Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen yo
Anseye, Aprann, epi Aplike Mesaj ki soti nan Konferans Jeneral yo


Vini, Suiv Mwen

Anseye, Aprann, epi Aplike Mesaj ki soti nan Konferans Jeneral yo

Kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo jwe yon wòl vital nan travay sali ak egzaltasyon an. Pandan reyinyon dimanch yo, yo diskite fason pou aplike ansèyman nan mesaj konferans jeneral resan yo sou efò yo nan travay sa a. Prezidans kowòm ak Sosyete Sekou yo seleksyone yon mesaj konferans pou aprann de li pandan chak reyinyon dimanch yo, sou baz bezwen manm yo ak gidans Lespri a. Pafwa, evèk la oubyen prezidan pieu a gendwa sigjere yon mesaj tou. An jeneral, dirijan yo ta dwe chwazi mesaj manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo. Sepandan, yo kapab diskite sou nenpòt mesaj ki soti nan dènye konferans jeneral la.

Enstriktè yo konsantre yo sou fason pou ede manm yo aplike ansèyman nan mesaj konferans jeneral yo nan lavi yo. Dirijan yo ak enstriktè yo chèche fason pou ankouraje manm yo etidye mesaj yo seleksyone avan reyinyon yo.

Pou plis enfòmasyon konsènan reyinyon kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo, gade Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jeziki pou Sen Dènye Jou yo, 8.2.1.2, 9.2.1.2, ChurchofJesusChrist.org.

Planifye pou ansenye

Kesyon sa yo kapab ede enstriktè yo pandan y ap planifye pou yo itilize yon mesaj konferans jeneral pou ansenye. Si li nesesè, enstriktè yo konsilte prezidans kowòm ansyen yo oswa Sosyete Sekou pandan y ap medite sou kesyon sa yo.

  • Poukisa prezidans kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou a te chwazi mesaj sa a pou diskite? Kisa yo espere manm yo pral konnen epi fè apre diskisyon sou mesaj sa a?

  • Kisa oratè a vle manm yo konprann? Ki prensip levanjil l ap anseye? Kijan prensip sa yo aplike pou kowòm ansyen oswa Sosyte Sekou mwen yo?

  • Ki ekriti oratè a te itilize pou sipote mesaj li a? Èske gen lòt ekriti manm yo ta ka li pou apwofondi konpreyansyon yo? (Nou gendwa jwenn kèk nan nòt ki anba paj yo nan mesaj la oubyen nan Gid Ekriti yo [scriptures.ChurchofJesusChrist.org].)

  • Ki kesyon m ta kapab poze pou ede manm yo medite epi aplike ansèyman yo nan mesaj la? Ki kesyon ki ap ede yo wè enpòtans ansèyman sa yo nan lavi yo, nan fanmi yo, ak nan travay Senyè a?

  • Kisa mwen ka fè pou envite Lespri a nan reyinyon nou an? Kisa m ta kapab itilize pou amelyore diskisyon an, tankou istwa, analoji, mizik, ak bagay atistik? Kisa oratè a te fè pou ede manm yo konprann mesaj li a?

  • Èske oratè a te lanse kèk envitasyon? Kijan m ta ka ede manm yo santi dezi pou yo suiv envitasyon sa yo?

Ide pou aktivite

Gen anpil fason enstrikstè yo ka ede manm yo aprann epi aplike mesaj konferans jeneral yo. Men kèk ekzanp; enstriktè yo gendwa gen lòt ide ki ka mache pi byen nan kowòm ansyen oubyen nan Sosyete Sekou yo a.

  • Aplike verite yo nan lavi nou. Envite manm yo pou yo repase mesaj konferans la pou yo jwenn verite yo ki ta ka ede yo akonpli travay Bondye te ba yo endividyèlman oswa kòm yon kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou. Pa egzanp, kisa nou aprann ki ka ede nou kòm sèvitè? kòm paran? kòm manm misyonè? Kijan mesaj sa a enfliyanse panse, santiman, ak aksyon nou yo?

  • Diskite an gwoup. Divize manm yo an ti gwoup, epi bay chak gwoup yon seksyon diferan nan mesaj konferans lan pou yo li ak diskite. Apresa, mande chak gwoup pou yo pataje yon verite yo te jwenn ak kijan li aplike pou yo. Oubyen ou gendwa fòme gwoup avèk manm yo ki te etidye diferan seksyon nan mesaj la epi kite yo pataje sa yo te jwenn youn ak lòt.

  • Chèche repons pou kesyon yo. Envite manm yo pou yo reponn kesyon tankou sa nou pral bay la yo osijè mesaj konferans lan: Ki verite levanjil nou jwenn nan mesaj sa a? Kijan nou ka aplike verite sa yo? Ki envitasyon yo te bay e ki benediksyon yo te pwomèt? Kisa mesaj sa a ansenye nou konsènan travay Bondye vle nou fè a? Oswa kreye kèk kesyon pa ou ki ankouraje manm yo reflechi pwofondeman konsènan mesaj la oswa aplike verite li anseye yo. Kite manm yo seleksyone youn nan kesyon sa yo epi chèche repons yo nan mesaj la.

  • Pataje deklarasyon ki soti nan mesaj la. Envite manm yo pou yo pataje deklarasyon yo nan mesaj konferans lan ki enspire yo pou yo akonpli responsabilite yo nan travay sali ak egzaltasyon an. Ankouraje yo pou yo anvizaje fason yo ta kapab pataje deklarasyon sa yo pou beni yon moun, tankou moun yo renmen yo ak moun y ap bay sèvis pastoral yo.

  • Fè yon leson ak demonstrasyon. Alavans, envite kèk manm pou yo pote kèk bagay ki soti lakay yo ke yo ta ka itilize pou ansenye konsènan mesaj konferans lan. Pandan reyinyon an, mande manm yo pou yo eksplike ki rapò ki genyen ant bagay sa yo ak mesaj la epi kijan mesaj la aplike nan lavi yo.

  • Prepare yon leson pou ansenye lakay. Mande manm yo pou yo travay de pa de, pou planifye yon leson pou sware familyal ki baze sou mesaj konferans lan. Yo ta ka reponn kesyon tankou sa yo: Kijan nou ta ka fè mesaj la gen enpòtans pou fanmi nou? Kijan nou ta ka pataje mesaj sa a avèk moun n ap bay sèvis pastoral yo?

  • Pataje eksperyans. Li ansanm plizyè deklarasyon ki soti nan mesaj konferans lan. Mande manm yo pou yo pataje kèk egzanp nan ekriti yo ak nan lavi pa yo ki ilistre oubyen ranfòse doktrin ki ansenye nan deklarasyon sa yo.

  • Jwenn yon fraz. Envite manm yo pou yo chèche jwenn nan mesaj konferans la fraz ki enpòtan pou yo. Mande yo pou yo pataje fraz yo ak sa yo aprann nan yo. Mande yo pataje fason ansèyman sa yo ede nou akonpli travay Senyè a.

Pou plis ide sou fason pou etidye ak anseye apati mesaj konferans jeneral yo, gade “Ide pou Aprann ak Anseye apati Konferans Jeneral.” (Klike “Ide pou Etid ” anba “Konferans Jeneral” nan Bibliyotèk Levanjil la.)

Enprime