Kolèj Ansyen
Responsablite


Imaj
yon gwoup gason ki chita ansanm

Apèl mwen kòm yon Prezidan Kowòm Ansyen

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.

Objektif Kowòm Ansyen an

Prètriz Mèlkisedèk la ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Manm kowòm ansyen yo travay ansanm pou ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Yo sèvi lòt moun, yo ranpli devwa prètriz yo, yo bati inite, epi yo aprann epi viv doktrin nan (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 8.1).

Prezidan Kowòm Ansyen yo

Prezidan Kowòm Ansyen yo anseye manm kowòm yo responsablite prètriz yo. Li gen responsablite tou pou li sèvi nan konsèy pawas la; òganize jefò avèk prezidans Sosyete Sekou a; epi sipèvize sèvis pastoral, aktivite yo, rapò yo, rejis yo ak finans yo. Konseye li yo ak sekretè li a asiste l (gade 8.3.3.2).

Prezidans

Prezidans kowòm ansyen an ak sekretè li rankontre regilyèman. Ede kandida ansyen yo prepare pou yo resevwa Prètriz Mèlkisedèk la se youn nan pi gwo priyorite prezidans lan (gade 8.4).

Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou

Prezidans kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou yo kowòdone tach sèvis pastoral yo epi yo ede dirije travay tanp ak istwa familyal la ak jefò pou envite tout moun resevwa benediksyon levanjil yo. Epitou, yo jwe yon wòl esansyèl nan anseye manm pawas yo prensip sèvis pastoral yo, entèvyou sèvis pastoral yo, aplikasyon lwa pou jèn nan, devlopman otonomi, ak ogmante preparasyon pèsonèl ak familyal (gade 22.6.2).

Reyinyon Jou Dimanch yo

Kowòm ansyen yo rankontre dezyèm ak katriyèm Dimanch nan mwa a nan objektif pou ogmante lafwa, konstwi inite ak ranfòse fanmi ak fwaye yo. Nan yon espri lapriyè, prezidans kowòm ansyen an seleksyone mesaj ki soti nan konferans jeneral ki pi resan an pou yo anseye an fonksyon bezwen manm yo (gade 8.2.1.2).

Sèvis ak Aktivite

Prezidans kowòm ansyen an ka planifye aktivite pou ranfòse manm kowòm yo epi ba yo opòtinite pou yo sèvi ansanm (gade 8.2.1.3).

Apèl Adisyonèl

Evèk la ak prezidan kowòm ansyen an diskite sou nesesite pou gen apèl adisyonèl yo selon jan sa nesesè (gade 8.3.5).

Enprime