Doktrin ak Alyans 2021
5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76: “Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral Etènèl.”


“5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76: ‘Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral Etènèl.”,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
galaksi nan lespas

Refij pa Shaelynn Abel

5–11 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 76

“Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl.

Lè w ap etidye Doktrin ak Alyans 76 la, medite sou sa Pè Selès la vle pou pitit Li yo nan klas la konnen konsènan Limenm, Sovè a, yomenm ak destine etènèl yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun foto aktivite oswa paj aktivite nan plan semèn sa a. Kite yo di w kisa yo wè nan foto sa yo ak sa yo sonje yo te aprann.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 76:24

Nou tout se pitit yon Bondye vivan.

Prezidan Dallin H. Oaks te di ke si nou anseye “yon jèn moun ide puisan ke li se yon pitit Bondye” a, nou kapab ba li “respè tèt li ak motivasyon pou l travèse pwoblèm lavi yo” (“Powerful Ideas,” Ensign, Nov. 1995, 25).

Aktivite posib

  • Pou ede yo timoun konprann potansyèl yo pou yo vin tankou Bondye, chèche fason pou montre ke zannimo bebe yo grandi pou yo vin tankou paran yo—petèt timoun yo ta kapab fè foto zannimo yo korespon a foto zannimo bebe yo. Ouvri ekriti yo nan Doktrin ak Alyans 76:24, epi ki timoun ke nou tout se “pitit gason ak pitit fi Bondye.” Rann temwayaj ou ke Bondye se Papa nou e ke nou kapab grandi pou nou vin tankou Paran Selès nou yo.

  • Chante ansanm “Je suis enfant de Dieu” (Chants pour les Enfants, 2–3), epi envite timoun yo lonje dwèt yo sou tèt yo pandan y ap chante “Mwen.” Mande yo pou yo chante chan an ankò, pandan y ap ranplase “Mwen Se” pa “ou se” epi lonje dwèt ou sou yon lòt moun nan klas la.

Doktrin ak Alyans 76:40–42

Jezikri se Sovè mond lan.

Mo levanjil la vle di bòn nouvèl. Bon nouvèl ke levanjil la pote a sè ke Jezikri “te vini nan mond lan … pou l netwaye l anba tout enjistis.” (vèsè 41).

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de kèk bon nouvèl ou te tande resamman. Mande yo pou yo pataje bon nouvèl yo te tande yo. Apre sa, pataje avèk yo bon nouvèl levanjil la nan li Doktrin ak Alyans 76:41–42. Mande timoun yo kijan bon nouvèl sa a fè yo santi yo. Pataje avèk yo jwa bon nouvèl sa a pote pou ou.

  • Montre yon foto Jezikri. Mande yo si yo konnen kisa Jezikri te fè pou nou. Montre yo yon bagay sal ak yon bagay pwòp (tankou yon mouchwa pòch oubyen yon fèy papye), epi eksplike ke peche se tankou salte nan lespri nou, men Jezikri te vini pou L te ede nou vin pwòp ankò.

    Imaj
    Jezi avèk timoun yo

    Kite Timoun Yo, pa J. Kirk Richards

Doktrin ak Alyans 76:62

Pè Selès la vle pou m retounen viv avèk Li pou tout tan.

Vizyon Joseph Smith ak Sidney Rigdon lan konsènan wayòm selès te revele gwo benediksyon Bondye prepare pou pitit Li yo, osibyen ke bagay nou dwe fè pou nou resevwa benediksyon sa yo.

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de twa wayòm glwa yo ke Joseph ak Sidney te wè nan vizyon yo a. (Ou ta kapab li pou timoun yo yon pati nan oswa tout “Chapit 26: Twa Wayòm Syèl la” [Istwa Doktrin ak Alyans yo, 97–103] oubyen pase videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org.) Mande timoun yo kisa yo konnen apwopo de vizyon an. Mete aksan espesyalman sou deskripsyon wayòm selès la, epi temwaye ke se la Pè Selès la vle pou nou chak ye.

  • Li pou yo Doktrin ak Alyans 76:62, epi envite yo pou yo desine foto tèt yo avèk Pè Selès ak Jezikri nan wayòm selès la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 76:5, 41–42, 69

Jezikri se Sovè mwen.

