Doktrin ak Alyans 2021
12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80: “M ap Dirije W”


“12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80: ‘Mwen Ap Dirije W,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
brebi ki ap suiv Jezi

Ale Lakay, pa Yongsung Kim

12–18 Jiyè

Doktrin ak Alyans 77–80

“M ap Dirije W”

Lè w ap etidye Doktrin ak Alyans 77–80 an, chèche ekspresyon oswa vèsè ki ta kapab ede timoun yo konprann prensip levanjil yo pi byen. Santi w lib pou pataje vèsè ou jwenn yo, menm si yo pa prezante nan aktivite ki mansyone pi ba yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pataje kèk bagay ki fè yo rekonesan. Kisa yomenm ak fanmi yo fè pou montre Pè Selès la yo rekonesan pou benediksyon l yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 77:2

Bondye te kreye chak kreyati sou tè a.

Aprann konnen bagay Bondye te kreye yo kapab ede timoun yo santi lanmou l pou yo.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo foto zannimo, pami yo ensèk ak zwazo. Pandan w ap li mo “bèt,” “bagay ki ranpe yo,” ak “zwazo yo ki anlè a;” nan Doktrin ak Alyans 77:2 a, envite yo pou yo siyale foto ki gen rapò avèk mo sa yo. Temwaye ke Bondye te kreye tout bagay sa yo paske l renmen nou epi li vle pou nou gen kè kontan (gade tou nan Doktrin ak Alyans 59:16–20).

  • Chante avèk yo yon chante sou bagay Bondye kreye, tankou “Mon Père céleste m’aime” (Chants pour les Enfants, –16). Mande yo kijan bagay y ap chante yo ede yo santi lanmou Bondye.

    Imaj
    papiyon sou flè

    Bondye te kreye tè a ak tout sa ki ladan l.

Doktrin ak Alyans 78:6

M ka pataje sa m genyen avèk lòt moun.

Pè Selès la vle pou nou youn pataje benediksyon nou yo libreman avèk lòt pou nou kapab “egal nan bagay terès yo,” ak nan “bagay selès yo” (vèsè 6).

Aktivite posib

  • Pou anseye kisa “egal nan bagay terès yo” vle di (vèsè 6), bay timoun yo foto moun ki nan bezwen (tankou moun ki grangou, blese, oswa frèt). Apre sa, bay lòt timoun yo bagay ki t ap ede (tankou manje, yon pansman, oswa yon kouvèti). Envite timoun sa yo pou yo pataje sa yo genyen pou ede moun ki nan foto yo. Kite lòt timoun yo pran tou pou yo pataje pa yo. Ede timoun yo konprann ke Pè Selès la vle pou tout pitit li yo gen sa yo bezwen, epi pou fè sa li souvan mande nou pou nou pataje sa nou genyen avèk lòt moun.

  • Li fraz ki anba de premye foto nan “Chapit 28: Le Prophète retourne au Missouri” yo (Histoires Des Doctrine Et Alliances, 108). Mande timoun yo pou yo fè kòmsi y ap ede yon moun bati yon kay, pataje manje, oswa sèvi yon lòt fason. Kijan nou santi nou lè nou ap ede ak pataje? Ede timoun yo panse a bagay Jezikri pataje avèk nou.

Doktrin ak Alyans 78:18

Jezikri ap dirije m.

Si nou vle kite Senyè a “dirije [nou],” nou kapab gen“kè nou kontan,” menm si gen bagay nou “pa kapab sipòte … kounyeya” (vèsè 18).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pataje moman kote yo te yon lidè, tankou moun ki devan yon liy oubyen ki ap dirije mizik. Kisa yon dirijan fè? Montre yon foto Sovè a pandan w ap li pasaj sa a nan Doktrin ak Alyans 78:18 la: “Fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou.” Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo panse a jan nou kapab suiv Sovè a.

  • Envite timoun yo suiv Jezi, epi fè tou sal la pandan w kenbe yon foto li. Pandan w ap fè sa, chante yon chan ansanm konsènan suiv Jezikri, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” oubyen “Choisir le bien” (Chants pour les Enfants, 40–41, 82). Kite timoun yo fè tou pa yo nan kenbe foto a ak dirije lòt timoun yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 77

Mwen kapab resevwa repons kesyon m yo konsènan ekriti yo.

