Istwa nan Ekriti yo
Chapit 58: Premye Sen yo Kite Nauvoo: Septanm 1845–Fevriye 1846


“Chapit 58: Premye Sen yo Kite Nauvoo: Septanm 1845–Fevriye 1846,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 209–11

“Chapit 58,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 209–11

Chapit 58

Premye Sen yo Kite Nauvoo

(Septanm 1845–Fevriye 1846)

Imaj
mobs telling lies

Lè yo te fin touye Joseph Smith, popilas yo te panse Legliz la tap kraze. Yo pa t konnen Senyè tap chwazi yon nouvo dirijan. Popilas yo te vle kraze Legliz la. Jounal yo te bay manti sou Sen yo. Yo te di Sen yo t ap touye moun epi t ap vòlè.

Imaj
First Presidency speaking with Governor of Illinois

Gouvènè eta a pa t vle ede Sen yo. Li te di popilas yo te rayi yo. Li te di Sen yo pou yo ale nan Lwès. Brigham Young te di Sen yo ta pral nan Lwès. Men yo te bezwen tan pou yo te prepare yo. Yo te bezwen lajan pou yo te achte manje ak rad. Yo te oblije fè charyo epi achte bèf. Yo te dwe vann kay yo.

Imaj
mobs stealing from the Saints

Popilas la pa t vle bay Sen yo tan pou yo prepare yo. Moun yo pa t vle achte kay Sen yo. Popilas la te fè kèk nan Sen yo kite kay yo. Yo te vòlè bagay ki te lakay yo. Apre sa, yo te boule kay yo.

Imaj
Saints getting ready to leave Nauvoo

Sen yo te travay di pou prepare yo pou yo kite Nauvoo. Yo te koupe bwa epi fè charyo. Yo te achte zannimo. Yo te rasanble manje. Sen yo te vle fini tanp lan anvan yo ale.

Imaj
Saints working on Nauvoo Temple

Sen yo te bay kòb pou bati tanp lan. Yo te travay nan tanp lan. Yo te fini anpil nan sal yo. Yo te konsakre chak sal lè yo te fini yo. Yo te sèvi ak youn nan sal yo pou batize moun pou mò yo. Yo te fè yon konferans nan tanp lan pou tout manm Legliz la.

Imaj
Saints crossing Mississippi River

Livè te rive. Li te fè frèt anpil. Popilas yo te fè anpil Sen kite kay yo. Sen yo te mete tout bagay yo nan charyo yo. Yo te kondi yo jis sou yon seri ti bato plat. Yo te travèse Rivyè Misisipi a.

Imaj
Saints crossing frozen Mississippi River

Li te tèlman fè frèt rivyè a te fè glas. Brigham Young ak kèk nan Sen yo te kondi charyo yo sou glas pou yo te travèse rivyè a.

Imaj
Saints sharing food and clothing

Sen yo te monte yon kan bò rivyè a. Kèk ladan yo pa t gen ase rad. Yo te frèt anpil. Kèk ladan pa t gen ase manje. Sen ki te gen ase manje ak rad te pataje sa yo te genyen an avèk lòt yo. Sen yo te rete bò rivyè a pandan de twa jou. Apre sa yo te deplase epi yo te fè yon lòt kan. Brigham Young te chwazi kèk dirijan. Dirijan yo te ede moun yo prepare yo pou yo te vwayaje al nan mòn Lwès yo.

Enprime