Manyèl yo ak Apèl yo
4. Lidèchip nan Legliz Jezikri a


“4. Lidèchip nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (2020).

“4. Lidèchip nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,” Manyèl Jeneral

4.

Lidèchip nan Legliz Jezikri a

4.0

Entwodiksyon

Ou te aple pa enspirasyon atravè sèvitè otorize Sovè a. Antanke dirijan nan Legliz la, ou gen privilèj pou w ede nan travay Pè Selès la pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39). Ou fè sa nan ankouraje manm yo pou yo angaje yo nan travay sali ak egzaltasyon an pou yomenm, pou fanmi yo ak lòt moun (gade nan chapit 1). W ap jwenn jwa pandan w ap sèvi pitit Bondye yo.

4.1

Bi Lidèchip nan Legliz la

Dirijan yo ankouraje manm yo pou yo angaje yo nan travay Bondye a nan vin tounen “vrè disip … Jezikri” (Mowoni 7:48). Pou fè sa, dirijan yo fè efò toudabò pou yo vin disip fidèl Sovè a nan suiv ansèyman ak egzanp Li (gade nan Lik 18:22). Apre sa, yo ka ede lòt moun vin pi pre Pè Selès la ak Jezikri. Nan pwosesis pou ede lòt moun yo, yo vin tounen pi bon disip (gade nan Mozya 18:26; Doktrin ak Alyans 31:5).

Vin tounen yon disip fidèl pou w ka ede lòt moun vin tounen disip fidèl se bi ki dèyè chak apèl nan Legliz la. Chak apèl vini avèk opòtinite pou dirije, sèvi, ak ranfòse lòt moun.

4.2

Prensip Lidèchip nan Legliz la

Pandan ministè terès Li a, Sovè a te bay egzanp lidèchip nan Legliz Li a. Tout atansyon Li se te sou sèvi Pè Selès la ak ede lòt moun konprann ak viv levanjil Li a (gade nan Jan 5:30). Li te renmen moun Li t ap dirije yo epi L te montre lanmou sa a nan sèvi yo (gade nan Jan 13:3–5).

Sovè a te bati kapasite lòt moun yo nan ba yo responsablite ak opòtinite pou yo te pwogrese (gade nan Matye 10:5–8; Jan 14:12). Li te ankouraje ak korije avèk klète ak lanmou (gade nan Jan 21:15–17).

Senyè a te di, “Se pou tout moun aprann devwa yo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a avèk tout dilijans” (Doktrin ak Alyans 107:99). Pawòl sa yo aplike pou tout moun ki resevwa responsablite pou yo sèvi ak dirije nan Legliz Sovè a.

Chèche revelasyon pèsonèl pou ede w aprann ak ranpli devwa apèl ou a. Pandan w ap etidye ekriti yo, chèche prensip lidèchip Sovè a te demontre ak anseye yo. Aplike prensip ki nan chapit sa a ap ede w dirije avèk plis efikasite nan Legliz Sovè a tou.

4.2.1

Prepare Espirityèlman

Jezi te prepare tèt Li espirityèlman pou misyon terès Li a (gade nan Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:1–2, in Matye 4:1, referans b ak Matye 4:2, referans c; gade tou nan Matye 14:23). Menm jan an tou, ou prepare w espirityèlman nan rapwoche w de Pè Selès la atravè lapriyè, etid ekriti, ak obeyisans nan kòmandman L yo. Lè w suiv pwofèt Li yo, sa ede w prepare w espirityèlman tou (gade nan Doktrin ak Alyans 21:4–6).

Chèche revelasyon pou w konprann bezwen moun w ap dirije yo ak fason pou w akonpli travay Bondye aple w pou w fè a. Atravè efò ou pou w vin pi pre Senyè a, ou ka resevwa direksyon nan lavi pèsonèl ou, nan responsablite familyal ou ak nan apèl ou nan Legliz la.

Senyè pwomèt pou L devèse don espirityèl sou moun ki chèche yo tou (gade nan Doktrin ak Alyans 46:8). Lè w mande Pè Selès la avèk imilite pou w resevwa pouvwa ak don nan men L, L ap ogmante kapasite w pou w dirije ak edifye moun w ap sèvi yo.

4.2.2

Fè Sèvis Pastoral pou tout Pitit Bondye

Jezi te sèvi moun yo pèsonèlman, Li te lonje lamen pou fòtifye moun ki te santi yo poukont yo, san espwa, ak pèdi yo ak anseye yo. Atravè pawòl ak aksyon L yo, Li te montre moun ke L te renmen yo. Li te rekonèt nati divin ak valè etènèl chak moun.

Renmen moun w ap sèvi yo tankou Jezi te fè a. Priye “avèk tout enèji kè w” pou w ka ranpli avèk lanmou (Mowoni 7:48). Etabli amitye ki sensè. Lonje lamen bay moun ki ka santi yo poukont yo, ki bezwen rekonfò, oubyen ki gen lòt bezwen. Lanmou w ap beni lavi yo epi ede yo gen dezi pou yo vin jwenn Kris la.

