“Enstriksyon pou Pwogram 2019 la,” Enstriksyon pou Pwogram 2019 (2018)
“Enstriksyon pou Pwogram 2019 la,” Enstriksyon poi Pwogram 2019
Enstriksyon pou Pwogram 2019 la
Pi ba la a, n ap jwenn materyèl pou pwogram ane 2019 la pou jou Dimanch yo, e se pa tout ki disponib nan tout lang. Yo note nouvo atik pou ane 2019 yo pou nou.
Òganizasyon
Manyèl ak Materyèl Resous
Moun ak Fanmi
NOUVO Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo (14717; Nouvo Testaman)
Si manyèl sa a pa disponib nan lang pa w la, itilize Gid Etid Nouvo Testaman pou Manm Klas yo (35682).
Primè
Peryòd Chante (Laj 3–11)
NOUVO Vini, Suiv Mwen—Pou Peryòd Chante: 2019
Manyèl sa a ap disponib anvan fen ane 2018 la nan ComeFollowMe.lds.org, primary.lds.org, ak nan app. Bibliyotèk Levanjil la.
Klas Gadri (laj 18 Mwa–2 zan}
Gade timoun piti nou yo: Manyèl Gadri (37108)
Tout klas Primè (Laj 3–11)
NOUVOVini, Suiv Mwen—Pou Primè (14718; Nouvo Testaman)
Si manyèl sa a pa disponib nan lang pa w la, itilize Primè 7: Nouvo Testaman (34604).
Lekòldidimanch
Adilt ak Jèn nan Lekòldidimanch
NOUVO Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch (14716; Nouvo Testaman)
Si manyèl sa a pa disponib nan lang pa w la, itilize Manyèl Enstriktè Doktrin Levanjil: Nouvo Testaman an (35681).
Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou
Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen yo ak Sosyete Sekou
Si Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou a pa disponib nan lang pa w la, prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo kapab detèmine ki sijè ki pou itilize pou reyinyon konsèy sa a. Resous posib yo enkli ekriti yo, Manyèl 2: Administrasyon Legliz la (08702), revi Legliz yo, Filles dans mon royaume: l’histoire et l’oeuvre de la Société de secours (06500), Gid Familyal (31180), ak lòt resous Legliz la apwouve.
Dezyèm ak Twazyèm Dimanch
Manm yo dwe etidye mesaj konferans jeneral Premye Prezidans yo, Kowòm Douz Apot yo, ak lòt dirijan Legliz yo bay yo epi diskite sou yo, ak aplike yo. Yo dwe itilize sigjesyon ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou yo. W ap jwenn resous sa a nan revi konferans jeneral Ensign oswa Lyawona ki pi resan yo nan ComeFollowMe.lds.org, oubyen nan materyèl biwo rejyonal la voye yo.
Si Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen yo ak Sosyete Sekou a pa disponib nan lang pa w la, itilize Devwa ak Benediksyon Prètriz yo, Pati A (31111) oswa Fi Sen Dènye Jou a, Pati A (31113).
Katriyèm Dimanch
Manm yo dwe etidye yon sijè doktrinal ki anrapò avèk travay kowòm ansyen yo oswa Sosyete Sekou. Yo dwe itilize sigjesyon ki nan Vini. Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou yo. W ap jwenn resous sa a nan revi konferans jeneral Ensign oswa Lyawona ki pi resan yo, nan ComeFollowMe.lds.org, oswa nan materyèl biwo rejyonal la ap voye yo.
Si Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Ansyen yo ak Sosyete Sekou a pa disponib nan lang pa w la, itilize atik sou “Prensip Sèvis Pastoral yo” ki nan Ensign ak Lyawona yo.
Senkyèm Dimanch
Episkopa yo oswa prezidans branch yo dwe planifye reyinyon an.
Prètriz Aawon ak Jènfi
Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Vini, Suiv Mwen—Pou Jènfi yo
Si resous sa yo pa disponib nan lang pa w la, itilize Prètriz Aawon, Manyèl 1 (34820) an ak Jènfi, Manyèl 1 an (34823). Si manyèl sa yo pa disponib nan lang pa w la, itilize Devwa ak Benediksyon Prètriz Pati A (31111) oubyen Devwa ak Benediksyon Prètriz, Pati B (31112) ak Fi Sen Dènye Jou, Pati A (31113) oubyenFi Sen Dènye Jou, Pati B (31114).
Tout òganizasyon yo
Reyinyon Konsèy Enstriktè
Anseye nan Fason Sovè a
Lòt klas (si manyèl yo disponib)
Klas pou fòtifye maryaj ak fanmi, preparasyon pou tanp, preparasyon misyonè, ak istwa familyal yo p ap fèt pandan dezyèm èdtan an nan legliz la ankò. Sepandan, selon sa evèk la deside epi baze sou bezwen lokal yo, yo ka anseye klas sa yo nan lòt lè pou moun yo endividyèlman, pou fanmi yo, oubyen pou gwoup moun.
Preparasyon pou tanp
Dote nan men anwo: Manyèl Enstriktè pou Seminè pou Preparasyon pou ale nan tanp (36854) ak Prepare pou antre nan tanp sakre a (36793)
Maryaj ak relasyon familyal
Manyèl Enstriktè pou klas Maryaj ak relasyon familyal (35865) ak Gid Etid pou Patisipan nan klas Maryaj ak relasyon familyal (36357)
Materyèl pou moun ki andikape
Pou kòmande materyèl nan fòma odyo, an braille, an gran karaktè, oubyen avèk mo ki ekri sou ekran, ale nan store.lds.org
© 2018 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Apwobasyon anglè: 4/18 Tradiksyon Instructions for Curriculum 2019 Haitian Creole Apwobasyon tradiksyon: 4/18 PD60006387 036. Enprime nan Etazini Damerik.