Chapit 46
Amalikya fè konplo pou l vin wa—Mowoni leve anblèm libète a—Li mete tèt ansanm avèk pèp la pou defann relijyon yo—Vrè kwayan yo rele kretyen—Yon rès nan desandan Jozèf yo pral prezève—Amalikya ak separatis yo kouri ale nan peyi Nefi a—Moun ki pa sipòte kòz libète a ap pase anba lanmò. Anviwon 73–72 anvan Jezikri.
1 Epi, se te konsa, tout moun ki pa t vle koute pawòl Elaman ak frè l yo te rasanble ansanm kont frè yo.
2 Epi kounyeya gade, yo te tèlman fache, yo te gen detèminasyon pou touye yo.
3 Dirijan moun ki te fache kont frè yo te yon gwo nonm chaje ak fòs, li te rele Amalikya.
4 Amalikya te vle vin wa; e moun ki te fache yo tou te vle pou l vin wa yo; e pifò ladan yo te ti jij nan peyi a, epi yo te bezwen pouvwa.
5 Amalikya te flate yo pou l te fè yo konprann, ke si yo te sipòte l, epi yo te tabli l wa yo, li t ap lonmen yo dirijan nan pami pèp la.
6 Konsa, Amalikya te trennen yo nan divizyon, malgre prèch Elaman ak frè l yo, malgre anpli swen yo te pran pou legliz la, paske, yo te gran prèt alatèt legliz la.
7 Epi, te gen anpil moun nan legliz la ki te kwè nan pawòl flatè Amalikya yo, poutèt sa, yo te menm kite legliz la, se konsa ka pèp Nefi a te grav anpil, yo te an danje malgre gwo viktwa yo te genyen sou Lamanit yo, ak tout lajwa yo te genyen poutèt delivrans yo te jwenn nan men Senyè a.
8 Konsa, nou wè kòman lèzòm bliye Senyè Bondye yo a vit, wi, ki jan yo fè inikite vit epi malen an detounen yo.
9 Wi, epi tou, nou wè gwo mechanste yon sèl nonm ki mechan anpil kapab lakòz rive nan pami pitit lèzòm.
10 Wi, nou wè ke Amalikya, paske li te yon nonm rize, ki te chaje avèk pawòl flatri, li te trennen kè anpil moun nan fè peche; wi, pou yo te chèche detwi legliz Bondye a, pou yo te detwi fondasyon libète Bondye te ba yo a, oubyen benediksyon Bondye te voye sou tè a pou byen moun ki jis yo.
11 Epi kounyeya, se te konsa, lè Mowoni, ki te kòmandan anchèf lame Nefit yo te tande zafè divizyon sa yo, li te fache kont Amalikya.
12 Epi, se te konsa, li te dechire wòb li; li te pran mòso ladan l epi li te ekri sou li—Nan memwa Bondye nou an, relijyon nou an, libète ak lapè nou an, madanm ak pitit nou yo—e li te pandye l nan pwent yon poto.
13 Epi, li te mete kas li, ak kiras li, ak boukliye l, epi li te mare zam li bò ranch li, e li te pran poto li te tache mòso rad li a (li te rele l drapo libète), li te bese atè a e li te priye Bondye li a anpil pou benediksyon libète a kapab rete sou frè l yo tout tan ta gen anpil kretyen ki ta rete pou posede peyi a—
14 Paske, se konsa tout moun ki pa t nan legliz la te rele tout moun ki te bon kwayan nan Kris yo, ki te nan legliz Bondye a.
15 Epi, moun ki te nan legliz yo te gen lafwa; wi, tout moun ki te kwè nan Kris la toutbon yo te pran non Kris la sou tèt yo ak kè kontan, oubyen kretyen yo, jan yo te rele yo a, poutèt kwayans yo nan Kris la ki gen pou l vini an.
16 Se poutèt sa, kounyeya, Mowoni te priye pou kòz kretyen yo epi pou libète peyi a kapab jwenn favè.
17 Epi, se te konsa, lè l te fin louvri nanm li bay Bondye, li te site non tout peyi ki te nan sid tè dezolasyon yo, wi, pou fini, tout peyi ki te nan nò ak nan sid yo—kòm yon tè ki te chwazi, e yon tè pou libète.
18 Epi li te di: Asireman, Bondye p ap kite nou menm, ki meprize poutèt nou pote non Kris la, li p ap kite yo pyetine nou atè a, epi pou yo detwi nou, jistan nou pote sa sou tèt pa nou avèk transgresyon pa nou.
19 Epi, lè Mowoni te fin di bagay sa yo, li t ale nan pami pèp la, li te leve mòso rad li a anlè pou tout moun te kapab wè ekriti li te ekri sou mòso twal la, epi li te rele byen fò, li te di:
20 Tout moun ki vle kenbe drapo sa a nan peyi a, kite yo vini nan fòs Senyè a pou yo fè alyans pou yo kapab konsève dwa yo ak relijyon yo, pou Senyè Bondye a kapab beni yo.
21 Epi, se te konsa, lè Mowoni te fin pwoklame pawòl sa yo, gade pèp la te kouri vini, ansanm avèk zam yo mare nan ren yo, yo te dechire wòb yo kòm yon senbòl, oubyen kòm yon alyans pou yo pa bliye Senyè Bondye yo a; oubyen si yo ta transgrese kòmandman Bondye yo, oubyen si yo ta tonbe nan transgresyon epi yo ta wont pote non Kris la, Senyè a ta mèt dechire yo menm jan yo te dechire rad yo.
