Ede yo prepare yo pou yo resevwa don sa a yomenm. Diskite avèk yo sou fason nou kapab envite Lespri a nan lavi nou.

  • Chante “Le Saint-Esprit” (Chants pour Les Enfants, 56) oubyen yon chante ki sanble avèk li. Siyale mo ak ekspresyon ki anseye konsènan don Sentespri a.

    Imaj
    yon tigason k ap konfime

    Ilistrasyon yon tigason ki ap konfime pa Dan Burr

Doktrin ak Alyans 54:4–6

Mwen dwe toujou respekte pwomès mwen.

Leman Copley te fè alyans pou l te kite Sen ki te soti Colesville, New York yo rete sou tè l la nan Ohio. Men apre yo te fin rive, li pa t respekte alyans li an epi li te mete yo deyò.

Aktivite posib

  • Pataje avèk timoun yo sa ki te rive Sen yo ki te vin viv sou tè Leman Copley a (gade nan antèt seksyon Doktrin ak Alyans 54 la; gade tou nan “Chapit 21: Yon Revelasyon pou Abite nan Missouri,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 81–83). Ede yo konsidere kijan Sen yo kapab te santi yo lè Leman pa t respekte pwomès li a.

  • Koupe yon kè an papye an mwatye, epi bay chak mwatye a de timoun diferan. Mande yo pou yo kenbe mwatye pa yo a anlè ansanm pou yo fè yon kè antye. Kite lòt timoun yo fè tou pa yo pou yo kenbe yon pati nan kè a anlè. Ede yo konpare sa avèk pwomès oswa alyans nou fè avèk Bondye yo. Bondye ap toujou respekte pati pa l la nan alyans lan si nou respekte pa nou an.

  • Raple timoun yo ke lè y ap batize, yo pral fè alyans oubyen pwomès, pou yo obeyi kòmandman Bondye yo. Li pou yo nan Doktrin ak Alyans 54:6 kijan Senyè a beni moun ki respekte alyans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 51:1955

Mwen ka sèvi avèk benediksyon Bondye ban mwen yo pou m beni lòt moun.

Senyè a ba nou chak don ak benediksyon nou kapab itilize pou bati kwayòm li an.

Aktivite posib

  • Kache mo sa yo: “fidèl,” “jis,” ak “saj” yon kote nan sal la. Envite timoun yo pou yo jwenn mo yo nan sal la epi pou yo jwenn yo nan Doktrin ak Alyans 51:19. Li vèsè a ansanm, epi pale de kisa sa vle di lè yon moun se yon responsab. Si sa nesesè, li ansanm premye paragraf la sou “Responsab, Responsablite” a nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  • Pale timoun yo de William W. Phelps, ki te yon piblikatè jounal anvan l te tande levanjil la epi l te vin rete Kirtland. Mande yo pou yo li Doktrin ak Alyans 55:1–4 epi pou yo fè yon lis sa Bondye te vle pou William fè. Kiyès nan bagay sa yo ki kapab aplike a nou tout, epi kiyès ladan yo ki konsène William espesyalman akoz de talan l yo? Mande timoun yo pou yo idantifye talan youn wè nan lòt, epi pou yo diskite kijan yo kapab itilize talan sa yo pou yo sèvi Bondye ak pitit li yo.

Doktrin ak Alyans 52:14–19

Bondye gen yon modèl pou ede m pou Satan pa twonpe m.

Nan vèsè sa yo, Senyè a te bay yon modèl pou “ [nou] pa twonpe” (Doktrin ak Alyans 52:14) pa fo enstriktè ak fo mesaj.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo egzanp yon modèl (tankou yon modèl pou koud rad oswa fè yon bagay) epi pale de rezon ki fè modèl yo itil. Pou ede timoun yo aprann konsènan yon modèl Senyè a bay, ekri sou tablo a ekspresyon tankou Yon moun ki , moun sa a se , moun ki  m ap fè l , epi moun ki pa  li pa . Envite timoun yo li Doktrin ak Alyans 52:15–18 Poukisa modèl sa a itil nou? (gade nan vèsè 14, 19).

  • Desine yon bagay senp, epi envite timoun yo pou yo suiv modèl ou a pou yo fè menm desen an. Apre sa eksplore avèk yo modèl Senyè a ki ekri nan Doktrin ak Alyans 52:14–19.

Doktrin ak Alyans 54

Mwen dwe toujou respekte alyans mwen yo.

Menm si alyans nou yo pèsonèl, fidelite nou nan respekte yo kapab afekte lavi lòt moun. Istwa Leman Copley a ak Sen ki te soti Colesville, New York yo ilistre verite sa a.

Aktivite posib

  • Pataje avèk timoun yo sa ki te rive lè Sen ki te soti Coleville, New York yo, te tabli sou tè Leman nan (gade antèt seksyon Doktrin ak Alyans 54 la; gade tou nan “Chapit 21: Yon Revelasyon pou Abite nan Missouri,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 81–82). Kijan w tap santi w si w te youn nan Sen sa yo epi w te vin dekouvri ke Leman pa t respekte alyans li te fè pou l pataje tè l la? Kisa istwa sa a anseye nou sou kenbe alyans nou yo? Li ansanm Doktrin ak Alyans 54:6 pou aprann konsènan yon benediskyon Senyè a bay moun ki respekte alyans yo.

  • Fè timoun yo sonje pwomès yo te fè lè yo te batize a (gade nan Mozya 18:8-10 Ede yo panse a fason yo respekete alyans sa yo, epi ede yo wè kijan sa ap prepare yo pou yo fè lòt alyans nan lavni.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Si timoun yo te sanble yo renmen youn nan aktivite yo, sigjere ke yo refè aktivite sa a ankò lakay yo avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Viv sa w ap anseye yo. Ansèyman w lan ap pi puisan si w ka temwaye apati eksperyans pèsonèl ou konsènan benediksyon viv levanjil la pote pou nou. Pandan w ap seleksyone prensip pou anseye timoun yo, medite sou kijan w ka viv prensip sa yo pi totalman. (Gade tou nan Anseye nan Fason Sovè a, 13–14.)

Enprime