Reyinyon Dirijan pou Konferans Jeneral.
Enstriksyon sou Lidèchip Avril 2021


Imaj
scenes of people participating in ordinances

Makonnen avèk Sovè Atravè Alyans ak Òdonans

Yo te entwodui enstriksyon sou lidèchip sa a pandan reyinyon lidèchip konferans jeneral Avril 2021 an.

Materyèl fòmasyon pou Konsèy Rejyon, Kowòdinasyon, Misyon, Pieu, Pawas, ak Branch

Pandan enstriksyon sa a, ou pral wè ak tande eksperyans pitit Pè Selès la yo nan divès etap sou wout pou yo vin makonnen avèk Sovè a pa mwayen alyans ak òdonans. Ou pral tande kijan renmen, pataje, ak envite te ede yo pwogrese sou chemen alyans lan avèk jwa. Ou ka rekonèt kijan pataje levanjil la, travay tanp ak istwa familyal, ak pran swen moun ki nan bezwen yo tout jwe yon wòl. Men sitou, ou ka remake kijan tout bagay sa yo “ [te]rasanble ansanm pou fè youn … nan Kris la” (Efezyen 1:10).

Etap Lavi 1: Timoun yo

Gade videyo avèk Prezidant Joy D. Jones ak timoun yo epi apresa diskite sou sa w pral fè pou ede timoun yo makonnen tèt yo avèk Sovè a sou chemen alyans lan.

  • Kisa Lespri a te anseye nou pandan nou t ap gade videyo sa a?

  • Kijan prensip renmen, pataje, ak envite yo ede timoun yo lè y ap fè efò pou yo pataje levanjil la?

  • Kijan sèvis ede timoun yo rete sou chemen alyans lan aprè batèm?

Imaj
yon tifi ka p li pou paran li sou yon kanape

Etap Lavi 2: Jèn yo

Gade videyo avèk Prezidant Bonnie H. Cordon ak Prezidan Stephen J. Lund ak jèn yo epi apresa diskite sa w pral fè pou ede jèn yo makonnen tèt yo avèk Sovè a sou chemen alyans lan.

  • Kijan nou ka ede jèn yo respekte alyans batèm yo ak prepare yo pou pwochen etap la sou chemen alyans lan?

  • Kijan prensip renmen, pataje, ak envite a ede jèn yo patisipe nan travay tanp ak istwa familyal?

  • Kijan nou ka ede jèn yo gen espwa ak santiman apatenans pandan yo vin makonnen avèk Sovè a?

Etap Lavi 3: Jèn Adilt

Gade videyo avèk Prezidan Mark L. Pace ak jèn adilt yo epi apresa diskite sa w pral fè pou ede jèn adilt yo makonnen tèt yo avèk Sovè a sou chemen alyans lan.

  • Kisa nou aprann nan renmen, pataje, ak envite ke lòt moun ofri nou?

  • Kijan nou ka ede jèn adilt yo gen espwa ak santiman apatenans pandan y ap ogmante otonomi yo ak sèvi lòt moun? Kijan nou ka ede yo konnen ke nou bezwen yo nan Legliz Senyè a?

  • Ki wòl aktivite Legliz ki siyifikatif ak dirijan ki byenveyan jwe nan makonnen jèn adilt yo avèk Sovè a?

Etap Lavi 4: Adilt yo

Gade videyo avèk Prezidan Jean B. Bingham ak adilt yo, epi apresa diskite sa w pral fè pou ede adilt yo makonnen tèt yo ak Sovè a sou chemen alyans lan.

  • Kijan alyans nou yo pote gerizon epi ede nou rete sou chemen an—menm nan moman difisil yo?

  • Ki fason nou te jwenn pou nou ede manm yo makonnen tèt yo ak lòt moun avèk Sovè a pa mwayen alyans?

  • Kijan devlope otonomi espirityèl ede nou renmen, pataje, ak envite?

Resous pou Konsèy Rejyon, Kowòdinasyon, Misyon, Pieu, Pawas, ak Branch yo

Pou Timoun yo ak Jèn yo

Apèsi sou pwogram Timoun ak Jèn nan

Pwogram Timoun ak Jèn nan prepare pou fòtifye lafwa jenerasyon ki ap grandi a nan Jezikri ak pou ede timoun yo, jèn yo, ak fanmi yo pwogrese sou chemen alyans lan pandan y ap rankontre pwoblèm lavi yo. Li ede timoun yo ak jèn yo nan efò yo pou yo patisipe nan rasanbleman Izrayèl la ak travay sali ak egzaltasyon an nan lavi chak jou yo. Li santre sou fwaye a epi Legliz la sipòte l.

