Apèl Adisyonèl yo
Responsablite


Imaj
yon mesye k ap pale avèk yon jèn fi

Apèl Mwen kòm yon Espesyalis Andikap

Responsablite

Senyè a rekonesan pou volonte w genyen pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon apèsi sou responsablite yo pou apèl ou a.

Manm ki gen Andikap yo

“Yo ankouraje manm Legliz yo suiv egzanp Sovè a nan bay moun ki gen andikap yo lespwa, konpreyansyon ak lanmou” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 38.8.27). Objektif ou antanke yon espesyalis andikap pawas la se pou ede moun prepare yo pou yo fè ak respekte alyans sakre yo.

Espesyalis Andikap

Espesyalis andikap la sèvi manm yo ak dirijan yo nan aprann konnen moun ki gen andikap yo ak fanmi yo; nan reponn kesyon ki gen rapò ak andikap ak enkyetid moun k ap bay swen yo, dirijan yo, ak lòt moun yo; ak nan ede moun jwenn aksè nan materyèl Legliz yo, patisipe nan reyinyon ak aktivite yo. Epitou, espesyalis la ka ede idantifye opòtinite ki siyifikatif ki genyen pou manm ki gen andikap pou sèvi yo. (Gade 38.8.27.9.)

Responsablite Adisyonèl

Idantifye epi enfòme w sou manm nan pawas ou a ki gen andikap yo. Nan lapriyè, chèche enspirasyon pou konnen ki fason ou ka enkli ak sipòte manm sa yo ak fanmi yo oswa moun k ap bayo swen yo. Ofri pou asiste reyinyon konsèy pawas yo pou ede dirijan yo konprann kijan yo ka sipòte manm ki gen andikap yo. Pou jwenn resous adisyonèl, gade disability.ChurchofJesusChrist.org.

Direksyon ak Règleman

Pou direksyon sou soutni manm yo nan lopital oswa nan etablisman nt pou swen yo, gade seksyon 38.8.43 nan Manyèl Jeneral la. Pou direksyon sou òdonans pou moun ki gen andikap entèlektyèl oswa fizik yo, gade seksyon 38.2.4 ak 38.2.5.

Enprime