Manyèl ak Apèl
Resous pou Sèvis Atansyone avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse


Resous pou Sèvis Atansyone avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse

Dirijan yo ka itilize dokiman sa a lè y ap prepare yo pou dirije diskisyon nan konsèy rejyonal, konsèy kowòdinasyon, konferans pieu, konsèy pieu, konsèy pawas, ak leson Lekòldidimanch yo.

Sigjesyon pou itilize resous sa yo

Nan pwochen reyinyon konsèy y ap genyen an, dirijan yo gen dwa kòmanse diskisyon sou chanjman yo te anonse nan konferans jeneral Avril 2018 yo kote yo va li seksyon entwodiksyon dokiman ki atache avèk lèt Premye Prezidans 2 Avril 2018 la, ki rele: “Sèvis Atansyone avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse” a (gade ministering.lds.org).

Nan reyinyon an, manm konsèy yo ta dwe gade epi fè diskisyon sou videyo Yon vizyon sou Sèvis Atansyone a tou (gade “Videyo” yo ki anba a). Gen lòt videyo ak resous adisyonèl yo bay pou ranfòse diskisyon sa a ke nou gen dwa itilize nan reyinyon konsèy apre yo oubyen nan lòt okazyon. Chak segman nan videyo Sèvis Atansyone Efikas la suiv pa yon kesyon gwoup la ka diskite.

Videyo

Videyo nou pral bay la yo disponib nan ministering.lds.org epi yo pral disponib trè byento nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan app LDS Media Library a. Videyo sa yo gen ekstrè ki soti nan konferans jeneral Avril 2018 la ak nan reyinyon konferans jeneral pou dirijan yo ki te fèt avèk Otorite Jeneral yo, Swasanndis Otorite Rejyonal yo, ak Ofisye Jeneral yo.

  • Yon Vizyon sou Sèvis Atansyone (4:30)

  • Sèvis Atansyone Efikas (14:40) ki gen segman sa yo ladan:

    1. Poukisa nou sèvi” (2:45). Kesyon: Poukisa nou sèvi?

    2. “Senp, Pèsonalize, e Dirije pa Lespri a” (2:12). Kesyon: Kijan nou ka kenbe efò nou senp e dirije pa Lespri a?

    3. “Apèsi sou Entèvyou Entandans (Sèvis)” (3:44). Kesyon: Kijan entèvyou entandans (sèvis) efikas ka beni moun yo ak fanmi yo?

    4. “Yon Efò Kowòdone” (2:36). Kesyon: Kijan yon efò kowòdone ka ede nou pran swen tout pitit Bondye yo?

    5. “Envitasyon pou nou aji” (3:22). Kesyon: Kijan nou ka pi byen enplante vizyon sou sèvis atansyone Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo bay la?

  • Entèvyou Entandans (Sèvis) (15:00)

Referans ekriti

Matye 10:39; 22:37–39; Lik 22:32; Jan 10:11; 13:34; 21:15–16; Galat 5:13; Mozya 23:18; Doktrin ak Alyans 20:51–53

Resous adisyonèl

  • Gen lòt videyo ak lòt resous adisyonèl ki pral disponib alavni nan ministering.lds.org ak nan app Bibliyotèk Levanjil la ak app LDS Media Library a.

  • Revi Liahona ak Ensign Me 2018 yo ak comefollowme.lds.org gen resous osijè sèvis atansyone nou ka itilize nan diskisyon katriyèm Dimanch yo nan reyinyon kowòm ak Sosyete Sekou yo.

  • Gen enfòmasyon adisyonèl, ki rele “Prensip pou sèvis atansyone,” nou pral pibliye nan revi Liahona ak Ensign ki pral parèt yo.

Enprime