Ede manm yo ranfòse lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Ede yo prepare yo pou yo fè alyans lè y ap resevwa pwochen òdonans yo a. Avèti kont peche, epi ankouraje manm yo pou yo respekte alyans yo ak resevwa benediksyon repantans yo. Ede yo konnen ke yo ka aji pou yo akonpli potansyèl diven yo kèlkeswa difikilte yo rankontre.

4.2.3

Ansenye Levanjil Jezikri a

Tout dirijan se enstriktè. Fè efò pou w suiv egzanp Sovè a antanke enstriktè (gade nan chapit 17; Ansenye nan Fason Sovè a). Atravè pawòl ak aksyon, anseye doktrin Jezikri a ak prensip levanjil Li a (gade nan 3 Nefi 11:32–33; Doktrin ak Alyans 42:12–14). Ansèyman efikas enspire moun pou yo ranfòse relasyon yo avèk Bondye ak viv levanjil la, pandan y ap pwogrese al nan direksyon lavi etènèl.

Anseye apati ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo (gade nan Doktrin ak Alyans 52:9). Sonje ke “preche pawòl la [gen] pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase … nenpòt lòt bagay” Alma 31:5).

Chèche enfliyans Lespri a lè w ap prepare w pou anseye. Sentespri a pote laverite nan kè ak panse moun w ap anseye yo (gade nan 2 Nefi 33:1).

Anseye manm yo pou yo konsakre tèt yo nan etidye levanjil la pèsonèlman epi avèk fanmi yo.

Si w ap dirije yon inite nan Legliz la, kowòm prètriz, oubyen lòt òganizasyon, asire w ke ansèyman an edifyan e kòrèk doktrinalman.

4.2.4

Prezide avèk jistis

Prezide nan Legliz la mache ansanm avèk responsablite pou ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo rete nan presans Li. Moun ki ap prezide yo dwe sèvi ak anseye avèk jantiyès, dousè, ak vrè lanmou, selon egzanp Jezikri (gade nan Jan 13:13–15).

Senyè a te revele, li “nesesè pou gen prezidan, oubyen ofisye pou prezide” nan Legliz Li a (Doktrin ak Alyans 107:21). Chak inite, kowòm prètriz, ak lòt òganizasyon nan Legliz la gen yon ofisye prezidan ki ap dirije l. Se yon moun ki gen kle prètriz la oubyen yon moun li otorize ki aple l e ki mete l apa. Chak ofisye ki ap prezide dwe sèvi sou direksyon yon moun ki gen kle prètriz la (gade nan 3.4.1). Estrikti sa a mete lòd epi l klarifye liy responsablite ak obligasyon lè moun ap fè travay Senyè a.

Yon apèl oubyen responsablite pou prezide pa fè moun ki resevwa l la pi enpòtan oubyen gen plis valè pase lòt moun.

Si w aple oubyen ou resevwa responsablite pou w prezide, suiv ansèyman Sovè a ki di “nenpòt moun ki chèf nan pami nou, se pou l sèvitè nou” (Matye 20:27; gade tou nan vèsè 26–28). Se pou youn fè konsèy avèk lòt epi chèche inite pou akonpli volonte Senyè a (gade nan 4.2.5).

Pa aspire pou w prezide nan okenn òganizasyon nan Legliz Senyè a (gade nan Doktrin ak Alyans 121:37). De preferans, sèvi avèk imilite ak fidelite nan pozisyon yo aple w la. Fè efò pou w akonpli travay Senyè a avèk je w fikse sou laglwa Li (gade nan Doktrin ak Alyans 4:5).

4.2.5

Fè Konsèy Ansanm ak Bati Inite

Senyè a bay dirijan Legliz Li a direksyon pou yo chita an konsèy ansanm pou yo ka resevwa konesans nan men L (gade nan Doktrin ak Alyans 107:27–31). Li mete aksan tou sou nesesite pou gen inite (gade nan Jan 17:6–11, 20–23; 3 Nefi 11:28–30). Li te di, “Nou dwe fè youn; epi si nou pa fè youn, nou pa moun mwen” (Doktrin ak Alyans 38:27).

Nan konsèy yo, dirijan yo reyini sou direksyon ofisye k ap prezide yo pou yo diskite sou fason pou yo ede moun yo ak fanmi yo. Nan lapriyè, yo chèche konnen volonte Bondye (gade nan Doktrin ak Alyans 41:2–3). Sou direksyon Lespri a, yo travay ansanm pou yo detèmine fason efikas pou yo sèvi manm òganizasyon yo a.

Antanke yon dirijan Legliz, chèche bati inite nan pami moun w ap sèvi yo, pou ede yo vin gen “yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18). Si w fè pati yon konsèy oswa yon prezidans, bati inite pandan youn ap konseye lòt, pataje santiman ak ide ki onèt, epi koute (gade nan Doktrin ak Alyans 88:122; gade tou nan chapit 7).

Si w se manm yon konsèy, ini ansanm pou w sipòte ak soutni desizyon moun k ap prezide nan konsèy la.