Ede timoun yo konprann ke benediksyon gloriye Bondye pwomèt a moun ki fidèl yo nan vi ki ap vin an posib sèlman akoz de Sovè a Jezikri.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a Kisa Jezi fè pou mwen? Mande chak timoun pou yo li an silans vèsè 5, vèsè 41–42, oswa vèsè 69 nan seksyon 76 la, pandan y ap chèche repons posib pou kesyon ki sou tablo a. Kite yo pataje repons yo (gade tou nan “Il envoya son Fils aimé,” Chants pour les Enfants 20–21). Kijan nou ka montre gratitid nou pou sa Sovè a fè pou nou?

  • Ekri twazyèm atik lafwa a sou tablo a, kite espas nan plas mo kle yo. Bay timoun yo mo ki manke sou kèk moso papye, epi envite yo mete mo yo nan plas kòrèk yo sou tablo a. Kisa atik lafwa sa a anseye nou sou rezon ki fè nou bezwen Jezikri? (gade tou video “Poukisa nou bezwen yon Sovè,” ChurchofJesusChrist.org).

Doktrin ak Alyans 76:12, 15–19, 114–16

Etidye ekriti yo kapab ede nou “konprann bagay Bondye yo.”

Joseph Smith ak Sidney Rigdon te resevwa Doktrin ak Alyans 76 la lè yo t ap medite sou ekriti yo. Ede timoun wè kijan etidye ekriti yo kapab envite revelasyon pa lantremiz Sentespri a.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo si yo konnen kisa Joseph Smith ak Sidney Rigdon t ap fè lè te wè vizyon an nan Doktrin ak Alyans 76. la. Envite yo li vèsè 15–19 pou yo ka konnen. Pataje yon lè kote w te resevwa enspirasyon pandan w t ap li ekriti yo, epi mande timoun yo pou yo pale de santiman espirityèl yo genyen lè yo li ekriti yo.

  • Mande yo pou yo fèmen je yo epi eseye fè yon travay, tankou kolorye yon foto oswa ouvri ekriti yo nan vèsè espesyal. Ki bagay ki difisil pou nou fè lè je nou fèmen espirityèlman? Li ansanm Doktrin ak Alyans 76:12, 15–19, 114–16 pou w ka konnen kisa nou bezwen fè pou je nou ka ouvè espirityèlman.

Doktrin ak Alyans 76:50–70

Pè Selès la prepare yon wayòm glwa selès pou mwen.

Konesans konsènan glwa selès Bondye prepare a kapab enspire timoun yo pou yo “simonte pa lafwa” (vèsè 53) eprèv yo ak tantasyon yo rankontre yo.

Aktivite posib

  • Si yon moun te mande nou: “Poukisa m dwe suiv Jezikri ak respete kòmandman?” L yo, kisa nou t ap di? Envite yo pou yo chèche repons nan Doktrin ak Alyans 76:50–70 la, ki dekri moun ki resevwa lavi etènèl nan wayòm selès la. Kite yo fè yon mizansèn lè y ap reponn kesyon an. Rann temwayaj ou konsènan gwo benediksyon Pè Selès la prepare pou nou si nou suiv Jezikri.

  • Desine yon gwo foto solèy la sou yon moso papye, epi koupe l an plizyè moso kastèt. Bay chak timoun yo yon moso. ansanm avèk pasaj ekriti pou yo li: Doktrin ak Alyans 76:51; 76:52; 76:53; 131:1–2. Mande timoun yo pou yo jwenn nan vèsè yo yon bagay ke nou dwe fè pou nou resevwa lavi etènèl nan wayòm selès la (kèk vèsè gen plis pase yon repons), epi ekri l sou moso solèy yo a. Lè yo travay ansanm pou sanble kastèt la, eksprime konfyans ou nan yo ke avèk èd Senyè y ap kapab kalifye pou wayòm selès la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo itilize aktivite semèn sa a pou yo anseye fanmi yo sa yo te aprann sou vizyon Joseph Smith ak Sidney Rigdon te fè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize ekriti yo. Menm si timoun w ap anseye yo po ko konn li, itilize ekriti yo souvan lè w ap anseye yo. Kite yo wè ke verite w ap pataje yo se nan Bondye yo soti.

Enprime