22 Kounyeya, se te alyans yo te fè, epi yo jete rad yo nan pye Mowoni, yo te di: Nou fè alyans avèk Bondye nou an, nou gen pou nou detwi menm jan avèk frè nan nò nou yo, si nou ta tonbe nan transgresyon; wi, li mèt jete nou nan pye ènmi nou yo menm jan nou jete rad nou yo nan pye w la, pou yo foule anba pye, si nou tonbe nan transgresyon.
23 Mowoni te di yo: Nou se yon rès desandan Jakòb; wi, nou se yon rès desandan Jozèf, frè l yo te dechire rad li fè anpil tikal; wi, kounyeya, an nou sonje pou respekte kòmandman Bondye yo, oubyen frè nou yo ap dechire rad nou, y ap jete nou nan prizon, y ap vann nou, oubyen y ap touye nou.
24 Wi, annou prezève libète nou kòm desandan Jozèf; wi, annou sonje pawòl Jakòb te pale anvan l te mouri yo, paske, gade, li te wè yon pa ti nan rès wòb Jozèf la te prezève, li pa t pouri. Epi li te di—menm jan rès rad pitit gason m nan te prezève a, se konsa yon rès nan desandan pitit gason m nan pral prezève nan men Bondye, epi li pral pran yo vin jwenn li, alòske rès desandan Jozèf la pral peri menm jan avèk rès rad li a.
25 Kounyeya gade, sa fè nanm mwen lapenn; men, nanm mwen gen lajwa nan pitit gason m nan poutèt pati sa a nan desandan l yo Bondye gen pou l pran vin jwenn li a.
26 Kounyeya gade, se konsa Jakòb te pale.
27 Kiyès ki konnen si rès desandan Jozèf yo ki pral peri menm jan avèk wòb li a pa desandan nou yo? Wi, se kapab menm noumenm, si nou pa kenbe fèm nan lafwa nan Kris la.
28 Epi kounyeya, se te konsa, lè Mowoni te fin di pawòl sa yo, li t ale epi li te voye moun tout kote ki te gen divizyon nan peyi a, pou rasanble ansanm, tout moun ki te vle kenbe libète yo, pou yo kanpe kont Amalikya, ak moun ki te divize yo, e ki te rele Amalikyayit yo.
29 Epi, se te konsa, lè Amalikya te wè pèp Mowoni an te plis pase Amalikyayit yo—epi tou li te wè, pèp li a te gen dout sou kòz lajistis yo t ap defann nan—e li te pè pou l pa ta pèdi batay la, se poutèt sa, li te pran moun nan pèp la ki te vle, epi li te pati al nan peyi Nefi a.
30 Kounyeya, Mowoni te wè li pa t nesesè pou Lamanit yo te pran fòs ankò; se poutèt sa li te vle bare pèp Amalikya a, oubyen pou l pran yo mennen tounen, epi pou l touye Amalikya; wi, paske li te konnen Amalikya t ap pouse Lamanit yo nan kòlè kont Nefit yo, pou l fè yo vin goumen avèk Nefit yo; li te konnen Amalikya t ap fè sa pou l kapab akonpli sa l te vle a.
31 Se poutèt sa, Mowoni te panse se nesesè pou l te pran lame li yo ki te rasanble ansanm nan, ba yo zam, epi fè alyans pou yo kenbe lapè—epi, se te konsa, li te pran lame li a ak tant li yo, epi yo te pati tè nan dezè a pou yo kapab bare chemen Amalikya nan dezè a.
32 Epi, se te konsa, li te fè jan l te vle a; li te mache nan dezè a e li te pran devan lame Amalikya yo.
33 Epi, se te konsa, Amalikya te kouri avèk yon ti kras nan moun li yo, epi rès la te tonbe nan men Mowoni, e li te mennen yo retounen nan peyi Zarayemla a.
34 Kounyeya, Mowoni se te yon nonm ki te lonmen jij anchèf la epi pèp la te lonmen, poutèt sa, li te gen pouvwa, jan l te vle, ak lame Nefit li yo, pou l tabli e pou l egzèse otorite sou yo.
35 Epi, se te konsa, nenpòt nan Amalikyayit yo ki pa t vle fè alyans pou sipòte kòz libète a, pou yo kapab gen yon gouvènman lib, li te fè touye yo; te gen yon tikras ki pa t vle fè alyans pou libète a.
36 Epi, Li te fè monte drapo libète a anlè chak fòtrès ki te nan tout peyi Nefit yo te posede a; konsa, Mowoni te plante banyè libète a nan pami Nefit yo.
37 Epi, yo te kòmanse gen lapè nan peyi a ankò; konsa, yo te kenbe lapè nan peyi a prèske jouk nan finisman diznevyèm ane gouvènman jij yo.
38 Epi, Elaman ak gran prèt li yo te kenbe lòd nan legliz la tou; wi, yo te gen lapè ak anpil rejwisans nan legliz la pandan kat ane.
39 Epi, se te konsa, te gen anpil ki te mouri, yo te kwè tout bon, Senyè Jezikri te rachte nanm yo.
40 Epi, te gen kèk ki te mouri anba epidemi lafyèv ki te nan peyi a, pandan kèk sezon nan ane a—men, plis pa t mouri anba lafyèv, paske, te gen anpil bon kalite plant ak rasin Bondye te prepare pou chase maladi ki te akable moun poutèt klima a—
41 Men te gen anpil ki te mouri, gran moun; epi moun ki te mouri ak lafwa nan Kris la, yo te rejwi nan li, jan nou dwe ye a.