Èd pou Etid
9. Mond Ansyen Testaman an


9. Mond Ansyen Testaman an

Kat jeyografik 9 Bib la

N

Kokasous

Lanmè Kaspyèn

Mòn Arara?

Lanmè Nwa

Ouratou

Oryen Yo

Troie

Itit Yo

Our?

Aran (Padan-aram)

Asiri

Kakemich

Mezopotami

Niniv

Rivyè Efrat

Asou

Acad (Akad)

Laplèn Doura

Chouchan (Siz)

Rivyè Tig

Babilòn

Wòd

Kitim (Chip)

Babèl (Chinea)

Siri

Kaftò (Krèt)

Elam

Sidon

Fenisi

Damas

Babiloni

Tir

Dezè Arab

Our?

Lanmè Kinerèt (Galile)

Megido

Lanmè Gran oubyen ki pi wo a (Lanmè Mèditerane)

Jerizalèm (Salèm)

Lanmè ki pi ba a (Gòlf Pèsik)

Kanaran

Lanmè Sale (Lanmè Mòt)

Bècheba

Dèlta Nil

Gozan

Madyan

Dezè Libyen

On

Etsjon-gebè

Ejip

Nil

Mòn Sinayi? (Orèb)

Lanmè Wouj

Kilomèt

0 100 200 300 400

A B C D E F G H

1 2 3 4

1

2

2

3

4

5

6

7

8

9

10

11

12

13

14

15

16

17

  1. Mòn Arara Plas tradisyonèl kote lach Noye a te ateri a (Jen. 8:4). Moun pa konnen tablisman ekzat la.

  2. Our Premye rezidans Abraram, tou pre bouch rivyè Efrat la, kote li te manke tounen viktim sakrifis imen, li te wè zanj Jewova a, epi l te resevwa Ourim ak Toumim nan (Jen. 11:28–12:1; Abr. 1; 3:1). (Note yon plas altènatif posib pou Our nan nò Mezopotami.)

  3. Babilòn, Babèl (Chinea) Premye moun ki te tabli l sete Kuch, pitit gason Kam, epi Nimròd. Zòn orijin Jaredit yo nan epòk fòtrès Babèl la nan laplèn Chinea yo. Pita, kapital pwovensyal Babiloni ak rezidans wa Babilonyen yo, ansanm avèk wa Nebikadneza ki te mennen anpil Juif an kaptivite nan vil sa a apre destriksyon Jerizalèm (587 anvan Jezikri). Juif yo te rete kaptif nan Babilòn pou 70 ane jouk nan epòk wa Siris la, ki te pèmèt Juif yo retounen nan Jerizalèm pou yo bati tanp la. Danyèl, pwofèt la te abite nan kote sa a tou sou gouvènman Nebikadneza, Bèlchaza, ak Dariyis 1 (Jen. 10:10; 11:1–9; 2 Wa 24–25; Jer. 27:1–29:10; Ezek. 1:1; Dan. 1–12; Omni 1:22; Etè 1:33–43).

  4. Chouchan (Siz) Vil kapital wayòm Pès la sou gouvènman Dariyis 1 (Dariyis Legran), Sèrsès, (Arasyerous), ak Atagzèzès. Rezidans rèn Estè, kouraj li ak lafwa li te sove Juif yo. Danyèl epi pita, Neeni te sèvi nan kote sa a (Ney. 1:1; 2:1; Estè 1:1; Dan. 8:2).

  5. Laplèn Doura Yo te jete Chadrak, Mechak, ak Abèd-Nego nan founo dife devoran an lè yo te refize adore yon imaj annò Nebikadneza te kreye; Pitit Gason Bondye a te prezève yo, epi yo te soti nan founo a san domaj (Dan. 3).

  6. Asiri Asou sete premye kapital Asiri, apre sete Niniv. Dirijan Asiryen yo, Chalmanazè Ⅴ ak Sagon Ⅱ te konkeri wayòm Nò Izrayèl la epi yo te mennen dis tribi yo ale nan kaptivite an 721 anvan Jezikri (2 Wa 14–15; 17–19), Asiri sete yon menas pou Jida jouk nan 612 anvan Jezikri, lè Babilòn te konkeri Asiri a.

