Doktrin ak Alyans 2021
(19–25 Jiyè. Doctrine and Covenants 81–83: “Moun ki resevwa anpil, y ap mande l anpil”


“19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81–83: ‘Moun ki resevwa anpil, y ap mande l anpil’“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81–83,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Kris la avèk jenòm rich la

Kris la ak Jenòm Rich la, pa Heinrich Hofmann

19–25 Jiyè

Doktrin ak Alyans 81–83

“Moun ki resevwa anpil, y ap mande l anpil”

Kijan revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 81–83 a ede timoun w ap anseye yo pou yo fè byen pami fanmi yo ak zanmi yo?

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pataje yon bagay yo te fè pou ede yon moun semèn sa a. Kijan sèvi lòt moun yo ede nou vin tankou Sovè a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 81:3

M dwe toujou priye tout tan.

Lè Senyè a te aple Frederick G. Williams pou l sèvi kòm yon konseye Pwofèt Joseph Smith, Li te konseye Frederick pou l “fidèl …nan priye tout tan.”

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo konsèy Senyè bay pou nou “fidèl … nan priye tout tan, byenfò epi nan kè ou, an piblik ak an prive” a (Doktrin ak Alyans 81:3). Eksplike kisa priye nan kè nou vle di, epi pataje yon egzanp pèsonèl. Ede timoun yo panse a kèk moman lè yo kapab priye “an piblik ak an prive.”

  • Montre yo kijan pou yo priye. Aksantye ke yo kapab remèsye Pè Selès la pou benediksyon yo epi mande L sa yo bezwen. Yon chan sou lapriyè, tankou “Merci, ô mon Père divin” (Chants pour les enfants), 9), kapab ede timoun yo konnen kisa pou yo di nan priyè yo. Bay chak timoun yo tou pa yo pou yo fè yon brèf priyè.

  • Mande yo pou yo panse a bagay ki fè yo ta dwe remèsye Pè Selès la ou bagay yo t ka mande li. Kite yo desine foto bagay sa yo epi pataje yo avèk klas la.

Doktrin ak Alyans 81:5; 82:19

Mwen ka sèvi moun ki bò kote m yo.

Pè Selès la konnen bezwen chak pitit li yo, epi souvan li itilize lòt moun yo —tankou timoun ou ap anseye yo—pou ede moun ki nan bezwen yo. Kijan w ka ede timoun yo rekonèt bezwen lòt yo ak sèvi yo?

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 81:5 pou timoun yo, epi ede yo konprann fraz tankou “pote moun ki fèb yo sekou” ak “leve men ki pandye yo.” Kite yo mime fason nou kapab fè sa Senyè a mande nan vèsè sa a. Itilize foto oswa videyo pou rakonte timoun yo istwa senp konsènan Jezikri ki ap sèvi lòt moun yo (gade nan Gospel Art Book, nimewo 41, 42, 46, 4755; biblevideos.ChurchofJesusChrist.org). Kijan nou ka suiv egzanp Sovè a nan ede lòt moun yo?

  • Chante katriyèm kouplè nan “Je ressens son amour” lan (Chants pour les Enfants, 42) oubyen yon lòt chante sou sèvis. Pale de yon tan lè yon moun te ede w santi lanmou Sovè a poutèt li te sèvi w.

  • Li Doktrin ak Alyans 82:19 pou timoun yo, pandan w ap met aksan sou fraz “chèche enterè pwochen yo.” Ekplike ke sa vle di fè bagay ki ede pwochen nou yo—ansanm avèk fanmi nou. Ede yo panse a fason yo ka sèvi Jezikri nan sèvi lòt moun.

    Imaj
    ti gason k ap fouye twou

    Bondye mande nou pou sèvi lòt yo pou nou montre lanmou pou Li.

Doktrin ak Alyans 82:10

Bondye pwomèt benediksyon lè nou obeyi L.

Pandan y ap grandi, timoun yo gen dwa mande poukisa Bondye ban nou anpil kòmandman. Ou kapab ede yo konprann ke Li ban nou kòmandman yo pou beni nou.

Aktivite posib

  • Ede timoun panse a kòmandman ke Bondye ba nou yo (gade, pa egzanp, nan Egzòd 20:4–17; Matye 22:37–39; Doktrin ak Alyans 89:5–17). Desine foto yo sou tablo a pou ede timoun yo konprann ak sonje kòmandman sa yo. Bay egzanp kijan kòmandman Bondye yo kapab beni ak pwoteje nou.

