Doktrin ak Alyans 2021
16–22 Out. Doktrin ak Alyans 89–92: “Yon Prensip avèk yon Pwomès”


“16–22 Out. Doktrin ak Alyans 89–92: ‘Yon Prensip ak Pwomès,’” }Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“16–22 Out. Doktrin ak Alyans 89–92,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè

Imaj
yon gason ak yon fi ki ap fè manje

16–22 Out

Doktrin ak Alyans 89–92

“Yon Prensip ak Pwomès”

Pandan w ap etidye verite yo nan Doktrin ak Alyans 89–92, medite sou fason nouvo ak kreyatif ou kapab ede timoun yo konprann yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo desine ak pale de bon bagay yo te fè semèn sa a pou pran swen kò yo ak espri yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 89

Mwen ap beni lè m obeyi Pawòl Sajès la.

Anseye timoun yo ke kò nou se kado Pè Selès la ban nou e li vle pou nou pran swen yo byen.

Imaj
tigason ki ap kouri sou yon plaj

Kò nou se kado Bondye ban nou.

Aktivite posib

  • Pou ede timoun yo konprann kòmandman Senyè a nan Doktrin Alyans 89:10–17 la, desine oubyen montre foto kèk bon bagay nou kapab fè pou nou kenbe kò nou an sante (gade tou nan paj aktivite semèn sa a). Ede timoun yo konprann tou ke alkòl, tabak, te, kafe, ak lòt dwòg nosif fè kò nou mal e Senyè a avèti nou pou nou pa itilize yo. Envite yo chwazi yon bagay yo kapab fè semèn sa a pou kenbe kò yo an sante.

  • Envite yo desine youn apre lòt yon imaj sou tablo a ki reprezante yon bagay yo anseye nan Pawòl Sajès la. Kite rès timoun yo devine kisa chak moun ap desine. Pale de kòmandman Senyè a nan seksyon 89 la ki gen rapò avèk desen an.

  • Sèvi avèk egzanp sa yo oswa lòt ki pase nan tèt ou pou montre kijan nou beni lè nou obeyi Pawòl Sajès la (gade Doktrin ak Alyans 89:18–21). Fè yon senp egzèsis ansanm, tankou mache oswa kouri anplas, epi apresa pran pòz nou “fatige” ou “dekonpoze” (vèsè 20). Rann temwyaj konsènan pwomès Senyè a.

  • Montre yon foto tanp, epi mande timoun yo pou yo dekri ki sa yo wè. Itilize yon chante konsènan sante fizik, tankou “Je demeure dans un temple” (Chants pour les Enfants, 73), pou anseye timoun yo ke kò nou se tankou tanp pou lespri nou epi Bondye vle pou nou kenbe kò nou an sante. Ede yo panse a fason nou kapab okipe kò nou, epi kite yo jwe senaryo sou sèn yo.

Doktrin ak Alyans 90:5

Bondye ba nou pwofèt pou gide ak pwoteje nou.

Ede timoun yo konprann kijan pwofèt Senyè yo kapab ede nou jwenn sekirite nan tanpèt lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo foto ansyen pwofèt, epi di yo kijan pwofèt sa yo te konn bay pèp la avètisman nan epòk pa yo a. (Pou ide, gade “Suis les Prophètes,” Chants pour les enfants, 58-59.)

  • Poukisa nou dwe koute pwofèt Bondye yo? Montre yon foto pwofèt kounyeya, epi pataje kèk bagay li anseye oswa kèk avètisman li ba nou resamman. Envite timoun yo pou yo panse a fason nou ka suiv pwofèt la. Pataje temwayaj ou konsènan verite yo anseye nan Doktrin ak Alyans 90:5 yo. (Note ke “orak” vle di revelasyon oubyen pwofèt ki resevwa yo.)

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin lan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 89

Pawòl Sajès la ede m rete an sante nan kò ak nan lespri.

Èldè Gary E. Stevenson te konseye jèn yo pou yo planifye davans kisa y ap fè lè yo anfas tantasyon pou alkòl oswa dwòg. Lè sa a, li te anseye: “N ap twouve ke tantasyon yo gen mwens kontwòl sou nou. N ap deja te gen tan deside kijan nou pral reyaji ak kisa nou pral fè. Nou p ap bezwen deside chak fwa” (“Liv Referans Prèriz ou a,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 48). Ankouraje timoun w ap anseye yo pou yo pran desizyon kounyea—pou tout rès lavi yo—pou yo respekte Pawòl Sajès la.

