Doktrin ak Alyans 2021
(2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87: “Kanpe Nan Kote Ki Sen”


“2–8 Out. Doktrin ak alyans 85–87: ‘Kanpe Nan Kote Ki Sen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
fanmi ki ap mache pou al nan tanp

2–8 Out.

Doktrin ak Alyans 85–87

“Kanpe nan Kote Ki Sen”

Paske tan w avèk timoun yo limite, chèche èd espirityèl pou w ka konnen ki prensip nan ekriti yo ou dwe aksantye. Fè enspirasyon w resevwa yo konfyans.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun yo kèk foto oubyen paj aktivite ou te itilize nan dènye leson yo, epi envite timoun yo pataje sa yo sonje yo te aprann konsènan yo swa nan klas la oswa lakay yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 85:6

Espri a pale avèk yon “ti vwa dous,.”

Èldè Richard G. Scott te di: “Si w pa akonpli okenn lòt bagay nan relasyon w avèk etidyan yo ke ede yo rekonèt enspirasyon Lespri a, w ap beni lavi yo anpil anpil e etènèlman” (“Aprann ak Anseye pi efikasman” [Devosyon pou Semèn Edikasyon nan Inivèsite Brigham Young , 21 Out 2007], 5, speeches.byu.edu).

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo kijan Joseph Smith te dekri Lespri a: “Wi, ti vwa dous ki pale nan moun” (Doktrin ak Alyans 85:6). Mande timoun yo pou yo site non kèk bagay ki piti (montre yo foto si yo bezwen èd). Envite yo akoupi atè a pou yo rete tou piti e san mouvman osi lontan ke yo kapab. Ede yo refechi sou kijan yon vwa kapab piti, epi kite yo pratike koute ak pale nan yon ti vwa. Pale yo de moman kote Lespri a te pale avèk ou nan yon ti vwa dous.

  • Anseye timoun yo yon chan sou Sentespri a, tankou “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 105). Envite yo chante l avèk yo nan yon chichotman. Kisa chan sa a anseye konsènan Sentespri a? Ede yo rekonèt kilè yo te petèt santi yo te sou enfliyans li (tankou lè y ap priye, chante kantik, oswa ede lòt moun).

Doktrin ak Alyans 86:11

Mwen ka tankou yon limyè pou lòt moun.

Seksyon 86 la dekri travay enpòtan Senyè a vle pou sèvitè l yo fè nan dènye jou yo. Yon fason timoun yo ka ede nan travay sa a se lè yo se yon limyè pou moun ki bò kote yo.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo pasaj sa a ki soti nan Doktrin ak Alyans 86:11: “Nou beni si nou kontinye nan bonte m, yon limyè pou Janti yo [oubyen moun ki pa gen levanjil la].” Kijan limyè beni nou? Kijan sa ye lè nou pa gen limyè? Kijan nou kapab yon limyè pou lòt moun ki pa konnen levanjil la? Ede timoun yo panse a fason nou ka pataje bonte Jezikri avèk lòt moun.

  • Mande timoun yo pou yo imajine ke gen yon zanmi yo ki ap eseye mache nan fènwa (etenn limyè yo si sa kapab ede). Poukisa li difisil pou moun mache nan fènwa? Kisa nou ka fè pou nou ede zanmi nou an? Eksplike ke lè nou suiv Sovè a, se tankou nou limen yon limyè klere pou nou montre lòt moun ki wout pou yo fè.

  • Revi Liahona ak L’Ami yo souvan gen istwa sou timoun ki se bon egzanp. Chèche youn pou w pataje avèk timoun yo ki ap enspire yo pou yo bay bon egzanp tou.

Doktrin ak Alyans 87

Lakay nou kapab vin tounen “kote ki sen.”

Pa gen fwaye ki pafè, men gen bagay nou tout ka fè pou fè lakay nou vin tounen kote sen ki gen lapè.

Aktivite posib

  • Eksplike timoun yo ke Joseph Smith te enkyè konsènan bagay ki t ap pase nan mond lan. Fè rezime antèt seksyon 87 la, oubyen li “Chapit 30: Yon Revelasyon sou Lagè” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 117–18; gade videyo nan ChurchofJesusChrist.org) la tou. Mande timoun yo pou yo koute bagay ki te siman fè Joseph enkyè yo. Pou anseye sa Senyè a te di nou dwe fè osijè de pwoblèm sa yo, li Doktrin ak Alyans 87:8.

