Istwa Legliz la
Resi sou Premye Vizyon an


Limyè solèy nan mitan pyebwa

Resi sou Premye Vizyon an

Apèsi

Joseph Smith te ekri ke Bondye Papa a ak Jezikri te parèt devan li nan yon ti rak bwa toupre kay paran l yo nan lwès Eta Nouyòk lè l te gen 14 zan. Devan enkyetid pou peche li ak ensètitid sou ki wout pou l te suiv, Joseph te chèche gidans nan asiste reyinyon, li ekriti, ak priye. An repons, li te resevwa yon manifestasyon selès. Joseph te pataje ak dokimante Premye Vizyon an, jan nou vin konnen l lan, nan plizyè okazyon; li te ekri oswa asiyen grefye pou te ekri kat resi diferan sou vizyon an.

Joseph Smith te pibliye de resi sou Premye Vizyon an pandan peryòd lavi li. Premye nan resi sa yo, ke nou konnen jodia kòm Istwa—Joseph Smith, te kanonize nan Pèl Gran Pri a epi konsa li te vin tounen resi ke plis moun konnen an. De resi ki pa t pibliye yo, ki te ekri nan otobyografi inisyal Joseph Smith la ak yon ansyen jounal, te jeneralman tonbe nan loubli jiskaske istoryen ki t ap travay pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te redekouvri yo epi pibliye yo nan ane 1960 yo. Depi lè sa a, dokiman sa yo te vin fè objè diskisyon san rete nan revi Legliz yo, nan bagay Legliz la ak laprès ki afilye ak Legliz la enprime, epi pa savan Sen Dènye Jou nan lòt domèn.1 Anplis resi otantik yo, te genyen senk deskripsyon sou vizyon Joseph Smith la ki te anrejistre pa moun ki t ap viv nan epòk li yo tou.2

Divès resi sa yo sou Premye Vizyon an rakonte yon istwa konsistan, malgre natirèlman yo diferan nan anfaz ak detay. Istoryen yo atann ke lè yon moun ap repale de yon eksperyans nan plizyè kote pou diferan odyans pandan anpil ane, chak resi ap mete aksan sou diferan aspè nan eksperyans la epi chak ap gen detay ki patikilye. Anfèt, diferans similè ak sa yo nan resi Premye Vizyon an egziste nan pakèt resi ekriti yo bay sou vizyon Pòl la sou wout Damas la ak sou eksperyans Apot yo sou Mòn Transfigirasyon an.3 Men malgre diferans yo, gen yon konsitans debaz ki rete atravè tout resi yo bay yo sou Premye Vizyon an. Kèk moun pa erè agimante ke nenpòt varyasyon nan re rakonte istwa a se yon prèv ke l te fabrike. Okontrè, resi istorik rich sa a pèmèt nou aprann plis konsènan evènman remakab sa a plis pase nou ta kapab aprann si te gen mwens dokiman sou li.

Resi yo sou Premye Vizyon an

Chak resi sou Premye Vizyon an ke Joseph Smith ak moun nan epòk li yo bay yo gen pwòp istwa ak kontèks pa yo ki te enfliyanse fason yo te sonje, kominike, ak anrejistre evènman an. Resi sa yo diskite pi ba la a.

Resi 1832. Pi ansyen resi nou konnen sou Premye Vizyon an, sèl resi ke Joseph Smith te ekri ak pwòp men pa li, nou jwenn li nan yon otobyografi Joseph Smith, toukout, non plibliye ki te ekri nan dezyèm mwatye ane 1832 a. Nan resi a, Joseph Smith te dekri kijan l te pran konsyans de pwòp peche li ak fristrasyon li paske li pa t kabap jwenn yon legliz ki te koresponn ak sa li te li nan Nouvo Testaman an epi ki t ap mennen l nan redanmsyon. Li te mete aksan sou Ekspyasyon Jezikri a ak redanmsyon pèsonèl li te ofri. Li te ekri ke “Senyè a” te parèt epi L te padone li pou peche l yo. Kòm yon rezilta vizyon an, Joseph te fè eksperyans lajwa ak lanmou, malgre ke, jan li te note, li pa t ka jwenn pèsonn ki te kwè resi l la. Li resi 1832 a la a.

Resi 1835. Nan otòn 1835, Joseph Smith te rakonte Premye Vizyon l lan bay Robert Mattews, yon vizitè nan Kirtland, Ohio. Resi an, ke sekretè l, Warren Parrish, te anrejistre nan jounal Joseph, mete aksan sou tantativ li pou l te dekouvri ki legliz ki te kòrèk, opozisyon li te santi lè l te priye, ak aparisyon yon pèsonaj diven ki te suiv pa yon lòt tousuit apre. Resi sa a mansyone aparisyon anj nan vizyon an tou.. Li resi 1835 la la a.