Aktivite posib

  • Divize timoun yo an de gwoup, epi mande yon gwoup pou l li Doktrin Ak Alyansn 89:1–4 epi pou lòt gwoup la li vèsè 18–21. Mande yo pou yo medite sou kesyon tankou sa yo: Poukisa Senyè a banou Pawòl Sajès la? Kijan viv Pawòl Sajès la kapab beni m fizikman ak espirityèlman?

  • Kreye kèk deklarasyon ranpli-espas-vid pandan w ap sèvi avèk ekspresyon ki soti nan Docktrin ak Alyans 89 la, tankou “ òdone pou sèvi lòm ak animal yo” oubyen “Epi y ap e yo p ap fayi” (verses 14, 20). Envite timoun yo pou yo travay de pa de pou yo ka jwenn repons yo nan seksyon 89 la. Timoun yo ta kapab divize deklarasyon yo nan kategori sa yo: bon bagay pou kò nou, move bagay pou kò nou, ak benediksyon.

  • Envite yon timoun pou l li Doktrin ak Alyans 89:4 epi yon lòt pou l li sitasyon Èldè Stevenson ki pi wo a. Poukisa nou ta dwe deside kounyeya pou nou obeyi Pawòl Sajès la olye pou nou tann jis nan moman tantasyon an? Ede timoun yo fè yon ti senaryo sou kijan yo ta kapab reponn si yon moun, menmi si se yon zanmi, ofri yo yon bagay ki kont Pawòl Sajès la. Kijan obeyi Pawòl Sajès la pwoteje nou?

Doktrin ak Alyans 90:2, 5, 14–16

Premye Prezidans lan gen “kle wayòm yo.”

Enstriksyon Senyè a konsènan Premye Prezidans lan an 1833 la (Joseph Smith, Sidney Rigdon, ak Frederick G. Williams) kapab ede timoun yo fòtifye temwayaj yo konsènan Premye Prezidans jodi a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo fouye Doktrin ak Alyans 90:14–16 epi ekri kèk nan bagay Senyè a te mande Premye Prezidans lan pou l te fè. Montre yo yon foto Premye Prezidans ki la kounyeya epi pataje yon bagay ki konsène yo. (Ou kapab li byografi yo anba tit “Pwofèt Vivan yo ak Dirijan Legliz yo” nan ChurchofJesusChrist.org.) Pataje temwayaj ou konsènan apèl diven yo ak benediksyon w resevwa kòm rezilta konsèy yo ke ou suiv.

  • Revize avèk timoun yo yon bagay yon manm Premye Prezidans lan te anseye. Apre sa, li ansanm Doktrin ak Alyans 90:5. Siyale ke “orak” se revelasyon oswa pwofèt ki resevwa yo. Kisa sa vle di pou moun “resevwa orak yo … kòm yon bagay ki lejè”? Kijan nou kapab montre ke pwofèt yo ak bagay yo anseye yo enpòtan pou nou?

Doktrin ak Alyans 91

Lespri a kapab ede m konnen sa ki vrè.

Pandan w ap li sa Senyè a te di Joseph Smith konsènan Apokrif yo, reflechi sou kijan konsèy sa a ta kapab ede timoun yo disène ant laverite ak erè y ap rankontre pandan tout lavi yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm antèt seksyon Doktrin ak Alyans 91 la pou ede timoun yo konprann kisa Apokrif yo ye (gade tou nan Gid Ekriti yo, “Apokrif,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ede timoun yo panse a lòt kote, tankou nan medya yo, kote nou ta kapab jwenn “anpil bagay … ki vrè” ak “anpil bagay … ki pa vrè” (vèsè 1–2). Apre sa, envite yo pou yo fouye nan seksyon 91 la pou yo aprann kisa Senyè a te di nou kapab fè pou nou disène ant verite ak erè.

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 91:4–6, epi mande timoun yo kisa vèsè sa yo anseye konsènan Sentespri a. Envite timoun yo pou yo pataje yon eksperyans pèsonèl kote “Lespri a [te manifeste] laverite” a yomenm. Pataje pwòp eksperyans pa w tou. Nan ki lòt fason Lespri Senyè a ede nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann jodi a konsènan okipe kò yo ak lespri yo oswa bi pou yo obeyi Pawòl Sajès la.

Amelyore Ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon pa w. Plan sa yo se pa enstriksyon ou oblije suiv lè w ap anseye. Olyede sa, ou gen dwa itilize yo kòm ide pou deklanche pwòp enspirasyon pa w pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 7.)

Enprime