Doktrin ak Alyans 2021
26 Jiyè–1e Out. Doktrin ak Alyans 84: “Pouvwa Pyete a”


“26 Jiyè–1e Out. Doktrin ak Alyans 84: ‘Pouvwa Pyete a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“26 Jiyè–1e Out. Doktrin ak Alyans 84,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Joseph Smith ki ap resevwa Prètriz Mèlkisedèk la

Retablisman, pa Liz Lemon Swindle

26 Jiyè–1e Out.

Doktrin ak Alyans 84

“Pouvwa Pyete a”

Lè w ap li Doktrin ak Alyans 84, ki verite ou santi w pouse pou aksantye avèk timoun w ap anseye yo? Ekri enpresyon w resevwa nan men Sentespri a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan prètriz la. Ou ta kapab montre yo foto yon moun ki ap resevwa yon benediksyon pa pouvwa prètriz la, tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103–10, epi mande yo kijan prètriz la beni fanmi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 84:19–22, 26–27

Prètriz la se pouvwa Bondye.

Èske timoun w ap anseye yo konnen bi prètriz la? Nan Doktrin ak Alyans 84, Senyè a revele yon bi ede nou retounen al jwenn Pè Selès la. (Pou w aprann plis, gade nan Sijè Levanjil yo, “Prètriz,” topics.ChurchofJesusChrist.org.)

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 84:20, epi mande timoun yo pou yo kanpe lè yo tande mo “òdonans” lan. Pou ede yo konprann sa yon òdonans ye, montre yo foto plizyè òdonans prètriz, tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103–8, epi mande yo pou yo dekri sa k ap pase nan chak foto (gade Gid Ekriti yo, “Òdonans,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Eksplike yo ke Pè Selès la ba nou òdonans sa yo pou ede nou retounen al viv avèk li.

  • Kite yo kolorye paj aktivite a. Pandan y ap fè sa, eksplike divès òdonans prètriz yo montre sou paj la ak poukisa w rekonesan pou òdonans sa yo.

Doktrin ak Alyans 84:77

Mwen se zanmi Jezikri lè m suiv li.

Kijan w ka ede timoun yo konnen ke Sovè a renmen nou menm pi plis pase yon bon zanmi renmen nou.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Sovè a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 84:77. Envite timoun yo lonje dwèt sou foto Sovè a chak fwa yo tande mo “zanmi” an. Eksplike ke lè nou eseye respeke kòmandman yo, nou montre Jezi ke nou renmen l. Pataje sa genyen Jezi kòm zanmi w vle di pou ou.

  • Ede timoun yo fè lis bagay yo kapab fè pou yo montre zanmi yo ke yo renmen yo. Kisa Jezi te fè pou montre nou ke li se zanmi nou? Kisa nou kapab fè pou montre Sovè a ke nou se zanmi li? Chante ansanm yon kantik sou Jezi, tankou “Jésus est notre ami” (Chants pour les Enfants, 10).

Doktrin ak Alyans 84:88

Pè Selès la ede misyonè l yo.

Ide pou sèvi kòm misyonè yon jou a gen dwa eksitan men entimidan pou kèk timoun tou. Doktrin ak Alyans 84:88 kapab anseye yo kijan Pè Selès la ede moun li voye preche levanjil li yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a misyonè yo. Di yo ke Pè Selès la fè misyonè yo yon pwomès espesyal. Li Doktrin ak Alyans 84:88, epi ede yo panse a aksyon ki mache avèk pwomès ki nan vèsè sa a. Pale yo de yon lè kote w t ap sèvi Senyè a epi w te santi ke li te avèk ou, jan yo dekri nan vèsè 88 la.

  • Pataje istwa tigason katran an ki nan mesaj Èldè Takashi Wada a “Fè yon Festen ak Pawòl Kris la yo;” (Ensign or Liahona, Me 2019, 38–40). Ede chak timoun panse a yon bagay yo ta kapab di pou pataje temwayaj—tankou yon atik lafwa. Mande chak timoun pou yo fè tankou y ap pataje levanjil la avèk yon zanmi. Temwaye ke Pè Selès la ede nou konnen sa pou nou di lè nou ap pale avèk lòt moun konsènan levanjil la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Pran yo

Doktrin ak Alyans 84:4–5, 18–28, 30

Òdonans prètriz yo ede m prepare m pou m viv avèk Pè Selès la ankò.