  • Montre foto yon tanp, epi pataje poukisa tanp se yon kote ki sen. Montre foto yon kay, epi ede timoun yo panse a fason yo ka rann kay yo sen tankou tanp lan (gade nan paj aktivite semèn nan). Poukisa nou vle pou nou kanpe nan kote ki sen?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 85:6

Espri a pale avèk yon “ti vwa dous,.”

Mond lan gen anpil distraksyon ki kapab fè l difisil pou tande Lespri a. Kijan w ede timoun yo koute vwa Lespri a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo sa yo ta p di si yon moun ki te mande yo kijan yo fè konnen lè Sentespri a pale avèk yo. Envite yo li youn nan fason Joseph Smith te dekri vwa Lespri a nan Doktrin ak Alyans 85:6 la.

  • Jwe yon kantik oswa chan timoun dousman, epi mande youn nan timoun yo pou l devine ki chan li ye pandan lòt yo ap fè bri ki distrè moun, tankou bat bravo oswa frape pye yo atè a. Apre sa, mande lòt timoun pou yo poze, epi pou yo diskite kijan lè nou retire distraksyon yo nan lavi nou se tankou se Sentespri a nou ap tande. Ede timoun yo panse a distraksyon yo ka retire pou yo ka santi Lespri a pi souvan.

Doktrin ak Alyans 86

Mwen ka ede rasanble pèp Bondye a.

Parabòl ble ak move zèb la konsène “dènye jou yo, kounyeya menm” (Doktrin ak Alyans 86:4). Itilize parabòl la pou ede timoun yo santi yo enspire pou yo patisipe nan “rasanble ble a” (vèsè 7).

Aktivite posib

  • Rakonte timoun yo parabòl ble ak move zèb la, oubyen envite yon timoun rakonte li (gade nan Matye 13:24–30). Envite timoun yo desine foto yon bagay ki nan parabòl la. Apre sa, li ansanm Doktrin ak Alyans 86:1–7, epi envite yo pou yo ekri sou desen yo kisa bagay yo te desine a reprezante.

  • Prepare plizyè ti foto oswa desen ble, epi kache yo nan tout sal la. Envite chak timoun pou yo ede rasanble ble a epi ekri sou li non yon moun yo kapab “rasanble” pou Jezikri. Kisa rasanble moun pou Jezikri vle di? Ki fason nou kapab fè sa? Kisa “kontinye nan bonte [Sovè a]” vle di, epi kijan sa ede nou rasanble moun pou li? (Doktrin ak Alyans 86:11).

Doktrin ak Alyans 87

Mwen ka “kanpe … nan kote ki sen.”

Timoun w ap ansenye yo ap fè fas a danje espirityèl ak fizik pandan tout lavi yo. Ou kapab ede yo prepare yo pou yo afwonte danje sa yo nan anseye yo pou yo jwenn e rete nan kote ki sen.

Imaj
Yon fi ak yon timoun deyò tanp lan

Sèvis nan tanp se yon fason nou kapab ede rasanble pèp Bondye a.

Aktivite posib

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 87:6 pou nou aprann bagay Senyè te di ki t ap rive nan dènye jou yo. Mande timoun yo pou yo pale de pwoblèm timoun laj yo ap rankontre pafwa. Envite yo chèche nan vèsè 8 la kisa Senyè a te di nou dwe fè nan moman difisil. Pale timoun yo de kote ki sen nan lavi w yo.

  • Ede yo fè yon lis kote ki sen, panse ki sen, ak aksyon sen ki kapab ede yo afwonte danje espirityèl (pou ide, gade videyo “Standing in Holy Places” ak “Stand Ye in Holy Places—Bloom Where You’re Planted,” ChurchofJesusChrist.org). Envite yo kenbe lis yo a pou yo ka jwenn yo kòm referans lè sa nesesè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo chwazi yon bagay yo pral fè pou fè lakay yo oubyen lavi yo vin tounen yon “kote ki sen.”

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize kreyativite w. Pa limite tèt ou a ide aktivite yo sigjere nan plan sa a. Kite ide yo fasilite pwòp kreyativite pa w. Reflechi sou sa timoun ki nan klas ou a ap renmen ak sa ki ap ede yo aprann.

Enprime