Resi 1838. Narasyon sou Premye Vizyon an Sen Dènye Jou yo pi byen konnen se resi 1838 la. Pibliye pou lapremyè fwa an 1842, nan Times and Seasons, jounal Legliz la nan Nauvoo, Illinois, resi a te fè pati yon istwa pi long Joseph Smith te dikte nan mitan peryòd opozisyon entans. Tandiske resi 1832 a mete aksan plis sou istwa pèsonèl Joseph Smith kòm yon jènjan ki t ap chèche padon, resi 1838 la fokis sou vizyon an kòm kòmansman “aparisyon ak pwogresyon Legliz la.” Tankou resi 1835 la, kesyon santral la nan istwa a se ki legliz ki kòrèk. Li resi 1838 la la a.

Resi 1842. Ekri kòm repons pou rekèt editè Chicago Democrat John Wentworth pou enfòmasyon sou Sen Dènye Jou yo, resi sa a te enprime nan Times and Seasons an 1842. (“Lèt Wentworth,” la jan tout moun konnen li, se sous pou Atik Lafwa yo tou.)4 Resi a, ki te sipoze pibliye pou yon odyans ki pa t konnen kwayans Mòmon yo, konsi ak dirèk. Menm jan ak resi inisyal yo, Joseph Smith te note konfizyon li te eksperimante ak aparisyon de pèsonaj yo an repons pou priyè li. Ane apre a, Joseph Smith te voye resi sa a avèk ti modifikasyon minè bay yon istoryen ki te rele Daniel Rupp, ki te pibliye li kòm yon chapit nan liv li a, He Pasa Ekklesia [Legliz la Antye]: Yon Istwa Orijinal sou Denominasyuon Relijye ki Egziste Kounyea nan Etazini,5 Li resi 1842 a la a.

Resi Siplemantè yo. Anplis resi sa yo ke Joseph Smith limenm te bay, gen senk resi ki te ekri pa moun nan epòk la ki te tande Joseph Smith ap pale de vizyon an. Li resi sa yo la a.

Agiman Konsènan Resi yo sou Premye Vizyon Joseph Smith la

Varyete ak kantite resi ki egziste sou Premye Vizyon an te pouse kèk kritik kesyone si deskripsyon Joseph Smith yo te koresponn avèk reyalite eksperyans li a. Gen de agiman yo toujou prezante kont kredibilite li: premye a kesyone memwa Joseph Smith sou evènman yo; dezyèm nan mande si l pa t anbeli eleman yo nan istwa a avèk letan.

Memwa. Yon agiman konsènan resi yo sou Premye Vizyon Joseph Smith la pretann ke evidans istorik yo pa sipòte deskripsyon Joseph Smith bay sou revèy relijye nan Palmyra, Nouyòk la, ak nan anviwon l yo an 1820 an. Kèk moun pretann ke sa diminye alafwa valè deklarasyon sou zèl relijye inabityèl la ak resi sou vizyon an limenm.

Sepandan, gen evidans dokimantè ki sipòte deklarasyon Joseph Smith la sou revèy yo. Zòn kote l t ap viv la viv la te vin selèb pou zèl relijye li epi san okenn dout sete youn nan kote ki te pi ajite nan revèy relijye yo. Istoryen yo fè referans a zòn sa a kòm “distri tou-limen an” paske predikatè yo te fatige zòn nan nan fè kan revèy ak nan chèchè konvèti moun pandan premye ane 1800 yo.6 An Jen 1818, paegzanp, yon reyinyon Metodis te òganize nan Palmyra, epi ete apre a, Metodis yo te rasanble ankò nan Vienna (ki rele Phelps kounyea), Nouyòk, sou yon distans 24 kilomèt de fèm fanmi Smith yo. Jounal yon predikatè Metodis ki t ap mache preche di nou plis sou eksitasyon relijye ki te egziste nan zòn jewografik Joseph la an 1819 ak 1820. Yo rapòte ke Reveran George Lane, yon pastè revivalis Metodis, te nan nan zòn nan pandan toulède ane yo, ap pale “sou fason Bondye reyalize Refòm yo. ”7 Evidans istorik la kadre avèk deskripsyon Joseph la. Li te di ke eksitasyon relijye inabityèl sa a nan distri oswa rejyon pa l la “te kòmanse avèk Metodis yo.” Anfèt, Joseph te deklare ke li te vin “gen kèk panchan” pou Metodis.8

