Istwa nan Ekriti yo
Chapit 64: Legliz Jezikri a Jodi a


“Chapit 64: Legliz Jezikri a Jodi a,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 236–37

“Chapit 64,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 236–37

Chapit 64

Legliz Jezikri a Jodi a

Imaj
Joseph Smith and brethren

Anpil ane pase depi lè Legliz la te kòmanse nan Fayette, Nouyòk. Legliz la te grandi anpil nan ane sa yo. An 1830, Legliz la te kòmanse avèk sis moun, pandan lòt t ap suiv.

Imaj
missionaries greeting various cultures

Misyonè te al anseye levanjil la nan anpil peyi. Moun te koute misyonè yo. Yo te kwè nan levanjil la e yo te vin manm Legliz la. Jodi a Legliz la gen plizyè milyon manm k ap viv toupatou nan mond lan. Yo pale anpil lang. Yo kontan poutèt yo se manm Legliz la.

Imaj
modern prophets speaking at conference

Le 6 avril 1980, se te fèt Legliz la. Li te gen sansenkantan. Legliz la te fè yon konferans espesyal jou fèt li a. Te gen de reyinyon ki te fèt ansanm. Youn nan reyinyon yo te fèt Fayette, Nouyòk. Pwofèt Spencer W. Kimball te lòtbò a nan yon kay ki te bati yon jan pou l te sanble tèt koupe ak kay Peter Whitmer a.

Imaj
family dressed in white

Lòt reyinyon an te fèt nan tabènak Salt Lake City a. Te gen plizyè milye moun nan reyinyon an. Prezidan Kimball te pale a Sen yo nan televizyon. Li te konsakre kay Peter Whitmer a. Tout manm Legliz la te kontan wè ak tande pwofèt la. Manm Legliz la beni anpil. Nou ta dwe gen rekonesans poutèt nou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou gen yon pwofèt k ap dirije nou.

Enprime