Nouvo Testaman 2023
Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo


“Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2023)

“Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
fi k ap anseye timoun piti nan yon klas nan legliz la

Resous Adisyonèl Pou Anseye Timoun yo

Nou ka jwenn resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou ka adapte nenpòt ki aktivite ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou w itilize nan klas Primè w la. Pa fatige w si gen timoun ki deja fè aktivite sa yo avèk fanmi yo lakay yo; repetisyon ede timoun aprann. Timoun yo gen dwa byen anvi di w kijan yo te fè aktivite sa yo avèk fanmi yo ak sa yo te aprann.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri a, yo ede nou santi lanmou Bondye, epi yo anseye doktrin nan nan yon fason memorab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfantsyo, ou ka jwenn video ak anrejistreman odyo sou anpil kantik ak chan timoun yo nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Mizik Sakre ak app Medyatèk Levanjil la.

Pou ide, gade “Itilize Mizik pou Anseye Doktrin nan” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan Primè yo ak Cantiques yo” nan apendiks manyèl sa a.

Gade Timoun Piti Nou Yo

Anpil nan sijè yo abòde nan Gade Timoun Piti nou yo: Manyèl Gadri a sanble avèk sa w pral anseye yo nan Primè a. Sitou si w ap anseye timoun piti, anvizaje konsilte manyèl gadri a pou w ka jwenn chan, istwa, aktivite, ak bagay atistik adisyonèl.

Zanmi

Revi Zanmi an ka ba w istwa ak aktivite ki ka konplete prensip w ap anseye nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèyo.

Istwa Nouvo Testaman

Istwa Nouvo Testaman yo kapab ede timoun yo aprann doktrin ak istwa ki nan Nouvo Testaman yo. Ou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org.

Liv Desen sou Istwa nan Ekriti Yo—Nouvo Testaman

Liv sa a gen paj aktivite pou kolore ki amizan, ki prepare pou anrichi aprantisaj timoun yo nan Nouvo Testaman an.

Video ak Ilistrasyon

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya kapab ede timoun w ap anseye yo konprann doktrin nan ak vizyalize istwa ki anrapò avèk ekriti yo. Vizite Gospel Media nan GospelMedia.ChurchofJesusChrist.org pou w konsilte koleksyon resous medya Legliz la genyen an. Gospel Media disponib kòm yon app mobil tou. W ap jwenn anpil foto ke w ka itilize nan klas ou a nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye nan Fason Sovè a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nou diskite sou prensip sa yo epi nou fè pratik sou yo nan reyinyon konsèy enstriktè yo.

Enprime