Imaj
yon fanmi k ap monte mòn

Espwa pou jenerasyon k ap grandi a

Pwogram Timoun ak Jèn nan ede jenerasyon k ap grandi a pwogrese nan plizyè fason, enkli atravè revelasyon, libabit, ak relasyon. Moun aprann resevwa ak aji sou revelasyon pèsonèl lè yo egzèse libabit yo epi yo chwazi opòtinite pou yo pwogrese pou tèt pa yo. Sa rive tou lè jèn yo aprann dirije nan prezidans kowòm yo ak klas yo. Yo bati relasyon avèk fanmi yo, dirijan yo, ak lòt moun ki gen menm laj avèk yo pandan y ap travay ak sèvi ansanm epi vin konnen ke yo fè pati travay Senyè a e gen bezwen pou yo nan travay sa a.

Ki Kote Nou Ta Dwe Kòmanse Jodia?

Nou envite timoun yo, jèn yo, ak paran yo ak dirijan yo pou yo angaje yo oubyen reyangaje yo pou yo vin pi sanble avèk Sovè a nan patisipe nan travay Li a. Efò sa yo pa bezwen difisil! Men kèk kote ki senp nou ka kòmanse:

Paran yo
  • Rasanble fanmi w pou etid levanjil. Manyèl Vini, Suiv Mwen yo ka ede. Ou ta gen dwa konsidere fè diskisyon sou sijè tankou alyans, revelasyon, libabit, ak benediksyon patriyakal.

  • Planifye yon aktivite familyal. Kijan w ta ka sèvi you moun nan vwazinaj ou oubyen nan kominote w la san danje? Kote l disponib, JustServe ka ede w jwenn ide.

  • Reyini avèk chak pitit gason ak pitit fi youn pa youn. Diskite sou sa k enterese yo epi pale de kijan yo vle grandi. Ede yo epi sipòte yo nan devlopman pèsonèl yo. Pale de ki bi yo te fikse oubyen sou ki bi yo vle travay.

Dirijan Primè yo
  • Se pou nou konnen sikonstans lakay timoun yo, epi chèche revelasyon pou ede yo chak.

  • Kòmanse fè reyinyon Dimanch ak aktivite Primè an pèsòn oubyen vityèlman (lè sa san danje epi yo otorize l).

  • Sa pa yon pwoblèm si w pa konekte objektif endividyèl yo avèk aktivite yo! Ou dwe fokis sou konekte avèk timoun yo ak fanmi yo ak sou beni yo—sitou lè yo bezwen èd oubyen yo mande èd.

Dirijan adilt pou jèn yo
  • Kòmanse fè reyinyon Dimanch ak aktivite kowòm ak klas an pèsòn oubyen vityèlman (lè sa san danje epi yo otorize l). Ankouraje jèn yo pou yo memorize epi kòmanse reyinyon yo avèk nouvo tèm Jènfi yo ak tèm kowòm Prètriz Aawon an.

  • Aple, mete apa, epi bay prezidans kowòm ak prezidans klas yo otorite. Ede yo fè reyinyon prezidans regilyèman epi planifye e dirije reyinyon ak aktivite Dimanch yo. Fè konsèy jèn pawas la, epi ankouraje patisipasyon nan reyinyon kowòdinasyon misyonè, tanp, ak istwa familyal yo. Ankadre epi sipòte prezidans yo jan sa nesesè san w pa fè travay la pou yo. Ede prezidans yo aprann talan dirijan pandan y ap itilize resous kowòm ak prezidans klas yo.

  • Planifye epi fè kan jenès ak konferans jenès an 2021 an, pandan w ap suiv direktiv sekirite yo.

  • Sa pa yon pwoblèm si w pa konekte objektif endividyèl yo avèk aktivite yo! Mete enèji w nan konekte avèk jèn yo. Ou gendwa ede prezidans kowòm yo ak prezidans klas yo tou pou yo konekte aktivite yo avèk bezwen jèn yo.

Pou plis enfòmasyon, gade nan ChildrenandYouth.ChurchofJesusChrist.org.