Anseye timoun yo kijan Joseph Smith te chèche repons pou kesyon l yo kapab ede yo konnen ke Pè Selès la ap reponn yo lè yo chèche èd li. Anvizaje pataje eksperyans kote w te resevwa repons nan men l.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo mo ki anba twa premye foto yo nan “Chapit 27: Le travail du prophète Joseph Smith:” la (Histoires Des Doctrine Et Alliances, 104). Mande yo si, menm jan avèk Joseph, yo konn janm santi ke yo pa t konprann yon bagay nan ekriti yo. Kite yo pataje ide yo. Kisa Joseph te fè pou l te ka jwenn repons? Pale yo de yon lè kote Pè Selès la te ede w konprann yon bagay nan ekriti yo.

  • Timoun w ap anseye yo ta kapab kontan li kèk nan vèsè nan Liv Revelasyon an Joseph Smith te gen kesyon sou li a. Apre sa, yo ta kapab gade nan Doktrin ak Alyans 77 pou wè kisa Senyè a te vle l konprann. Chwazi kèk vèsè ou santi ki t ap gen anpil siyifikasyon.

Doktrin ak Alyans 78:3–7

M ka ede “avanse koz” Jezikri a.

Nan sesyon 78, Senyè a te bay enstriksyon espesifik a plizyè dirijan nan Legliz la ki t ap ede “avanse koz” Senyè a (vèsè 4). Ede timoun yo reflechi sou kisa wòl yo ta kapab ye nan avanse koz Senyè a.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 78:4. Ki “koz” nou te “epouze” (asepte oswa chwazi pou nou sipòte) lè nou te batize? Ankouraje yo pou yo gade nan pasaj ekriti tankou sa yo pou repons posib: Mozya 18:8–10; Doktrin ak Alyans 20:37; Moyiz 1:39.

  • Eksplike yo ke Newel K. Whitney te gen yon magazen e ke Senyè a te mande limenm ak lòt nèg ankò pou yo te sèvi avèk enpe nan lajan yo pou ede peye pou travay Senyè a (gade nan Doktrin ak Alyans 63:42–43). Envite yo li Doktrin ak Alyans 78:3–7 epi chèche rezon ki fè yo te mande mesye sa yo pou yo te fè sa. Kijan nou t ap santi nou si yo ta mande nou pou nou pataje menmjan avèk Newel? Ede yo panse a fason moun kontribye nan travay Senyè a kounyeya, tankou peye dim ak ofrann jèn, sèvi nan apèl, eksetera.

Doktrin ak Alyans 78:19

Mwen dwe resevwa “tout bagay avèk rekonesans.”

Souvan Senyè a beni nou plis si nou rekonesan pou sa li deja banou. Kijan w kapab ede timoun w ap anseye yo pou yo rekonesan pou benediksyon yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 78:19 epi pou yo jwenn kisa Senyè a pwomèt moun ki rekonesan yo. Ede timoun yo konprann kisa “san fwa plis” vle di, petèt nan montre yo yon ti bagay epi apre sa 100 nan menm bagay la.

  • Chante yon chan sou gratitid/rekonesans, tankou “I Am Glad for Many Things” (Children’s Songbook, 151), oubyen gade videyo “Think to Thank” la nan (ChurchofJesusChrist.org). Bay timoun yo tan pou yo fè lis bagay yo rekonesan pou yo. Ankouraje yo mete nan lis la plis bagay posib nan tan ou ba yo a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Anvizaje kontakte paran timoun ou ap anseye yo epi sigjere yon kesyon yo ta kapab poze pitit yo konsènan yon bagay yo te aprann nan klas la.

Amelyore Ansèyman Nou

Temwaye konsènan benediksyon yo pwomèt yo. Lè w mande timoun Primè yo pou yo viv yon sèten prensip, pale yo de pwomès Bondye fè pa lantremiz pwofèt yo a moun ki viv prensip sa a. Gen yon egzanp pwomès ou ta kapab pataje nan Doktrin ak Alyans 78:19. (Gade tou nan Anseye nan Fason Sovè a, 35.)

Enprime