Nouvo Testaman 2023
30 Janvye–5 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: “Lespri Senyè a Sou Mwen”


“30 Janvye–5 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a Sou Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“30 Janvye–5 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezi ki kanpe nan dezè a

Nan Dezè a, tablo Eva Koleva Timothy

30 Janvye–5 Fevriye.

Matye 4; Lik 4–5

“Lespri Senyè a Sou Mwen”

Kòmanse preparasyon w pou leson sa a avèk lekti Matye4 ak Lik 4–5. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann chapit sa yo, epi plan leson sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pase yon foto Jezi youn bay lòt. Pandan chak timoun kenbe foto a, envite l pou l pataje yon bagay Jezi te fè lè L te sou tè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

Mwen ka bon bagay jan Jezi te fè a.

Timoun piti yo “pa ka peche” (Doktrin ak Alyans 29:47). Sepandan, istwa Jezi k ap reziste anba tantasyon Satan yo ka motive yo pou yo kòmanse chwazi sa ki byen.

Aktivite Posib

  • Rakonte yo istwa tantasyon Jezi a ki nan Matye 4:1–11la. (Gade “Chapit11: Tantasyon Jezi a,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 30–31, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org.) Nan moman apwopriye nan istwa a, mande “Kisa nou panse Jezi ta dwe fè?”

  • Montre yo yon foto Jezi, epi apresa dekri yo kèk chwa yon jèn timoun ta ka fè. Mande yo pou yo fè yon pa annavan al nan foto a chak fwa w dekri yon bon chwa. Mande yo pou yo fè yon pa annaryè chak fwa w dekri yon move chwa.

  • Ede timoun yo aprann pawòl ki nan yon chan sou fè bon chwa, tankou “Choisir le bien” (Chants pour les enfants, 82–83). Itilize foto, objè, oswa lòt èd vizyèl ki anrapò avèk pawòl yo ki nan chan an.

Lik 4:18–19

Jezikri se Sovè mwen.

Lik 4:18–19 dekri misyon Jezi a. Kijan w ka enspire timoun yo apresye sa L fè pou yo?

Aktivite Posib

  • Li Lik 4:18–19 pou timoun yo, epi eksplike kisa yo te voye Jezikri sou tè a pou Lte fè (anseye nou kijan pou nou retounen al jwenn Pè Selès la, rekonfòte nou, ak geri moun). Di yo kijan L fè bagay sa yo pou ou.

  • Envite kèk timoun pou yo fè tankou yo twouble, tris, oswa malad. Mande lòt timoun yo pou yo jwe wòl sa yo ta ka fè pou ede yo. Temwaye ke Jezikri te vini pou anseye nou, rekonfòte nou, ak geri nou, epi nou dwe suiv egzanp Li.

  • Montre foto Jezi k ap akonpli misyon L lan (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la). Mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan chak foto. Epitou, montre foto moun k ap eseye vin tankou Jezi (ou gen dwa jwenn kèk nan revi Legliz yo).

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Jezikri envite nou pou nou vin “pechè lèzòm”.

Apèl Sovè a: “Suiv Mwen, epi m ap fè w tounen pechè moun” nan (Matye 4:19) la aplike pou tout moun, enkli timoun yo.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo pretann yo se Simon Pyè ak Andre pandan w ap li Matye 4:18–22. Ede yo idantifye kisa mesye sa yo te abandone pou yo te ka suiv Jezi.

  • Fè timoun yo pran tou pa yo pou rakonte istwa ki nan vèsè sa yo pandan y ap itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa.

  • Chante ansanm yon kantik sou Jezikri, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 86–87). Ede yo jwenn kèk bagay yo mansyone nan chan an ke yo kapab fè pou yo suiv Jezi.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou diskite avèk timoun yo sou fason yo kapab vin “pechè moun” nan suiv Jezi. Ou gen dwa jwe yon jwèt korespondans tou avèk paj aktivite a. Koupe de kopi chak pwason, mete yo fas anba, epi envite timoun yo pou yo vire yo youn pa youn pou yo ka matche yo.

