“Chapit 62: Pyonye yo Ale Vale Salt Lake: Jen 1846–Jiyè 1847,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 224–29 “Chapit 62,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 224–29 Chapit 62 Pyonye yo Ale Vale Salt Lake (Jen 1846–Jiyè 1847) Pyonye yo te toujou nan Council Bluffs. Yo te bezwen anpil mesye ki gen fòs pou ede yo vwayaje. Pifò nan jèn gason yo te avèk Batayon Mòmon an. Konsa, pyonye yo te deside pou yo tann lè prentan rive pou yo ale nan Montay Wòch yo. Endyen yo te kite Sen yo pran kèk tè lòtbò rivyè a. Sen yo te bati kote sa a yon vil yo te rele Winter Quarters. Yo te fè ri e yo te bati kay. Gen kèk kay ki te fèt ak moso bwa won. Gen lòt kay ki te fèt nan tou wòch yo. Pyonye yo te fè jaden. Brigham Young te divize vil la an pawas. Li te chwazi mesye pou vin evèk. Gen kèk Endyen ki t ap bay Sen yo pwoblèm. Pyonye yo te monte yon mi toutotou vil la pou yo te ka bay Endyen ki t ap bay pwoblèm yo lwen. Pandan Pyonye yo te nan Winter Quarters, Brigham Young te fè yon revelasyon. Senyè a te di l kijan moun yo ta dwe prepare yo pou yo pati. Li te di Brigham Young kisa moun yo ta dwe fè pandan yo vwayaje. Senyè a te di moun yo ta dwe divize an ti gwoup. Chak group tap gen yon chèf. Moun yo ta dwe obeyi chèf yo. Youn ta dwe ede lòt. Yo ta dwe pran swen fanmi ki pa t gen manman oubyen papa yo. D&A 136:1–8 Chak gwoup ta dwe gen charyo ak manje pa l. Chak gwoup ta dwe gen moun ki te konnen kijan pou yo ranje charyo yo, bati kay, fè jaden, epi fè pon. D&A 136:7 Senyè a te di Sen yo lòt bagay yo ta dwe fè. Yo ta dwe respekte kòmandman l yo. Yo ta dwe respekte pwomès youn te fè lòt. Youn pa ta dwe di move bagay kont lòt. Yo ta dwe onèt. Yo dwe remèt bagay yo te prete oubyen jwenn. D&A 136:23–27 Senyè a te vle pou kè pyonye yo kontan. Li te di pou yo chante ak danse ansanm. Yo pa ta dwe pè. Li tap ede yo. Li te di yo yo tap gen pwoblèm. Men pwoblèm yo tap fè yo vin pi bon moun. Yo tap beni. D&A 136:28–31 Brigham Young te fè sa Senyè a te di l fè a. Li te divize moun yo an gwoup. Chak gwoup te gen tout sa yo tap bezwen pou bati yon vil nan mòn yo. Sen yo te fè yon konferans. Apre sa, Brigham Young te chwazi yon gwoup pou pati an premye. Te gen 143 gason, twa fi, ak de timoun. Premye gwoup la te kite Winter Quarters nan demen. Chak moun te gen yon travay pou l fè sou wout la. Fi yo te pran swen timoun yo. Se yo ki te kuit manje. Gason yo te gen tout zam yo te bezwen pou yo te pwoteje moun yo ak zannimo yo. Pyonye yo te vwayaje tout lajounen. Lannuit yo te monte kan. Yo te fè yon sèk avèk charyo yo. Moun avèk zannimo yo te rete anndan sèk la. Yo te limen dife epi yo te kuit manje yo. Yo te danse e yo te chante. Youn nan chante yo se te “Venez, Venez.” Sa te fè moun yo santi yo pi byen. Gen yon mesye ki te soufle yon klewon pou di yo li lè pou yo al dòmi. Pyonye yo te priye epi yo te al dòmi. Pyonye yo te pase yon bon valè tan pou travèse plenn yo. Yo te vwayaje pou kat mwa. Yo te rankontre lòt moun sou wout la. Kèk nan moun yo te trapè. Yo te di Brigham Young pou l pa ale nan Montay Wòch yo. Yo te di plant pa tap pouse lòtbò a. Gen lòt moun ki te di Brigham Young pou l mennen Sen yo nan Kalifòni. Men Brigham Young te di Senyè a te montre l kibò Sen yo ta dwe ale. Li te vle obeyi Senyè a. Alafen, pyonye yo te rive nan mòn yo. Vwayaje kote sa a pa t fasil ditou. Brigham Young te vin malad. Li pa t ka vwayaje vit. Li te chwazi kèk mesye ki pou ale devan. Li te di yo pou yo ale Great Salt Lake Valley. Yo ta dwe kòmanse plante. Mesye yo te fè charyo yo travèse mòn yo. Yo te desann nan vale a. Yo te monte yon kan bò yon ti rivyè. Yo te priye Senyè a. Yo te mande l pou l beni grenn yo ta pral plante yo. Mesye yo te plante grenn yo. Nan demen, Brigham Young ak pyonye ki te avèk li yo te rive nan vale a. Brigham Young te gade vale a pandan li te nan charyo l la. Li te konnen se la Senyè a te vle pou Sen yo viv. Brigham Young te di, “Men vrè kote a. Antre ladann.” Sen yo te fè charyo yo desann nan vale a. Se te le 24 jiyè 1847.