Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135—136: “Li ‘Te Sele Misyon Li ak Travay Li avèk Pwòp San Pa Li’”


“22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135—136: ‘Li “Te Sele Misyon Li ak Travay Li avèk Pwòp San Pa Li,”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135—136,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
deyò Prizon Carthage la

Prizon Carthage

22–28 Novanm.

Doktrin ak Alyans 135–136

Li “Te Sele Misyon Li ak Travay Li avèk Pwòp San Pa Li”

Pandan w ap prepare w pou w anseye Doktrin ak Alyans 135–36 la, chèche prensip ki enfliyanse lavi w. Reflechi sou kijan ide yo nan plan leson sa a ta ka ede timoun yo aprann ak aplike prensip sa yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pataje yon bagay yo sonje yo te aprann ane sa a osijè Joseph Smith ak sa l te akonpli. Montre yo foto ki soti nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou ane sa a oubyen nan ansyen paj aktivite yo pou ede yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 135:1–2

Joseph Smith ak Hyrum Smith te bay lavi yo pou levanjil Jezikri a.

Istwa asasina Joseph ak Hyrum Smith la ka ede timoun yo santi yo rekonesan pou temwayaj ak sakrifis gwo mesye sa yo.

Aktivite posib

  • Itilize “Chapit 57: Yo Touye Pwofèt la” nan (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 201–5) pou rakonte timoun yo kijan Pwofèt Joseph Smith ak frè li, Hyrum Smith, te mouri. Oubyen kite youn nan timoun yo rakonte istwa a. Rann temwayaj ou ke Joseph Smith se te yon vrè pwofèt epi li te bay lavi li pou Senyè a ak levanjil Li a.

  • Pataje avèk timoun yo kèk fraz nan vèsè Liv Mòmon an ke Hyrum Smith te li anvan l te ale nan Prizon Carthage la, ki anrejistre nan Doktrin ak Alyans 135:5. Pale yo de kijan vèsè sa a te rekonfòte Hyrum. Pataje ekriti ki pote rekonfò pou ou lè w enkyè oubyen lè w tris.

Doktrin ak Alyans 135:3

Joseph Smith se yon Pwofèt Bondye.

Pandan tout ane a, timoun yo te aprann sa Senyè a te revele atravè Pwofèt Joseph Smith. Ou ka ede yo sonje ak apresye kijan travay Joseph la beni lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre kèk objè ki reprezante travay Pwofèt Joseph Smith, tankou Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, oswa yon foto misyonè oubyen yon tanp. Pandan w ap itilize fraz nan Doktrin ak Alyans 135:3 a, pataje avèk timoun yo kèk bagay Senyè a te fè palentèmedyè Joseph Smith pou sali nou. Envite timoun yo pou yo chwazi youn nan bagay sa yo epi di poukisa yo rekonesan pou li.

  • Pandan y ap kolore paj aktivite semèn sa a, chante oubyen jwe kantik osijè Joseph Smith, tankou “Au grand prophète,” (Cantiques, no.16). Di yo kisa w santi apwopo Pwofèt la.

    Imaj
    Joseph Smith

    Pwofèt Ameriken an, pa Del Parson

Doktrin ak Alyans 136

Bondye ba nou kòmandman pou ede nou.

Sen yo te travèse anpil eprèv nan kèk ane ki te pase apre lanmò Joseph Smith la. Kijan konsèy Senyè a te bay Sen yo ka ede timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Pataje avèk timoun yo kèk nan defi Sen yo te konfwonte lè yo t ap kite Nauvoo pou yo te rasanble nan Winter Quarters (gade nan chapit 60 ak 62 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 211–16, 222–24). Mete yon foto Tanp Nauvoo a nan yon bò sal la, epi kreye yon abri senp sou lòt bò a—petèt avèk yon dra ak kèk chèz oswa yon tab. Envite timoun yo pou yo rasanble bò foto a, epi di yo ke yon ane edmi apre Joseph Smith te fin mouri, yo te fòse Sen yo pou yo te kite Nauvoo. Envite timoun yo pou yo elwaye yo de tanp lan epi rasanble nan abri a pou reprezante vwayaj ale Winter Quarters la.