4.2.6

Delege Responsablite epi Asire ke Moun yo Konprann Responsablite yo

Sovè a te bay disip Li yo tach ak responsablite siyifikatif. Li te fè yo pran responsablite yo nan fè suivi avèk yo epi nan mande yo rapò sou travay Li te ba yo fè a. (Gade nan Lik 10:1–17.)

Antanke dirijan, detèmine kijan w ap itilize tan w nan fason ki pi efikas la. Youn nan aspè jesyon tan w se delege tach bay lòt moun ki ka asiste nan travay la.

Si w delege tach, sa ap rann sèvis ou pi efikas. Si w eseye fè twòp, w ap “fin kraze kouraj ou” (Egzòd 18:18). Chèche direksyon Lespri a pou w ka konn kisa ou dwe delege pou w ka konsantre w sou pi gwo priyorite w yo.

Lè w delege tach, sa beni lòt moun tou, sa ede yo pwogrese ak resevwa benediksyon ki soti nan sèvi. Fè efò pou w angaje tout manm yo nan fè travay Bondye a.

Fè delegasyon se plis pase bay yon tach. Sa enkli anseye ak fè yon lòt moun konfyans pou l akonpli tach la tou. Òdinèman, sa enkli eleman sa yo:

  • Rankontre moun nan pou eksplike tach la ak bi li.

  • Diskite fason tach la ta ka fèt, ki lòt moun ki ta ka enplike, ak ki lè l ta dwe fini. Asire w ke moun nan konprann tach la epi li vle aksepte li. Eksprime konfyans nan kapasite l.

  • Fè moun nan konfyans pou l resevwa enspirasyon sou fason pou l prepare plan ak akonpli tach la. Bay ankourajman, direksyon ak sipò.

  • Rankontre ansanm, si sa nesesè, pou moun nan ka bay rapò sou tach la. Aksepte pi bon efò moun nan, epi eksprime apresyasyon pou sa l fè a.

4.2.7

Prepare Lòt Moun pou yo Vin Dirijan ak Enstriktè

Sovè a te prepare Apot Li yo pou yo te vin dirijan nan Legliz Li a. Menm jan tou, se pou w ede lòt moun yo prepare yo pou yo vin dirijan ak enstriktè.

Lè, nan yon espri lapriyè, w ap konsidere kiyès ki ta dwe sèvi nan apèl oswa tach nan Legliz la, sonje ke Senyè a ap kalifye moun Li aple yo. Sa k pi enpòtan an se pou yo dispoze pou yo sèvi, pou yo enbleman chèche èd Senyè a, epi pou yo fè efò pou yo rete diy. Apèl ak tach yo kapab ede yo pwogrese paske y ap ba yo opòtinite pou yo egzèse lafwa yo, pou yo travay di, epi pou yo santi Bondye ap mayifye efò yo. Bay direksyon ak asistans pou nouvo manm yo ak lòt moun ki ka bezwen sipò siplemantè pou yo ranpli apèl yo.

Kèkfwa, se menm ti gwoup moun nan ki toujou resevwa apèl nan pozisyon dirijan. Sa ka fatige yomenm ak fanmi yo epi retire opòtinite nan men lòt moun. Chèche bay tout manm opòtinite pou yo sèvi ak pwogrese.

Pou direksyon sou rekòmande manm pou sèvi nan apèl nan Legliz la, gade nan chapit 30.

4.2.8

Planifye Reyinyon, Leson, ak Aktivite avèk Bi ki Klè

Chèche direksyon Lespri a lè w ap planifye reyinyon, leson, ak aktivite ki gen bi ki klè. Bi sa yo ta dwe ranfòse moun yo ak fanmi yo, mennen yo pi pre Kris la, epi ede yo akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a (gade nan chapit 1 ak 2). Lè w ap planifye, suiv prensip ki nan chapit 20 ak 29 yo.

Fè plan alontèm pou òganizasyon w lan. Kenbe yon kalandriye anyèl. Konsantre sou ankouraje kwasans espirityèl manm yo.

4.3

Evalyasyon Pwogrè

Sèvis konsakre w la mande sakrifis tan, men, pa neglije pwòp bezwen pa w ak bezwen fanmi w. Chèche direksyon Sentespri a pou ede w kenbe priyorite w yo (gade nan Mozya 4:27).

Revize responsablite w ak pwogresyon espirityèl ou regilyèman kòm dirijan. Konsidere pwogresyon moun w ap dirije yo tou. Dirijan Inite yo, kowòm prètriz yo, ak lòt òganizasyon yo ka revize endikatè kle yo ak rapò trimèstriyèl la pou wè ki kote yo fè pwogrè ak ki kote ki gen potansyèl pou pwogresyon.

Siksè w kòm dirijan mezire prensipalman pa angajman w pou w ede pitit Bondye yo vin disip fidèl Jezikri. Paske tout moun gen libabit, kèk moun ka chwazi pou yo kite chemen alyans lan. Kèk fwa, sa ka dekouraje w, men, si w al jwenn Senyè a, L ap ankouraje w ak rekonfòte w (gade nan Alma 26:27). Ou ka konnen lè Senyè a satisfè de efò ou lè w santi Lespri a ap travay atravè oumenm.