Istwa nan Ekriti yo
Chapit 59: Tanp Nauvoo a Fini: Oktòb 1845–Septanm 1846


“Chapit 59: Tanp Nauvoo a Fini: Oktòb 1845–Septanm 1846,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 212–14

“Chapit 59,” Chapit, 212–14

Chapit 59

Tanp Nauvoo a Fini

(Oktòb 1845–Septanm 1846)

Imaj
Saints finishing temple

Anpil nan Sen yo te malad. Pifò ladan yo te malere. Yo te konnen yo dwe kite Nauvoo anvan lontan. Men yo te toujou vle fini tanp lan.

Imaj
Nauvoo Temple

Alafen, tanp lan te fini. Sen yo te fè travay tanp lajounen tankou nan nuit. Yo te resevwa dotasyon yo. Yo te kontan anpil poutèt yo te gen tanp lan.

Imaj
covered wagon

Alafen, rès Sen yo te gen pou yo kite Nauvoo. Yo te mete tout bagay yo nan charyo yo. Yo te travèse lòtbò Rivyè Misisipi a.

Imaj
Saints leaving Nauvoo in sadness

Yo te gade dèyè lè yo t ap travèse rivyè a e yo te wè Nauvoo. Yo te wè tanp lan nan mòn nan. Yo te regrèt yo t ap kite Nauvoo. Men yo te kontan poutèt yo te fini tanp Senyè a.

Imaj
Saints being blessed with quail

Sen yo te ret bò rivyè a pandan kèk jou. Yo pa t gen ase manje pou yo manje. Senyè a te ede yo. Li te voye kèk ti zwazo yo rele pèdri. Sen yo te touye pèdri yo pou yo manje.

Imaj
men arriving to rescue Saints

Apre sa, Brigham Young te voye kèk mesye pou ede Sen yo. Mesye yo te mennen yo kote lòt Sen yo te monte kan an.

Enprime