Pandan y ap vin pi gran, timoun w ap anseye yo ap kapab patisipe nan òdonans prètriz yo, ki enkli batèm ak konfimasyon pou mò yo nan tanp. Kijan w kapab ede yo konprann bi ak pouvwa òdonans prètriz yo?

Aktivite posib

  • Ekri Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk sou tablo a. Li ansanm Doktrin ak Alyans 84:18, 26–28, 30, epi ede timoun yo fè lis verite yo aprann konsènan Prètriz Aawon an nan vèsè sa yo. Apre sa, li ansanm Doktrin ak Alyans 84:18–25, epi fè lis verite konsènan Prètriz Mèlkisedèk la.

  • Envite timoun yo fè lis òdonans prètriz ke yo te yon patisipan oswa yon temwen, tankou batèm, konfimasyon, benediksyon prètriz, oubyen sentsèn nan. Mande yo pou yo pataje eksperyans yo avèk òdonans sa yo. Li Doktrin ak Alyans 84:20 ansanm (ede yo konprann mo ki pa familye yo). Poukisa Senyè a envite nou pou nou patisipe nan òdonans? Kijan prètriz la ede nou retounen al jwenn Pè Selès la?

    Imaj
    timoun k ap pran sentsèn

    Òdonans ede nou sonje pwomès nou fè Bondye.

  • Kreye yon kastèt apati de yon foto tanp. Li avèk timoun yo Doktrin ak Alyans 84:5, epi mande yo pou yo koute sa Senyè a te kòmande Sen yo pou yo te bati. Bay chak timoun yon moso nan kastèt la, epi mande yo pou yo pataje yon bagay yo kapab fè pou yo prepare yo pou yo antre nan tanp.

Doktrin ak Alyans 84:64–72, 81–88

Senyè a bay misyonè yo pwoteksyon ak pouvwa.

Vèsè sa yo gen ladan yo pwomès ke Senyè a te fè a moun li te aple pou preche levanjil la. Pwomès sa yo kapab enspire timoun yo lè y ap pataje levanjil Jezikri a avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Gwoupe timoun yo pa pè, epi bay chak pè kèk vèsè pou yo li nan Doktrin ak Alyans 84:64–72, 81–88 la. Envite yo chèche pwomès Senyè bay moun ki pataje levanjil la. Mande yo pou yo pataje sa yo te aprann avèk klas la. Ede yo panse a moun yo konnen, oubyen moun nan ekriti yo, ki te resevwa èd Senyè a lè yo t ap preche levanjil la (tankou Samyèl Lamanit la [gade nan Elaman 13:2–4; 16:6–7] oubyen Amon [gade nan Alma 17:32–38]). Pataje yon eksperyans kote w te santi sipò Senyè a pandan w t ap sèvi li.

  • Pote gode oswa kontenè ki sanble avèk gode nan klas la. Ekri sou moso papye yo fason timoun yo kapab sèvi kòm misyonè kounyeya, epi plase chak moso papye yo nan yon gode. Gwoupe gode yo ansanm, ouvè yo, atè a. Envite timoun yo pou yo chak fè tou pa yo nan voye yon ti objè nan youn nan gode yo epi pou yo fè yon senaryo sou sa ki sou papye ki nan gode sa a. Kijan Pè Selès la ka ede nou lè nou pataje levanjil la avèk lòt moun, menm lè sa kapab di oswa nou santi kè nou sou biskèt.

  • Ede timoun yo wè ke nou tout se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gras ak travay misyonè—misyonè te anseye levanjil la a swa a noumenm, paran nou, oubyen zansèt nou yo. Pale timoun yo de kijan misyonè te ede oumenm oswa zansèt ou yo resevwa levanjil la. Kite timoun yo pataje kèk eksperyans konsa tou? Ankouraje yo pou yo mande paran yo kijan premye manm Legliz la nan fanmi yo a te fè jwenn enfòmasyon sou levanjil la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo fè yon bagay semèn sa a pou yo pataje levanjil la avèk yon moun lakay yo oubyen avèk yon zanmi. Ankouraje yo mande èd Pè Selès la epi pou yo pote atansyon a sa l fè pou ede yo.

Amelyore ansèyman nou

Enplike sans yo. “Pifò timoun (ak granmoun) aprann pi byen lè plizyè sans enplike. Twouve fason pou w ede timoun yo itilize sans gade, koute, ak touche yo pandan y ap aprann” (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime