Istwa nan Ekriti yo
Chapit 48: Misyonè nan Lòt Peyi yo: Jen 1837–Oktòb 1841


“Chapit 48: Misyonè nan Lòt Peyi yo: Jen 1837–Oktòb 1841,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 180–82

“Chapit 48,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 180–82

Chapit 48

Misyonè nan Lòt Peyi yo

(Jen 1837–Oktòb 1841)

Imaj
large ship on ocean

Senyè a te vle moun lòt peyi yo aprann levanjil la. Li te di Joseph Smith kèk nan Sen yo ta dwe al fè misyon an Angletè. Yo te chwazi Èldè Heber C. Kimball ak twa lòt mesye pou sa. Yo te fè vwal pou Angletè nan yon bato.

Imaj
missionaries preaching

Yo te rankontre yon mesye ki te yon dirijan nan yon lòt legliz. Mesye a te kite yo preche nan legliz li a. Anpil nan moun te kwè misyonè yo. Yo te vle batize. Sa te fè dirijan an fache. Li te di misyonè yo pa tap kapab preche nan legliz li a ankò.

Imaj
missionaries preaching

Misyonè yo te preche lakay moun yo. Anpil nan moun yo te vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Imaj
Joseph speaking to missionaries

Pita, te gen lòt mesye ki te al fè misyon an Angletè. Kèk ladan yo se te Apot. Joseph te pale avèk yo anvan yo te ale. Li te di yo kisa yo ta dwe anseye moun yo.

Imaj
Joseph speaking to missionaries

Joseph te di Apot yo pou yo obeyi tout kòmandman Bondye yo. Li te pale yo apwopo prètriz la. Li te di se sèl vrè Legliz Jezikri a ki gen prètriz la.

Imaj
missionarites leaving their families

Mesye yo te pare pou yo te al fè misyon. Yo pa t gen senk kòb. Anpil ladan yo te malad. Kèk madanm ak pitit ladan yo te malad. Men mesye yo te konnen Papa ki nan Syèl la tap ede yo epi tap beni fanmi yo.

Imaj
missionary baptizing woman

Misyonè yo te ale an Angletè. Yo te preche nan anpil vil. Gen plizyè milye bon moun ki te kwè levanjil la. Yo te vin manm nan Legliz Jezikri a. Papa ki nan Syèl la te beni misyonè yo. Yo tout te tounen lakay yo san pwoblèm aprè misyon yo.

Imaj
Orson Hyde blessing the Holy Land

Orson Hyde te youn nan Douz Apot yo. Joseph Smith te di Orson te gen yon travay espesyal pou l fè pou Jwif yo. Orson te ale nan peyi Palestin. Le 24 oktòb 1841, li fè yon priyè pou l te konsakre peyi Palestin.

Imaj
the Holy Land

Li te mande Papa ki nan Syèl la pou l beni peyi a. Li te priye pou dlo pou rekòt yo ta ka ogmante. Li te priye pou tout pitit Abraam yo ta ka al viv Palestin. Yo ta kapab bati kay epi fè jaden lòtbò a.

Imaj
President Spencer W. Kimball in the Holy Land

Bondye beni peyi Palestin. Kounyeya li rele Izrayèl. An 1979, Prezidan Spencer W. Kimball te fè yon priyè pou konsakre yon jaden an Izrayèl. Yo te rele l Jaden Souvni Orson Hyde la.

Enprime