Anbelisman. Dezyèm agiman yo toujou prezante konsènan resi yo sou Premye Vizyon Joseph Smith la sèke li te anbeli istwa a avèk letan. Agiman sa a fokis sou de detay: kantite ak idantite èt selès Joseph Smith te deklare ke l te wè yo. Resi Premye Vizyon Joseph la dekri èt selès yo avèk pi gran detay avèk letan. Resi 1832 a di, “Senyè a te louvri syèl la sou mwen epi mwen te wè Senyè a.” Resi 1838 li a deklare, “Mwen te wè de Pèsonaj,” youn ki te entwodui lòt la kòm “Pitit gason Byenneme M nan.” Kòm rezilta, kritik yo pretann ke Joseph Smith te kòmanse nan rapòte ke l te wè yon èt—“Senyè a”—epi li te fini nan deklare ke li te wè Papa a ak Pitit Gason an.9

Gen lòt fason, pi konsistan pou n konsidere evidans lan. Odepa, nou dwe rekonèt yon amoni ki egziste nan resi a atravèse letan: twa nan kat resi yo klèman deklare ke de pèsonaj te parèt devan Joseph Smith nan Premye Vizyon an. Sa ki orijinal la se resi 1832 Joseph Smith la, ke moun ka wè ki fè referans a youn oswa de pèsonaj. Si nou li l kòm yon referans a yon èt selès, se t ap pwobableman pèsonaj ki te padone peche l yo. Dapre resi apre yo, premye pèsonaj diven an te di Joseph Smith pou l “koute” dezyèm nan, Jezikri, ki apresa te delivre mesaj prensipal la, ki te enkli mesaj sou padon an.10 Resi 1832 Joseph Smith la, apresa, ka te konsantre sou Jezikri, ki te pote mesaj sou padon an.

Yon lòt fason pou n li resi 1832 a sèke Joseph Smith te fè referans ak de èt, toulède ke l te rele “Senyè.” Agiman ki pale de anbelisman an chita sou sipozisyon ke resi 1832 a dekri aparisyon yon sèl èt diven. Men resi 1832 a pa di ke sete yon sèl èt ki te parèt. Note ke de referans yo konsènan “Senyè” a fèt nan tan separe: toudabò “Senyè a” louvri syèl la; apresa Joseph Smith wè “Senyè a.” Konsiderasyon sa a sou resi a konsistan avèk resi 1835 Joseph la, ki gen yon pèsonaj ki te parèt toudabò, apresa yon lòt te vini. Konsa, nou ka rezonableman konsidere ke resi 1832 a vledi ke Joseph Smith te wè yon èt ki apresa te revele yon lòt epi li te fè referans ak toulède kòm “Senyè a”: “Senyè a te louvri syèl la sou mwen epi mwen te wè Senyè a.”11

Konsa nou kapab definitivman konsidere deskripsyon gradyèlman espesifik Joseph yo kòm prèv yon pèspikasite ogmante, k l te akimile avèk letan, e baze sou eksperyans. An pati, diferans yo ant resi 1832 a ak resi apre yo ka gen yon bagay pou wè avèk diferans ant pawòl ki ekri ak pawòl ki pale. Resi 1832 a reprezante premye fwa Joseph Smith te fè tantativ pou l te ekri istwa l la. Menm ane sa a, li te ekri yon zanmi ke l te santi li nan prizon devan “papye plim ak lank avèk yon langaj limite ak enpafè.” Li te rele pawòl ekri a yon “ti prizon kwense.”12 Ekspansyon resi apre yo pi fasil pou n konprann e yo menm atann ke n ap konprann yo lè nou rekonèt ke yo sete pwobableman resi ke l te dikte—yon mwayen fasil, konfòtab pou Joseph Smith epi yon mwayen ki te pèmèt pawòl yo koule ak plis fasilite.

Konklizyon

Joseph Smith te temwaye sanrete ke li te fè eksperyans yon vizyon remakab sou Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri. Ni verite sou Premye Vizyon an ni agiman kont li yo pa kapab pwouve atravè rechèch istorik sèlman. Konnen verite sou temwayaj Joseph Smith la mande pou chak moun k ap chèche sensèman etidye rejis yo epi apresa egzèse ase lafwa nan Kris pou mande Bondye nan priyè sensè ak enb si rejis yo vrè. Si moun k ap chèche a mande avèk entansyon reyèl pou l suiv repons Sentespri a revele a, verite sou vizyon Joseph Smith la ap vin klè. Nan fason sa a, chak moun ka konnen ke Joseph Smith te pale onètman lè l te deklare, “M te fè yon vizyon; m te konn sa epi m te konnen Bondye te konn sa.”13

Legliz la rekonèt kontribisyon moun save yo nan kontni istorik ki prezante nan atik sa a; nou itilize travay yo avèk pèmisyon yo.

Pibliye orijinalman an Novanm 2013.

