Istwa nan Ekriti yo
Entwodiksyon: Anvan Doktrin ak Alyans lan


“Entwodiksyon: Anvan Doktrin ak Alyans lan,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 1–5

“Entwodiksyon,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 1–5

Entwodiksyon

Anvan Doktrin ak Alyans lan

Imaj
Heavenly Father teaching

Nou te viv nan syèl la anvan nou te vini sou tè a. Papa nou ki nan Syèl la te ban nou plan sali a. Plan sali a ede nou prepare nou pou nou viv nan Syèl la ankò. Si nou obeyi plan an, nou kapab viv avèk Papa ki nan Syèl la apre rezirèksyon nou.

Imaj
Jesus and other spirits

Jezi te viv avèk nou nan syèl la. Li te vle obeyi plan Papa ki nan Syèl la. Jezi te di li tap vin sou tè a pou l te ka Sovè nou. Li tap fè travay Papa ki nan Syèl la.

Imaj
Heavenly Father and Satan

Satan te viv avèk nou nan syèl la tou. Men li te mechan. Li pa t vle obeyi plan Papa ki nan Syèl la. Papa ki nan Syèl la te fè Satan kite Syèl la. Satan vle detwi plan sali a. Li vle bloke travay Papa ki nan Syèl la.

Imaj
prophet of old teaching

Jezi te kreye tè a. Pitit Papa ki nan Syèl la te vin viv sou li. Jezi te voye pwofèt pou anseye yo lajistis. Kèk nan moun yo te obeyi pwofèt yo.

Imaj
people mocking the prophet

Gen lòt moun sou tè a ki pa t vle koute pwofèt yo. Moun sa yo te obeyi Satan. Yo te vin mechan.

Imaj
Old Testament prophet seeing vision of Jesus

Ansyen Testaman an pale apwopo moun ki te viv nan Palestin nan tan lontan. Moun sa yo te tande pale apwopo Jezi. Moun jis yo te gen levanjil li a. Gason jis yo te gen prètriz. Pwofèt yo te anseye moun yo Jezi tap vin sou tè a. Se li ki tap Sovè yo.

Imaj
Book of Mormon prophet seeing vision of Christ

Liv Mòmon an pale apwopo moun ki te viv an Amerik nan tan lontan. Yo te tande pale apwopo Jezi. Yo te gen levanjil li. Gason ki jis yo te gen prètriz la. Pwofèt yo te anseye moun Amerik yo Jezi tap vin Sovè yo. Li tap vizite yo apre rezirèksyon l.

Imaj
Jesus teaching two women

Jezikri te vin viv sou tè a. Nouvo Testaman an pale apwopo vi li sou tè a. Jezi te anseye moun levanjil li a. Li te anseye yo pou yo obeyi kòmandman Papa ki nan Syèl la.

Imaj
Jesus ordaining Apostles

Jezi te chwazi douz gason kòm Apot. Li te ba yo prètriz la. Li te kòmanse legliz li a. Anpil moun te renmen Jezi. Yo te jis e yo te obeyi ansèyman li yo.

Imaj
Jesus nailed to cross

Satan pa t vle moun obeyi Jezi. Satan te tante moun yo, epi yo te vin mechan. Yo pa t kwè nan Jezi. Yo te rayi Jezi. Yo te touye l.

Imaj
Jesus and Apostles

Jezi te resisite apre twa jou. Li te pale ak Apot li yo. Li te di yo pou yo anseye tout moun levanjil la. Jezi te vizite tout moun jis ki te nan Amerik la. Apre sa, li te al jwenn Papa l nan Syèl la.

Imaj
Apostle teaching

Se Apot yo ki t ap dirije Legliz Jezikri a. Yo te ale nan anpil peyi. Yo te anseye moun levanjil la. Anpil moun te kwè nan Jezi epi yo te batize. Apot yo te bay gason jis yo prètriz la. Vrè Legliz Jezikri a te gen anpil manm.

Imaj
evil people stoning prophet

Satan te vle detwi Legliz Jezikri a. Li te tante moun, epi yo te obeyi l. Anpil moun te sispann kwè nan Jezi. Mechan yo te touye manm jis Legliz la. Yo te touye Apot yo. Pa t gen moun pou dirije Legliz la. Pa t gen okenn moun sou tè a pou bay lèzòm prètriz la.

Imaj
priest baptizing infant

Gen kèk moun ki te chanje ansèyman Legliz Jezikri a. Yo te chanje kòmandman Bondye yo. Vrè Legliz Jezi te kòmanse a pa t egziste ankò. Moun te kòmanse fè legliz pa yo. Men okenn nan legliz yo pa t vrè Legliz la.

Imaj
three leaders of different religions

Anpil syèk te pase. Te gen anpil legliz diferan sou tè a. Men okenn ladan pa t vrè Legliz Jezikri a. Manm legliz yo te kwè nan Jezikri. Men legliz yo pa t gen vrè levanjil la. Yo pa t gen prètriz Bondye a. Yo pa t gen pwofèt ni Apot.

Imaj
young boy being baptized

Jezi te di li tap retounen sou tè a. Li te di vrè Legliz li a dwe sou tè a anvan li retounen. Moun dwe konnen vrè levanjil li a. Gason dwe gen prètriz la. Dwe gen pwofèt ak Apot. Dwe gen revelasyon.

Imaj
Prophet Joseph writing

Jezi bay revelasyon. Revelasyon yo di nou sa li vle nou konnen. Yo di nou kisa li vle nou fè. Jezi bay pwofèt li yo revelasyon. Revelasyon yo se pou vrè Legliz li a.

Imaj
mother reading to family

Doktrin ak Alyans lan se yon liv revelasyon. Doktrin ak Alyans lan pale de vrè Legliz Jezikri a. Li pale apwopo prètriz la. Li pale apwopo pwofèt ak Apot. Doktrin ak Alyans lan di kisa nou dwe fè pou nou pare lè Jezi retounen.

Imaj
cover of this book

Liv n ap li a baze sou Doktrin ak Alyans. Liv sa a pale apwopo kèk nan revelasyon yo. Li di kijan vrè Legliz Jezikri a te retabli sou tè a. Li pale apwopo kèk nan moun ki t ap viv lè Legliz la te kòmanse.

Enprime