Istwa nan Ekriti yo
Chapit 20: Don Sentespri a: 8 Mas 1831


“Chapit 20: Don Sentespri a: 8 Mas 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 77–80

“Chapit 20,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 77–80

Chapit 20

Don Sentespri a

(8 Mas 1831)

Imaj
Joseph receiving revelation

Kèk nan Sen yo pa t konprann afè Sentespri a. Jezi te pale Joseph Smith apwopo Sentespri a. Sentespri a ede Papa ki nan Syèl la ak Jezikri. Sentespri a pa gen yon kò ki fèt avèk chè ak zo. Li se yon espri.

Imaj
child receiving Gift of the Holy Ghost

Jezi te di Sentespri a ede moun jis yo. Li ede Bondye ba yo don spesyal. Chak Sen gen yon don espesyal. Sen yo ta dwe sèvi ak don yo pou youn ede lòt. Jezi te di Joseph Smith kisa don yo ye.

Imaj
member bearing his testimony

Sentespri a bay kèk Sen don temwayaj. Yo konnen Jezi se pitit Gason Bondye. Yo konnen li te mouri pou nou. Gen lòt Sen ki gen don pou yo kwè temwayaj konsènan Jezi yo.

Imaj
leader teaching his people

Gen kèk Sen ki gen don pou yo dirijan.

Imaj
woman praying

Gen kèk Sen ki gen don pou yo konnen ki espri ki jis ak ki espri ki mechan. Se Bondye ki voye espri jis yo. Yo fè nou santi nou kontan. Yo tankou limyè. Espri mechan yo, se Satan ki voye yo. Yo fè nou santi nou pa bon. Yo tankou fènwa.

Imaj
man teaching from scriptures

Sentespri a bay kèk Sen don pou yo saj. Yo kapab fè yon bon chwa. Gen kèk Sen ki gen don pou yo aprann. Yo kapab anseye lòt Sen yo sa yo konnen. Yo ka aprann lòt Sen yo fè bon chwa.

Imaj
man blessing child

Gen kèk Sen ki gen don lafwa pou yo geri. Gen lòt Sen ki gen don pou yo geri moun ki malad. Sentespri a bay kèk Sen don pou yo fè mirak. Mirak yo montre pouvwa Bondye.

Imaj
man speaking with Native American

Gen lòt Sen ki gen don pou yo pale lang yo pa konnen.

Imaj
Joseph envisioning Salt Lake Temple

Sentespri a bay kèk Sen don pou yo konnen sa ki pral pase anvan l pase.

Imaj
man preaching

Gen kèk Sen ki gen anpil don.

Imaj
bishop meeting with sister

Evèk la konnen ki don chak Sen genyen. Li konnen ki moun k ap fè enstriktè. Li konnen ki moun ki ka fè mirak. Li konnen ki Sen ki renmen Bondye epi ki obeyi kòmandman Bondye yo.

Imaj
young girl kneeling in prayer

Sen ki jis yo kapab gen anpil don. Yo dwe travay pou jwenn don yo bezwen yo. Se Bondye ki bay tout don sa yo.

Enprime