Imaj
Jezi ap aple disip

Kris la Aple De Disip, tablo Gary Ernest Smith

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

Jezikri tabli egzanp lan pou mwen paske L te reziste anba tantasyon.

Menm Jezikri te sibi tantasyon Satan, men Li pa t janm sede. Kijan w ka ede timoun yo aprann nan egzanp Li?

Aktivite Posib

  • Trase de kolòn sou tablo a ki rele Tantasyon Satan ak Reyaksyon Jezi. Ede timoun yo ranpli kolòn yo pandan w ap itilize Matye 4:1–11 ak Lik 4:1–13. Mande yo kijan yo ka suiv egzanp Jezi.

  • Ekri kèk senaryo kote yon timoun ka gen tantasyon pou l fè yon move chwa. Fè yon timoun chwazi youn pou l li, epi diskite ansanm sou fason yo ka reziste anba tantasyon nan sitiyasyon sa a.

Matye 4: 1–2

Jèn ka ede m santi m pi pre Pè Selès la.

Anvan L te kòmanse ministè Li, Jezi te jene epi Li te “rete an kominyon avèk Bondye” (Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:2 [nan Matye 4:2, referansc]). Ede timoun yo wè kijan lè yo jene, sa ka bayo fòs espirityèl epi sa ka ede yo santi yo pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la.

Aktivite Posib

  • Envite yon timoun pou l li Matye 4:1–2 pandan l ap itilize revizyon nan Tradiksyon Joseph Smith yo ki nan referans yo. Kisa Jezi te fè pou l te “avèk Bondye”? Di yo kijan jèn konn ede w santi w pi pwòch Pè Selès la.

  • Envite timoun ki konn jene yo pou yo pataje eksperyans yo. Ki fason yo t ap eksplike yon moun ki pa janm jene prensip jèn nan?

  • Ekri kesyon sou jèn (tankou poukisa nou jene, kilè nou jene, ak kijan nou jene) sou moso papye, epi mete yo nan yon bòl. Envite timoun yo pou yo chwazi yon kesyon epi eseye reponn ni. Ki eksperyans oumenm oubyen timoun yo ka pataje apwopo jèn?

Lik 4:16–22, 28–30

Jezikri se Sovè mwen.

Medite sou ki fason Sovè a beni lavi ou. Kijan w kapab ede timoun yo pi byen apresye enfliyans Li nan lavi yo?

Aktivite Posib

  • Envite yon timoun pou l vini prepare pou fè rezime istwa a ki nan Lik 04:16–30la. Sa ta ka ede si w ta itlize “Chapit 17: Moun Fache nan Nazarèt yo” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 42–43, oubyen video korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Ou ta kapab pase videyo “Jezi Deklare ke L se Mesi a” nan (ChurchofJesusChrist.org).

  • Li Lik 4:18 pandan timoun yo ap suiv. Mande yo pou yo fè yon lis sou bagay Sovè a te di Li te vin fè yo. Envite yo pou yo pataje egzanp sou moman kote Kris la te fè bagay sa yo, keseswa nan ekriti yo oubyen nan lavi yo.

  • Ekri sou kèk moso papye “Gras avèk Jezikri…” Bay chak timoun yon papye, epi envite yo pou yo ekri kijan yo t ap konplete fraz la. Fè yo pataje sa yo te ekri yo.

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Jezikri envite nou pou nou suiv Li epi pou nou vin “pechè moun.”

Gen anpil fason timoun yo ka suiv Sovè a epi vin “pechè moun” (Matye 4:19). Kijan w ka ede yo wè bon enfliyans yo ka genyen sou lòt moun?

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo li Matye 4:18–22 ak Lik 5:1–11. Kijan disip Jezi yo te reponn apèl Li te fè yo pou yo suiv Li a? Kisa nou ka fè pou nou suiv egzanp yo?

  • Montre timoun yo kèk ekipman pou peche pwason oubyen foto yon pechè pwason. Kisa sa vle di pou n gen “fòs nan fason lèzòm”? Ki zouti nou genyen pou ede nou vin pechè moun?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann sou “anrasinen“ nan Kris la.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a. Santiman sa yo ka fòtifye temwayaj yo.

Enprime