Doktrin ak Alyans 2021
Ou Se Yon Enstriktè Timoun


“Ou Se Yon Enstriktè Timoun.” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2021 (2020)

“Ou Se Yon Enstriktè Timoun.” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Jezi chita avèk timoun

Ou Se Yon Enstriktè Timoun

Bondye aple ou pou w anseye pitit Li yo nan fason Sovè a. Yo te mete w apa pou apèl sa a pa otorite sent prètriz Li a. Menmsi w pa yon enstriktè ki gen eksperyans, si w viv diy, ou priye chak jou, epi ou etidye ekriti yo, Papa nou ki nan syèl la ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a (gade nan 2 Nefi 33:1).

Moun yo konfye w yo se pitit Bondye, epi li konn kisa yo bezwen ak pi bon fason pou touche yo. Atravè Sentespri a, w ap jwenn direksyon pandan w ap prepare ak pandan w ap anseye. L ap revele w sa pou w di ak sa w dwe fè (gade 2 Nefi 32:5).

Nan tout aspè nan lavi yo, timoun presye sa yo konstamman ap absòbe enfòmasyon, ap fòme ak rafine opinyon yo, ap fè dekouvèt e pataje yo. Sa espesyalman vrè avèk levanjil la, paske timoun yo dispoze pou yo aprann verite senp levanjil yo e yo pa ka tann. Lafwa yo nan bagay spirityèl yo solid ak pure, epi yo konsidere chak grenn moman kòm yon moman aprantisaj. Yo dispoze pou konfòme yo ak sa y ap aprann yo, menmsi konpreyansyon yo poko konplè. Se fason sa a nou tout ta dwe resevwa levanjil la. Jan Sovè a anseye: “Moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti, yo p ap antre ladan l” (Lik 18:17).

Apèl pou anseye a se yon responsablite sakre, e se nòmal pou w santi w depase pafwa. Men, sonje se Papa nou ki nan Syèl la ki aple ou, e Li p ap janm abandone ou. Sa a se travay Senyè a, epi, si w sèvi “avèk tout kè w, tout pouvwa ou, ak tout panse w, ak tout fòs ou” (Doktrin ak Alyans 4:2), L ap ogmante kapasite ou, don w, ak talan ou, epi sèvis ou va vin yon benediksyon nan lavi moun w ap anseye yo.

Enprime