Istwa nan Ekriti yo
Chapit 52: Pwoblèm nan Nauvoo: Me–Out 1842


“Chapit 52: Pwoblèm nan Nauvoo: Me–Out 1842,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 191–93

“Chapit 52,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 191–93

Chapit 52

Pwoblèm nan Nauvoo

(Me–Out 1842)

Imaj
men building in Nauvoo

Anpil moun te al viv nan Nauvoo. Yo te bati yon bèl vil. Yo te kòmanse bati yon tanp. Sen Nauvoo yo te vle pou vil la gen yon majistra.

Imaj
John C. Bennett

Sen yo te chwazi John C. Bennett kòm majistra Nauvoo. Nan kòmansman an li te yon bon majistra. Men li kòmanse fè mechanste. Li pa t renmen Joseph Smith.

Imaj
people meeting together

Moun Nauvoo yo te vle gen yon jou konje espesyal. Yo te vle pou sòlda fè yon defile nan yon parad.

Imaj
John C. Bennett speaking to soldiers

John Bennett te yon dirijan nan sòlda yo. Li te deside sòlda yo tap fè yon batay. Se pa tap yon batay toutbon. Se tap sèlman pou yo amize yo.

Imaj
John C. Bennett speaking to Joseph

Mesye Bennett te mande Joseph Smith pou l mennen sòlda yo nan batay la. Joseph Smith te konnen John Bennett pa t renmen l. Li te panse M. Bennett te vle touye l. Senyè a te di Joseph Smith pa ta dwe nan batay la.

Imaj
Joseph becoming new mayor

John Bennett te fache. Li pa t vle majistra Nauvoo ankò. Moun yo te chwazi Joseph Smith kòm majistra.

Imaj
John C. Bennett angry

John Bennett ak kèk lòt mesye pa t vle vin manm Legliz la. Yo te di move bagay sou Pwofèt Joseph Smith.

Imaj
Joseph envisioning the Saints in Rocky Mountains

Joseph Smith te pale ak kèk nèg ki te manm Legliz la. Li te di Sen yo tap gen plis pwoblèm. Yon jou, yo tap oblije kite Nauvoo. Yo tap pral nan Montay Wòch yo. Sen yo tap bati vil lòtbò a. Yo tap obeyi Bondye epi yo tap vin yon pèp fò.

Enprime