Sosyete Sekou
Responsablite


Imaj
gwoup moun k ap souri

Apèl Mwen kòm Konseyè nan Prezidans Sosyete Sekou

Responsablite

Senyè a rekonesan pou volonte ou genyen pou sèvi nan Legliz Li a. W ap jwenn anba la a yon rezime sou responsabilite pou apèl ou a.

Objektif Sosyete Sekou

Sosyete Sekou se yon òganizasyon divinman enstitiye pou tout fi ki adilt nan Legliz la. Sosyete Sekou ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke objektif Sosyete Sekou a se “sove nanm epi soulaje soufrans”—ofri sekou Sovè a (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 9.1).

Konseye

Prezidant lan ak konseyè li yo sipèvize sè sèvis pastoral yo, leson Dimanch yo ak aktivite yo. Yo anseye sè yo responsablite alyans yo, yo prepare jènfi yo pou yo vin patisipe nan Sosyete Sekou, epi yo kowòdone efò pou ranfòse sè ki se jèn adilt yo (gade nan 9.4). Prezidans Sosyete Sekou a ak sekretè a rankontre regilyèman (gade nan 9.3.2.3).

Dirijan ak Konsèy

Dirijant Sosyete Sekou yo planifye reyinyon Dimanch yo, aktivite, sèvis pastoral, sèvis ak lòt entèraksyon pou bay yo eksperyans nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Manm Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo travay nan inite (gade nan 9.2).

Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen yo

Prezidans Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo kowòdone tach sèvis pastoral yo epi yo ede dirije travay tanp ak istwa familyal la ak efò pou envite tout moun resevwa benediksyon levanjil yo. Epitou, yo jwe yon wòl esansyèl nan anseye manm pawas yo prensip sèvis pou moun ki nan bezwen yo, viv lwa jèn nan, konstwi otonomi, epi ogmante preparasyon pèsonèl ak familyal (gade nan 22.6.2).

Reyinyon Dimanch

Sosyete Sekou rankontre dezyèm ak katriyèm dimanch avèk yon objektif pou ogmante lafwa nan Jezikri, konstwi inite, ak ranfòse fanmi ak fwaye yo. Reyinyon yo kòmanse avèk yon priyè epi yo gen ladan yo tan pou fè konsèy ansanm ak enstriksyon ak diskisyon levanjil ki baze sou diskou konferans jeneral ki fenk fèt yo (gade nan 9.2.1.2).

Sèvis ak Aktivite

Prezidans Sosyete Sekou a ka planifye aktivite pou ranfòse lafwa sè yo nan Jezikri, pou ogmante dezi yo pou yo fè ak kenbe alyans, ak pou ba yo opòtinite pou yo sèvi ansanm. Prezidant lan sipèvize aktivite sa yo epi li ka mande yon konseyè oswa yon lòt sè pou dirije planifikasyon ak reyalizasyon aktivite yo (gade nan 9.2.1.3).

Direksyon ak Prensip

N ap jwen direksyon ak prensip anplis nan seksyon 9.6 nan Manyèl Jeneral la.

Enprime