  • Eksplike yo ke Senyè a te bay Brigham Young yon revelasyon, ke nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 136, pou te ede Sen yo pandan yo t ap vwayaje ale nan Vale Salt Lake la. Li kèk fraz nan seksyon 136 la ki gen konsèy ke jèn timoun yo ka konprann, epi envite yo pou yo jwe senaryo oubyen desine sa Senyè a te mande Sen yo pou yo te fè pandan yo t ap vwayaje a. Pa egzanp, timoun yo ta ka desine yomenm k ap remèt yon zanmi yon bagay yo te prete nan men li, oubyen yo ka chante yon chan Primè pandan y ap danse otou yon boukan dife imajinè (gade nan vèsè 25, 28).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 135

Joseph Smith ak Hyrum Smith te bay lavi yo pou levanjil Jezikri a.

Tande istwa bann sakrifis Joseph Smith ak Hyrum Smith te fè yo ka ranfòse lafwa timoun yo ak dezi yo pou yo rete fidèl a temwayaj yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou fason moun yo te touye Joseph ak Hyrum Smith. Si yo bezwen èd, ba yo referans Doktrin ak Alyans 135:1 oswa “Chapit 57: Yo Touye Pwofèt la” nan (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 201–5). Envite timoun yo pou yo imajine yo t ap viv Nauvoo lè Pwofèt la te mouri a. Mande yo pou yo di kijan yo ta kapab santi yo. Rann temwayaj ou konsènan Joseph Smith, epi envite timoun yo pou yo fè menm bagay la tou.

  • Ekspoze foto pwofèt yo (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 14, 1867). Èske ou ka site kèk bagay Bondye mande pwofèt yo pou yo fè? Eksplike ke Senyè a pwomèt pou L beni pwofèt Li yo pou sakrifis yo fè nan sèvis Li (gade nan Matye 10:39).

Doktrin ak Alyans 135:3

Joseph Smith se yon Pwofèt Bondye.

Tankou tout pwofèt, Joseph Smith te temwaye konsènan Jezikri epi li te anseye nou kijan pou nou al jwenn Li. Ede timoun yo gade kijan Joseph Smith te akonpli misyon l.

Aktivite posib

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 135:3, epi mande timoun yo pou yo idantifye sa Joseph Smith te akonpli. Ekri sa yo jwenn yo sou tablo a. Envite timoun yo pou yo chwazi youn nan bagay sa yo epi di poukisa yo rekonesan pou li.

  • Ankouraje timoun yo pou yo chak panse a yon zanmi oubyen yon fanmi yo ki pa konn anpil bagay apwopo Joseph Smith. Kisa yo t ap di si moun sa a ta mande: “Poukisa Joseph Smith enpòtan pou ou konsa?” Mande timoun yo pou yo fè pratik sou sa yo t ap reponn moun sa a.

Doktrin ak Alyans 136:4, 10–11, 18–30

Senyè a ka beni m lè m gen difikilte.

Apre yo te fin touye Joseph Smith, yo te mete Sen yo deyò nan Novou. Brigham Young te mennen yo ale Winter Quarters, kote yo te prepare yo pou yon vwayaj pi long toujou pou yo te ale nan Vale Salt Lake la.

Aktivite posib

  • Rezime eksperyans sen yo te fè apre moun yo te fin touye Pwofèt Joseph Smith (gade chapit 5860, ak 62 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, paj 206–8, 211–16, 222–24). Envite timoun yo pou yo imajine kijan yo t ap santi yo si yo te oblije kite lakay yo pou y al chèche yon nouvo kote pou yo viv nan dezè a. Eksplike yo ke nan Doktrin ak Alyans 136, Senyè a te bay konsèy pou ede Sen yo nan vwayaj yo a. Bay chak timoun kèk vèsè nan revelasyon sa a, tankou vèsè 4, 10–11, 18–30, epi mande yo pou yo chak chèche ladan yo yon bagay ki ta ka ede kalme enkyetid yo oswa krent yo.

  • Ede yo panse a eprèv moun ap travèse yo jodi a. Envite yo pou yo chèche yon bagay nan seksyon 136 la ke yo ta ka pataje avèk yon moun k ap travèse yon eprèv konsa. Timoun yo ta ka twouve mesaj ankourajan tou nan kantik “Venez, venez, sans craindre le devoir” la (Cantiques, no. 18), yon kantik Sen yo te chante pandan vwayaj yo a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo oubyen yon zanmi poukisa yo rekonesan pou Pwofèt Joseph Smith.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun yo aktif. Pafwa ou gen dwa santi ke enèji yo se yon distraksyon ki anpeche yo aprann. Men ou ka apiye sou nati plen enèji yo a pou mande yo pou yo fè desen, chante, oubyen mime yon prensip levanjil (gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 25–26).

Enprime