Istwa nan Ekriti yo
Chapit 28: Pwofèt Joseph Retounen Misouri: Mas–Me 1832


“Chapit 28: Pwofèt Joseph Retounen Misouri: Mas–Me 1832,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 108–12

“Chapit 28,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 108–12

Chapit 28

Pwofèt Joseph Retounen Misouri

(Mas–Me 1832)

Imaj
Joseph hearing the Lord’s voice

Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon. Li te di Sen yo te tankou timoun piti li yo. Yo te toujou ap aprann. Jezi te di yo fèt pou yo kontan. Yo fèt pou yo gen rekonesans. Se li ki tap dirijan yo.

Imaj
Saints building a house

Jesus te vle pou Sen yo pataje sa yo genyen youn ak lòt. Li te vle yo pran swen pòv yo. Jezi te vle pou Sen yo viv nan youn ede lòt.

Imaj
Joseph greeting Missouri Saints

Yon tikras tan apre revelasyon an, Joseph te retounen Misouri. Yo te rele Misouri peyi Siyon an. Kèk nan zanmi Joseph yo te ale avèk li. Sen Siyon yo te kontan wè Joseph.

Imaj
Joseph meeting with Saints

Joseph te mande Sen yo pou yo vin nan yon reyinyon. Li te pale yo apwopo revelasyon an. Sen yo te konnen Joseph se te Pwofèt Bondye a.

Imaj
Jesus speaking to Joseph

Senyè a te bay yon lòt revelasyon pou Sen yo nan reyinyon an. Jezi te kontan poutèt Sen yo te mennen yon vi nan padon youn pou lòt. Jezi te di, “Mwenmenm, Senyè a, mwen padone nou.”

Imaj
Saints harvesting fields

Jezi te bay Sen yo yon nouvo kòmandman. Li te di li ba yo tè Siyon an. Kounyeya yo ta dwe pataje tè ak lòt. Chak moun ta dwe genyen sa l te bezwen. Sa tap ede Legliz Jezikri a.

Imaj
Joseph visiting Saints

Apre reyinyon an, Joseph te vizite Sen yo nan anpil vil. Sen yo te kontan wè l. Se te yon tan kontantman pou Joseph. Li te renmen Sen yo.

Imaj
Joseph receiving revelation

Jezi te bay Joseph yon revelasyon konsènan fi ak timoun. Jezi te di mari yo ta dwe pran swen madanm yo. Paran yo ta dwe pran swen pitit yo.

Imaj
Saints visiting widow

Sen yo ta dwe pran swen fi ki pa gen mari yo. Sen yo ta dwe pran swen timoun ki pa gen papa ak manman.

Imaj
Saints at Bishop’s storehouse

Jezi te di Sen yo ta dwe mete manje nan yon magazen. Evèk la ta dwe bay moun ki grangou manje ki soti nan magazen an.

Imaj
Joseph and Bishop Whitney traveling

Joseph Smith ak Evèk Whitney te kòmanse retounen Kirtland. Yo te monte sou yon charyo.

Imaj
horses getting scared

Yon jou, gen yon bagay ki te fè cheval yo pè. Yo te kouri vit.

Imaj
Bishop Whitney lying on ground

Joseph te sote deyò charyo a. Li pa t blese. Evèk Whitney te sote deyò charyo a. Janm li te kase.

Imaj
Bishop Whitney lying in bed

Joseph Smith ak Evèk Whitney te desann nan yon otèl. Evèk Whitney te pran yon ti repo pandan kat semèn. Joseph te rete avèk li jis lè janm lan te vin miyò.

Imaj
Joseph lying in bed

Yon moun nan otèl la te mete pwazon nan manje Joseph. Li te malad anpil.

Imaj
Bishop Whitney giving Joseph a blessing

Joseph te mande Evèk Whitney pou l ba li yon benediksyon. Evèk Whitney te sèvi ak pouvwa prètriz la pou l beni Joseph. Joseph te refè.

Imaj
Bishop Whitney and Joseph praying

Joseph te di Bondye mèsi poutèt li te geri l la. Alafen, Joseph Smith ak Evèk Whitney te kapab vwayaje. Yo te ale jwenn fanmi yo lakay yo.

Enprime