Istwa nan Ekriti yo
Chapit 24: Paran yo Dwe Anseye Pitit yo: Novanm 1831


“Chapit 24: Paran yo Dwe Anseye Pitit yo: Novanm 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 93–95

“Chapit 24,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 93–95

Chapit 24

Paran yo Dwe Anseye Pitit yo

(Novanm 1831)

Imaj
Joseph praying

Kèk Sen nan Ohio te al wè Joseph Smith. Jezi te bay Joseph yon revelasyon pou yo. Jezi te di Sen yo kijan pou yo vin bon paran.

D&A 68:Prefas

Imaj
family reading scriptures

Jezi te di timoun yo ta dwe batize lè yo gen uitan. Jezi te kòmande paran yo pou yo anseye pitit yo levanjil la anvan yo batize.

Imaj
parents teaching children

Timoun yo ta dwe konnen kimoun Jezi ye. Yo ta dwe gen lafwa nan li.

Imaj
mother comforting child

Timoun yo ta dwe konnen kijan pou yo repanti.

Imaj
man baptizing woman

Timoun yo ta dwe konnen kisa batèm ye. Yo ta dwe aprann pou yo fè bon manm nan Legliz la.

Imaj
family praying together

Timoun yo ta dwe konnen kijan pou yo priye. Yo ta dwe konnen kijan pou yo koute Sentespri a.

Imaj
family reading together

Timoun yo ta dwe dwe konnen kòmandman Bondye yo. Yo ta dwe obeyi kòmandman yo.

Imaj
happy family

Paran yo dwe aprann timoun yo bagay sa yo. Paran yo ap resevwa blam pou peche pitit yo si yo pa anseye yo levanjil la.

Enprime