  7. Niniv Kapital Asiri a. Asiri te atake peyi Jida a pandan rejim Ezekyas la ak pandan ministè pwofèt Ezayi a. Jerizalèm, kapital vil Jida a te sove mirakilezman lè yon zanj te frape 185.000 sòlda Asiryen yo (2 Wa 19:32–37). Senyè a te di pwofèt Jonas pou te mande vil sa a pou l te repanti (Jonas 1:2; 3:1–4).

  8. Aran Abraram te tabli nan kote sa a pou yon tan anvan l t ale nan Kanaran. Papa Abraram ak frè l la te rete nan kote sa a. Rebeka, (madanm Izarak), ak Rachèl, Leya, Bila, ak Zilpa, (madanm Jakòb yo) te moun zòn sa a (Jen. 11:31–32; 24:10; 29:4–6; Abr. 2:4–5).

  9. Kakemich Farawon Neko te pran defèt nan kote sa a anba men Nebikadneza, ki te mete yon fren nan pouvwa pèp Ejipsyen yosou pèp Kanaran yo (2 Kwo. 35:20–36:6).

  10. Sidon Se Sidon yon gran pitit gason Kam ki te fonde vil sa a, epi se vil Kananeyit ki plis nan pati nò a (Jen. 10:15–20). Se te kay Jezabèl, ki te entwodui adorasyon Baal an Izrayèl (1 Wa 16:30–33).

  11. Tir Se te yon vil enpòtan ak yon pò pou bato nan Siri. Iram, ki moun nan Tir te voye bwa gayak ak lò ak travayè pou ede Salomon nan konstriksyon tanp li a (1 Wa 5:1–10, 18; 9:11).

  12. Damas Abraram te sove Lot tou pre kote sa a. Se te vil prensipal Siri. Pandan gouvènman wa David la, Izrayelit yo te konkeri vil la. Eli te bay Hazaèl onksyon kòm wa sou Damas (Jen. 14:14–15; 2 Sam. 8:5–6; 1 Wa 19:15).

  13. Kanaran Senyè a te bay Abraram, Izarak, Jakòb ak desandan l yo tè sa a kòm yon posesyon etènèl (Jen. 17:8; 28).

  14. Mòn Sinayi (Orèb) Senyè a te pale avèk Moyiz nan yon boukan dife (Egz. 3:1–2). Moyiz te resevwa Lalwa a ak dis Kòmandman yo (Egz. 19–20). Senyè a te pale avèk Eli avèk yon ti vwa dous (1 Wa 19:8–12).

  15. Etsjon-gebè Wa Salomon te bati yon “marin plen bato” nan Etsjon-gebè (1 Wa 9:26). Li posib se te nan waf sa a rèn Cheba, apre l te tande popilarite wa Salomon, li te rakwoche bato l pou vin wè l (1 Wa 10:1–13).

  16. Ejip Abraram te vwayaje nan kote sa a akoz yon gwo famin nan Our (Abr. 2:1, 21). Senyè a te di Abraram pou l anseye Ejipsyen yo sa L te revele l (Abr. 3:15). Apre frè Jozèf yo te fin vann li kòm esklav (Jen. 37:28), Jozèf te vin tounen yon dirijan nan kay Potifa nan kote sa a. Yo te jete l nan prizon. Li te entèprete rèv Potifa a epi l te resevwa yon pòs plas otorite an Ejip. Jozèf ak frè l yo te vin ansanm. Jakòb ak fanmi l te bwote vin nan kote sa a (Jen. 39–46). Pitit Izrayèl yo te abite nan Gochèn pandan sejou yo an Ejip la (Jen. 47:6).

    Izrayelit yo te miltipliye epi yo te “vin ekstrèmman pwisan;” apre sa Ejipsyen yo te mete yo nan esklavaj (Egz. 1:7–14). Apre yon seri plè Farawon te kite Izrayèl soti an Ejip (Egz. 12:31–41). Yo te mennen Jeremi an Ejip (Jer. 43:4–7).

  17. Kaftò (Krèt) Ansyen peyi Minoan yo.