Sijè ki anrapò

  • Reponn Kesyon Levanjil yo

  • Divinite

  • Bondye Papa a

  • Jezikri

  • Joseph Smith

  • Retablisman Legliz la

  • Retablisman Prètriz la

Ekriti yo

Referans ekriti yo

Videyo

“Retablisman an”

“Joseph Smith: Pwofèt Retablisman an”

“Preparasyon Misyon Nimewo 14: Gordon B. Hinckley”

Resous pou Aprantisaj

Resous Jeneral

History, circa Summer 1832 (Istwa, anviwon Ete 1832),” The Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo)

Journal,1835–1836,” The Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo)

History, circa June 1839–circa 1841 [Draft 2] (Istwa, anviwon Ete 1839–circa 1841 [Bouyon 2]),” The Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo)

‘Church History,’ 1 March 1842 (Istwa, Legliz la, 1 Mas 1842),” The Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo)

‘Latter Day Saints,’ 1844 (Sen Dènye Jou yo, 1844,” The Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo)

Primary Accounts of Joseph Smith’s First Vision of Deity (Resi Prensipal Premye Vizyon Joseph Smith sou Divinite a),” The Joseph Smith Papers (Papye Joseph Smith yo)

Revi Legliz yo

Preparasyon pou Retablisman an,” Ensign, Jen 1999

Pèsonalite nan Liv Mòmon an Joseph te Konnen,” Ensign, Desanm 1983

Manyèl Etid

  1. Gade, paegzanp, James B. Allen, “Uit Resi Kontanporen sou Premye Vizyon an—Kisa nou Aprann nan Yo?” Improvement Era, 73 (1970): 4–13; Richard L. Anderson, “Temwayaj Joseph Smith sou Premye Vizyon an,” Ensign, Avr. 1996, 10–21; Milton V. Backman, Premye Vizyon Joseph Smith: Premye Vizyon an nan Kontèks Istorik li (Salt Lake City: Bookcraft, 1971; 2èm ed., 1980); Steven C. Harper, Premye Vizyon Joseph Smith: Yon Gid pou Resi Istorik yo (Salt Lake City: Deseret Book, 2012).

  2. Tout resi sa yo te repwodui nan Dean C. Jessee, “Premye Resi dokimante yo sou Premye Vizyon Joseph Smith la,” nan John W. Welch, ed., avèk Erick B. Carlson, Syèl yo Louvri: Resi sou Manifestasyon Diven, 1820–1844 (Provo ak Salt Lake City: Brigham Young University Press ak Deseret Book, 2005), 1–33.

  3. Travay 9:3–9; 22:6–21; 26:12–18; Matye 17:1–13; Mak 9:2–13; Lik 9:28–36.

  4. Nou ka jwenn lèt la konplè nan Joseph Smith, “Istwa Legliz la,” Times and Seasons, (Mas. 1, 1842, 707, josephsmithpapers.org.

  5. Joseph Smith, “Sen Dènye Jou yo,” nan I. Daniel Rupp, He Pasa Ekklesia: Yon Istwa Orijinal sou Denominasyon Relijye ki Egzsiste Kounya nan Etazini (Philadelphia: J. Y. Humphreys, 1844), 404–10.

  6. Whitney R. Cross, The Burned-Over District: The Social and Intellectual History of Enthusiastic Religion in Western New York, 1800–1850 (Ithaca, N.Y.: Cornell University Press, 1950); Paul E. Johnson, A Shopkeeper’s Millennium: Society and Revivals in Rochester, New York, 1815–1837 (New York: Hill and Wang, 1983); Nathan O. Hatch, The Democratization of American Christianity (New Haven: Yale University Press, 1989).

  7. Benajah Williams diary, Jiyè 15, 1820, kopi nan Bibliyotèk Legliz la, Salt Lake City; òtograf regilarize.

  8. Resi 1838 (Istwa— Joseph Smith 1:5, 8).

  9. Resi 1832 (Istwa Joseph Smith, ca. Ete 1832, 3, nan Joseph Smith, “Konpilasyon Lèt A,” Koleksyon Joseph Smith, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City); resi 1838 (Joseph Smith—Istwa 1:17).

  10. Resi 1838 (Joseph Smith—Istwa 1:17); resi 1835 (Joseph Smith, “Sketch Book of the use of Joseph Smith, jr.,(Liv Desen Joseph Smith jr.,” te itilize,” Journal, Nov. 9–11, 1835, Koleksyon Joseph Smith, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  11. Resi 1832 (Joseph Smith History, ca. Ete 1832, 3, nan Joseph Smith, “Konpilasyon Lèt A,” Koleksyon Joseph Smith, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City).

  12. Joseph Smith pou WIlliam W. Phelps, Nov. 27, 1832, Koleksyon Joseph Smith, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City; disponib nan www.josephsmithpapers.org.

  13. Resi 1838 (Istwa— Joseph Smith 1:25).