Istwa nan Ekriti yo
Chapit 40: Kèk Vizyon nan Tanp Kirtland la: Avril 1836


“Chapit 40: Kèk Vizyon nan Tanp Kirtland la: Avril 1836,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 155–57

“Chapit 40,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 155–57

Chapit 40

Kèk Vizyon nan Tanp Kirtland la

(Avril 1836)

Imaj
Apostles blessing sacrament

Yon dimanch aprèmidi, Sen yo te fè yon reyinyon nan Tanp Kirtland la. Apot yo te beni sentsèn nan. Joseph Smith ak konseye l yo te distribiye sentsèn nan bay Sen.

D&A 110: Prefas

Imaj
Jesus appearing to Joseph and Oliver

Apre sa, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te ale yon kote poukont yo nan tanp lan. Yo te mete yo ajenou e yo te priye. Apre priyè yo a, gen yon bagay ekstraòdinè ki te rive. Yo te wè Senyè Jezikri. Je l te klere tankou dife. Cheve l te blan tankou nèj. Figi l te pi klere pase solèy la.

D&A 110: Prefas, 1–3

Imaj
Jesus accepting the temple

Jezi te di Joseph ak Oliver anpil bagay ekstraòdinè. Li te di se li ki Sovè yo. Li te mouri pou yo. Li te resisite. Jezi te di moun ki te bati tanp lan ta dwe kontan anpil. Jezi te di tanp lan te nan gou l. Se te sèl kay li. Jezi te di li tap vin nan tanp lan anpil fwa. Li tap pale ak Sen yo. Men si Sen yo pa t sanktifye tanp lan, li pa tap vini.

Imaj
Moses appearing to Joseph and Oliver

Apre sa, Joseph ak Oliver te wè anj nan Tanp Kirtland la. Se Moyiz yo te wè an premye. Moyiz se yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Se li ki te pati kite Ejip ak Izrayelit yo. Istwa Moyiz nan Ansyen Testaman an ak nan Pèl Gran Pri a. Moyiz te bay Joseph ak Oliver yon pouvwa espesyal nan prètriz la. Konsa, yo ta kapab ede Izrayelit yo rasanble soti toupatou sou tè a.

Imaj
Elias appearing to Joseph and Oliver

Apre sa, Joseph ak Oliver te wè Elias. Elias te pote pouvwa prètriz Abraam nan bay Legliz Jezikri a. Abraam te viv nan tan lontan. Bondye te beni Abraam. Li te bay Abraam pouvwa espesyal nan prètriz la. Fanmi Abraam tap toujou gen prètriz la. Manm jis Legliz la vin fè pati fanmi Abraam.

Imaj
Elijah appearing to Joseph and Oliver

Apre sa, Joseph ak Oliver te wè Eli. Eli te yon pwofèt ki t ap viv nan tan lontan. Eli te di moun ta dwe chèche konnen sou zansèt yo. Moun ta dwe fè travay tanp pou zansèt yo. Eli te bay Joseph ak Oliver yon pouvwa espesyal nan prètriz la. Pouvwa prètriz la ede fanmi jis yo. Youn ka sele ak lòt. Lè sa a, yo ka viv ansanm pou tout tan.

Enprime