Nouvo Testaman 2023
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2023)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
timoun nan klas Primè

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a

Prepare pou anseye nan Primè

Etid pèsonèl ak familyal nan fwaye a ta dwe sant aprantisaj levanjil la. Sa se yon verite pou oumenm ak timoun w ap anseye yo. Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou w fè a ap fèt lè w viv levanjil la, lè w sonde ekriti yo, ak lè w chèche enspirasyon Sentespri a.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se yon pati enpòtan nan etid pèsonèl ou ak preparasyon w pou w anseye a. L ap ede w gen yon konpreyansyon pi apwonfondi sou prensip doktrinal yo nou jwenn nan ekriti yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a bay aktivite pou anpil ekriti ak istwa ke yo envite timoun yo pou yo etidye lakay yo pandan semèn nan.

Pandan preparasyon w lan, w ap resevwa panse ak enpresyon osijè timoun w ap anseye yo. W ap resevwa ide pou w ka konn ki prensip nan ekriti yo ki ap beni lavi yo. W ap jwenn direksyon pou enspire yo pou yo dekouvri prensip sa yo pandan y ap aprann nan ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo.

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo

Ide pou ansèyman

Pandan w ap prepare w pou anseye a, ou ka jwenn enspirasyon adisyonèl nan eksplore plan leson yo bay pou anseye yo nan manyèl sa a. Pa panse a ide sa yo kòm enstriksyon pou w suiv etap pa etap, men pito, kòm sigjesyon pou deklanche pwòp enspirasyon pa w. Ou konnen timoun sa yo—epi w ap vin aprann konnen yo pi byen toujou pandan w ap an relasyon avèk yo nan klas la. Senyè a konnen yo tou, epi l ap enspire w avèk pi bon mwayen pou w anseye yo ak beni yo.

Gen anpil lòt resous ki disponib pou w itilize lè w ap prepare w, tankou ide ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak Revi Legliz yo. Pou plis enfòmasyon konsènan resous sa yo ak konsènan lòt resous, gade nan seksyon “Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo“ nan manyèl sa a.

Kèk Bagay pou w Kenbe nan Lespri w

  • Chak fwa ou rankontre avèk timoun yo, konsidere fason w ka ede yo santi lanmou Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri epi rekonèt enfliyans Sentespri a.

  • Se paran yo ki gen premye responsablite pou anseye pitit yo. Antanke enstriktè, ou gen responsablite enpòtan pou w sipòte, ankouraje, ak bati sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a. Panse a timoun ki gen paran ki pa p anseye levanjil la nan fwaye yo. Fè tout timoun yo patisipe nan diskisyon levanjil yo kèlkeswa sitiyasyon ki egziste lakay yo.

  • Repetisyon se yon bon bagay. Timoun yo aprann verite levanjil yo pi efikasman lè yo anseye yo verite sa yo san rete atravè plizyè aktivite diferan. Si w dekouvri ke yon aktivite aprantisaj efikas pou timoun yo, konsidere refè l plizyè fwa, sitou si w ap anseye timoun piti. Ou gen dwa repase yon aktivite ki te fèt nan yon leson anvan tou.

  • Papa nou ki nan Syèl la vle w reyisi kòm enstriktè. Li mete anpil resous pou ede w, tankou reyinyon konsèy enstriktè yo. Nan reyinyon sa yo, ou ka fè echanj konsèy avèk lòt enstriktè sou pwoblèm w ap rankontre yo. Ou ka fè diskisyon ak pratik tou sou prensip pou anseye nan fason Kris la.

  • Si w ap anseye timoun piti, epi w bezwen èd adisyonèl, gade nan seksyon “Satisfè Bezwen Timoun Piti Yo” nan manyèl sa a.

Manyèl sa a gen plan ansèyman pou chak semèn nan ane a. Nan jou Dimanch kote Primè pa fèt poutèt konferans pieu oubyen pou nenpòt lòt rezon, fanmi yo ka kontinye li Nouvo Testaman an lakay yo selon orè yo ba yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa. Pa enkyete w pou leson ou rate yo; anseye sa ki prevwa pou semèn nan.

Enprime