Pou Adilt yo

Kote Jèn Adilt Sèl yo Rasanble

Premye Prezidans lan bay apwobasyon pou rejyon yo etabli kote pou jèn adilt yo rasanble baze sou bezwen rejyon yo. Yon kote pou rasanble se yon lokasyon yo deziyen nan yon fasilite ki egziste deja (tankou yon chapèl oubyen bilding enstiti) kote jèn adilt sèl yo ak zanmi yo ka rasanble pou yo patisipe nan kèk oubyen tout bagay sa yo (selon bezwen ak resous lokal yo):

  • Edikasyon Relijye ak aprantisaj levanjil (enkli enstiti)

  • Sèvis ak Aktivite Sosyal

  • Aktivite Tanp ak istwa familyal

  • Opòtinite pou otonomi ak edikasyon

  • Aktivite misyonè ak kontak kominote

  • Lòt Pwogram nan Legliz la

Prezidans Rejyon an dwe apwouve tout kote ki ap gen rasanbleman yo e yo dwe sipèvize pa prezidan pieu yo ak evèk yo.

Imaj
jèn moun k ap pale youn ak lòt

Apèl pou Jèn Adilt Sèl ak Adilt Sèl

Chanjman resan nan règleman yo ak klarifikasyon yo rezoud pwoblèm enkonpreyansyon ak tradisyon ki egziste konsènan limit nan opòtinite pou manm selibatè yo sèvi nan legliz Senyè a. Chanjman politik ak klarifikasyon sa yo, ke Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo apwouve epi ki enkli nan Manyèl Jeneral la, eksplike ke jèn adilt sèl yo ak adilt sèl yo ka jwenn benedkisyon nan anpil apèl epi yo ka beni lòt nan anpil apèl, enkli kòm dirijan pieu ak pawas. Menm politik sa yo an vigè kounyea nan tout inite nan Legliz la, enkli inite jèn adilt sèl ak adilt sèl yo. Restriksyon ki te genyen kont jèn adilt sèl ak adilt sèl pou yo pa t sèvi nan prezidans pieu, episkopa, ak prezidans Sosyete Sekou Pieu nan inite jèn adilt ak adilt sèl yo pa egziste ankò.

Manm selibatè yo ka sèvi nan pozisyon dirijan tankou prezidans òganizasyon pawas ak pieu, prezidans kowòm ansyen, konseye nan episkopa, manm gran konsèy, ak konseye nan prezidans pieu.

Bezwen epi Akeyi tout moun—Renmen, Pataje, ak Envite

Lè manm yo gen difikilte pou yo santi yon santiman apatenans, pafwa, pa aksidan, dirijan ak lòt manm konn di dè bagay ki ranfòse kwayans manm sa yo pou fè yo santi ke yo pa nan plas yo ni yo pa bewen yo.

Imaj
jèn moun k ap pale youn ak lòt

Sonje verite sa yo sou renmen, pataje, ak envite a ka ede nou akeyi tout moun nan aktivite, fratènite, ak apatenans nan Legliz Jezikri a:

  • Chak moun se yon pitit byenneme Bondye avèk yon nati ak yon destine diven. Anplis de benediksyon etènèl Li pwomèt moun ki fidèl yo, Li vle beni pitit Li yo kounyeya, pandan lavi sa a.

  • Nou bezwen chak Pitit Bondye nan travay bati wayòm Li a.

  • Ede yon moun santi l entegre epi santi ke nou bezwen li kòmanse avèk lanmou. Koute pou w ka konprann eksperyans li. Pa sipoze ke w deja konnen oubyen konprann.

  • Nou pa gen repons pou tout kesyon noumenm oubyen lòt moun ap fè fas nan lavi sa a. Pa egzanp, nou pa konnen rezon ki fè yon moun kapab ap fè fas avèk yon difikilte patikilye.

  • Rete ouvè epi pa jije moun. Akeyi chak moun, kèlkeswa kote moun sa a ye nan vwayaj li. Ofri èd, epi konsantre sou verite ki di ke nou bezwen chak moun nan Legliz la.

  • Si, san w pa rann ou kont, ou di yon bagay ki koze lapèn, pa defann tèt ou; prezante eskiz ou epi apre sa chèche padon ak amelyorasyon.

Pou plis enfòmasyon konsènan jan w ka ede manm ki nan sikonstans espesifik yo, gade Counseling Resources.

Kijan Konvèsyon Yon Moun te Grandi Vin Tounen yon Ekip Frè

Prensip pou Renmen, Pataje, ak Envite

Benediksyon yo Pwomèt lè nou Renmen, Pataje, Envite

Enprime