Tèm yo
Tèm Jènfi yo


Tèm Jènfi yo

Tèm Jènfi yo

Mwen se yon pitit fi byeneme paran selès, ki gen yon nati divin ak yon destine etènèl.

Antanke disip Jezikri, m ap efòse m pou m vin menmjan avèk li. M ap chèche revelasyon pèsonèl epi m aji selon yo epi m ap sèvi lòt moun nan non sakre li.

M ap kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay ak nan tout kote.

Pandan m ap fè efò pou kalifye m pou egzaltasyon, m ap cheri don repantans lan epi m ap chèche amelyore m chak jou. Ak lafwa, m ap fòtifye fwaye m ak fanmi m, fè ak kenbe alyans sakre, e resevwa òdonans ak benediksyon tanp sakre yo.