Istwa nan Ekriti yo
Chapit 46: Joseph Smith nan Prizon Liberty: Mas 1839


“Chapit 46: Joseph Smith nan Prizon Liberty: Mas 1839,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 173–75

“Chapit 46,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 173–75

Chapit 46

Joseph Smith nan Prizon Liberty

(Mas 1839)

Imaj
Joseph and friends being taken to Liberty Jail

Joseph Smith ak zanmi l yo te nan prizon depi anpil jou. Epi yo te mennen yo nan yon lòt prizon. Se te nan Liberty, Misouri.

Imaj
Joseph and friends in Liberty Jail

Prizon Liberty a te frèt epi sal. Joseph ak zanmi l yo te soufri anpil. Pafwa yo te mare yo ak chenn. Yo te oblije dòmi atè a.

Imaj
Joseph holding sick friend

Manje yo pa t bon. Pafwa yo te konn gen pwazon ladan yo e yo te konn fè yo malad.

Imaj
Joseph worrying

Joseph te tris. Limenm ak zanmi l yo te gen anpil tan nan prizon. Joseph pa t konnen si yo tap janm sòti. Li te pè pou Legliz la.

Imaj
Joseph praying

Joseph te priye Papa ki nan Syèl la. Li te mande konbyen tan limenm ak Sen yo ta dwe soufri. Li te mande Papa ki nan Syèl la pou l ede yo. Joseph te mande Papa ki nan Syèl la pou l pini lenmi yo.

Imaj
Joseph envisioning his friends

Jezi te di Joseph li tap gen pou l soufri pandan yon ti tan. Li te di Joseph pou l pran kè. Apre sa Bondye tap ede l. Jezi te di Joseph tap avèk zanmi l yo anvan lontan. Zanmi Joseph yo te renmen l e yo tap kontan wè l.

Imaj
men dying in battle

Jezi te konnen sa mechan yo te fè a. Li te di Josep kijan li tap pini yo. Mechan yo pa tap janm gen prètriz la. Pitit yo pa tap janm ka gen prètriz la. Mechan yo tap soufri epi yo tap mouri.

Imaj
Joseph envisioning the Saints

Jezi te di Joseph anpil bon bagay tap rive Sen yo. Anyen pa ta ka anpeche Bondye beni yo. Sentespri a tap di yo bagay ekstrawòdinè konsènan pouvwa Bondye a. Yo tap aprann kèk bagay sou syèl la ak tè a.

Imaj
Joseph envisioning sacrifice of Christ

Jezi te di Joseph pa ta dwe pè lè li ta gen pou l soufri. Kè Joseph pa ta dwe sote lè li te gen pwoblèm. Jezi te di pwoblèm yo se pou pwòp byen nou. Pwoblèm yo ede nou aprann. Jezi te soufri plis pase tout moun.

Enprime