  • Li pou yo, “10 Mwen menm Senyè a m anba obligasyon lè nou fe sa m di;” (Doktrin ak Alyans 82:10). Mande yo pou yo repete fraz sa a plizyè fwa avèk ou, epi panse a fason pou ede yo sonje l, tankou envite yo bat men sou rit fraz la. Temwaye ke lè nou obeyi kòmandman Bondye yo, Li respekte pwomès li yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 81:3

M ka priye “byenfò epi nan kè [m].”

Kijan w ka enspire timoun yo pou yo al kote Senyè a “nan priye tout tan” lè yo nan bezwen?

Aktivite posib

  • Envite yon moun li Dokrin ak Alyans 81:3, epi mande timoun yo kisa priye “nan kè [w]” vle di. Pataje yon eksperyans lè w te priye awotvwa nan kè w epi Senyè a te ede w. Mande yo tou pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo. Kijan lapriyè kapab mennen nou pi pre Pè Selès la.

  • Li oubyen chante avèk yo yon kantik sou lapriyè, tankou “La prière est comme un phare” oubyen “Instant de paix, moment si doux” (Cantiques, nimewo 75, 79). Envite timoun yo pataje yon fraz nan kantik la ki ede yo konprann yon bagay sou lapriyè. Ba yo tan pou yo medite sou sa yo ka fè pou amelyore priyè yo epi ak ide yo.

Doktrin ak Alyans 81:5

Bondye vle pou m sèvi ak fòtifye moun ki nan bezwen yo.

Ede timoun yo konprann ke gen anpil fason yo ka sèvi fanmi yo, zanmi yo ak pwochen yo chak jou.

Aktivite posib

  • Desine foto men ak jenou sou tablo a. Mande timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 81:5 pou yo aprann kisa Senyè di konsènan pati sa yo nan kò moun. Gade videyo “Pass It On” lan (ChurchofJesusChrist.org), oubyen pataje kijan oumenm ak timoun yo te wè moun kote youn ap ede ak sèvi lòt. Kijan nou kapab plis konnen moun ki nan bezwen bò kote nou? Envite timoun yo sèvi omwen yon moun semèn sa a. Pou ide sou jan pou nou sèvi lòt moun, chante yon chan sou sèvis, tankou “Have I Done Any Good?” (Hymns, no. 223).

  • Envite timoun yo fè tou pa yo nan ranje domino (oubyen lòt objè menm jan an) pandan y ap mansyone fason yo ka sèvi lòt moun. Mande yon timoun pou l ranvèse yon domino epi pou l remake kijan sa afekte lòt yo. Kijan sèvis nou ka gen yon efè menm jan an sou moun ki bò kote nou yo? (Gade tou videyo “Dominoes,” la nan ChurchofJesusChrist.org.) Pale de kijan sèvis emab yon moun te ankouraje w sèvi yon lòt moun.

Doktrin ak Alyans 82:8–10

Bondye pwomèt benediksyon lè nou obeyi L.

Lè timoun yo devlope konfyans nan pwomès Bondye yo, volonte yo pou yo obeyi kòmandman l yo ap ogmante.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo imajine ke yo gen yon zanmi ki panse ke Bondye ba yo twòp kòmandman. Mande yo pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 82:8–10 yon bagay ki tap ede zanmi yo a konprann poukisa Bondye bay kòmandman. Pataje kijan kòmandman Bondye yo beni w, epi envite yo pataje panse pa yo tou.

  • Pou ede timoun yo konprann pwomèt Pè Selès la fè nou, divize klas la an twa gwoup, epi bay chak gwoup youn nan ekriti sa yo pou yo li: Doktrin ak Alyans 1:37–38; 82:10; 130:20–21. Envite yo pataje sa yo aprann konsènan pwomès Pè Selès la. Kijan obeyisans nou afekte benediksyon nou kapab resevwa yo? Ede timoun yo panse a egzanp ki soti nan lavi yo oswa nan ekriti yo lè obeyisans te pote benediksyon ki sot nan Bondye.

  • Pataje yon eksperyans pèsonèl ki temwaye de prensip yo anseye nan Doktrin ak Alyans 82:8–10 yo. Kijan ou te rive vin kwè nan Senyè a ak pwomès Li yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo panse a kijan yo tap renmen sèvi yon moun nan fanmi yo semèn sa a. Nan leson semèn ki ap vini an, kite yo pataje sa yo te fè.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo vin pi bon aprenan. Anseye mwayen plis ke tou senpleman di yo verite a. Sa vle di ede lòt yo devlope otonomi espirityèl. Olye pou senpleman di timoun yo kijan yo ka sèvi lòt yo, pa egzanp, ankouraje yo panse a pwòp ide pa yo.

Enprime