Istwa nan Ekriti yo
Chapit 37: Dirijan Prètriz yo: Fevriye 1835


“Chapit 37: Dirijan Prètriz yo: Fevriye 1835,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 140–44

“Chapit 37,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 140–44

Chapit 37

Dirijan Prètriz yo

(Fevriye 1835)

Imaj
Joseph speaking

Joseph Smith te gen yon reyinyon enpòtan nan Kirtland, Ohio. Li te mande mesye Kan Siyon yo pou yo vini. Joseph te di mesye yo Jezi te vle pou douz Apot ede dirije Legliz li a.

Imaj
Oliver Cowdery, David Whitmer, and Martin Harris

Senyè a te di Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris pou yo chwazi Apot yo. Premye Prezidans Legliz la te beni Oliver, David, ak Martin nan reyinyon an. Lè sa a, yo te priye ansanm. Yo te chwazi douz bon mesye.

Imaj
First Presidency ordaining Apostle

Yo te òdone mesye yo. Se yo te ki te Douz Apot yo.

Imaj
Twelve Apostles

Apot se mesye ki enpòtan anpil nan Legliz la. Yo konnen Jezi se Sovè nou. Yo anseye levanjil la toupatou nan mond lan.

Imaj
members of the Seventy

Apre kèk jou, yo te chwazi lòt mesye kòm dirijan nan Legliz la. Yo te rele yo Premye Kowòm Swasanndis yo. Premye Kowòm Swasanndis la ede Apot yo. Se yo ki alatèt travay misyonè nan Legliz la.

Imaj
Twelve Apostles in meeting

Yon jou, Douz Apot yo te nan yon reyinyon. Yo t ap prepare yo pou y ale nan misyon. Yo t ap chèchè pou yo jis. Yo te vle pou Papa ki nan Syèl la ede yo.

Imaj
Joseph and Apostles kneeling in prayer

Apot yo te mande Joseph Smith pou l priye pou yo ka jwenn yon revelasyon ki tap ede yo nan misyon yo. Jezi te bay Joseph ak Apot yo yon gwo revelasyon. Li te pale yo apwopo prètriz la.

Imaj
priesthood brethren performing blessing

Prètriz la se pouvwa Bondye. Se pi gwo pouvwa sou tè a. Bondye bay mesye ki jis yo prètriz la. Mesye yo sèvi ak prètriz la pou yo fè travay Bondye a.

Imaj
Melchizedek Priesthood bearers

Gen de prètriz nan Legliz la. Youn se Prètriz Mèlkisedèk la. Dirijan Legliz la yo gen Prètriz Mèlkisedèk la. Dirijan yo se Prezidan Legliz la ak konseye l yo, Douze Apot yo, ak Premye Kowòm Swasanndis la.

Imaj
Joseph speaking to First Presidency

Prezidan Legliz la se pwofèt Bondye a. Li di moun kisa Jezi vle pou yo fè. Pwofèt la gen mesye k ap ede l. Yo se konseye l. Pwofèt la ak konseye l yo se Premye Prezidans Legliz la.

Imaj
elders in the Melchizedek Priesthood

Gen lòt mesye nan Legliz la ki gen Prètriz Mèlkisedèk la. Yo rele gran prèt, swasanndis, ak ansyen. Gran prèt kapab patriyach, prezidan pye, manm gran konsèy, ak evèk yo.

Imaj
High Priests in the Melchizedek Priesthood

Yo chwazi kèk mesye pou vin swasanndis.

Imaj
elders leaving on mission

Yo chwazi kèk lòt mesye pou vin ansyen. Ansyen yo al fè misyon.

Imaj
Melchizedek Priesthood holders performing blessing

Tout mesye ki gen Prètriz Mèlkisedèk la ka beni moun. Yo kapab bay moun Sentespri a.

Imaj
Aaronic Priesthood bearers blessing sacrament

Lòt prètriz la se Prètriz Aawon an. Prèt yo, enstriktè yo, ak dyak yo gen Prètriz Aawon an. Prèt yo ka batize moun. Yo beni Sentsèn. Yo ede ansyen yo.

Imaj
home teachers visiting member

Enstriktè yo bay koutmen nan preparasyon Sentsèn nan. Yo fè ansèyman nan fwaye. Yo ede manm Legliz la viv nan ladwati.

Imaj
deacon passing sacrament

Dyak yo distribiye sentsèn. Yo ede evèk la. Yo ranmase ofrann jèn.

Imaj
Joseph instructing

Jezi te di tout gason ki gen prètriz la ta dwe aprann kisa Bondye vle pou yo fè. Yo ta dwe travay di. Lè yo fè sa a, Papa nou ki nan Syèl la ap beni yo.

Enprime