Lis Rekòmandasyon ki an pwogrè
Lis sa a afiche rekòmandasyon ki an preparasyon epi ki vizib a tout dirijan yo eksepte patriyach ak grefye yo. Bagay nan lis sa a afiche yonn nan estati swivan yo:
- An Pwogrè. Rekòmandasyon an te kòmanse epi l sovgade, men, li pa konplete.
- Apwobasyon Lokal. Rekòmandasyon an bezwen apwobasyon nan men entèrejyon, pieu, oswa misyon kote inite resipyan an asiyen an.
- Apwobasyon Q12. Rekòmandasyon an mande apwobasyon nan men Biwo Kolèj Douz Apot yo. Ka sa yo ra.
- Apwobasyon a Distans. Patriyach ki rekòmande a mande apwobasyon nan men yon lòt entèrejyon, pieu oubyen misyon.
- Pare pou Soumisyon. Yon dirijan ki pa gen dwa pou soumèt te antre ak verifye enfòmasyon rekòmandasyon an. Rekòmandasyon an pare pou yon dirijan ki gen dwa soumisyon soumèt li a patriyach la.
Lis Rekòmandasyon ki te Soumèt
Lis sa a afiche rekòmandasyon ki te soumèt a yon patriyach ki asiyen. Bagay nan lis sa a afiche youn nan estati suivan yo:
- Soumèt. Dirijan an soumèt rekòmandasyon an bay patriyach la.
- Ekspire Byento. Dat avètisman pou ekspirasyon rekòmandasyon an rive epi l pral ekspire byento. Natirèlman, rekòmandasyon yo ekspire apre 90 jou. Prezidan rejyon, pieu, oubyen misyon pou inite ki rapòte dirèkteman ba yo a ajiste kantite jou sa yo. Manm nan ta dwe kontakte patriyach la pou tabli yon randevou anvan dat la ekspire. Si randevou a pat fèt nan 45 jou, evèk oubyen prezidan branch manm nan pral kòmanse resevwa avètisman chak semèn. Si yon rekòmandasyon ekspire, li anile otomatikman epi yo retire l nan sistèm nan.
Lis Benediksyon ki an Pwogrè
Lis sa a afiche benediksyon ki te sou randevou, transkri, oubyen modifye. Bagay nan lis sa a afiche youn nan estati suivan yo:
- Sou Randevou. Manm nan fè randevou pou resevwa benediksyon li avèk patriyach la.
- An Transkripsyon. Patriyach la oswa grefye a kòmanse trankripsyon benediksyon an.
- An Transkripsyon (avè senbòl dosye ouvri). Benediksyon an re-ouvri epi koreksyon yo ap fèt.
- Pare pou Soumisyon. Grefye a konplete transkripsyon benediksyon an. Nan pwen sa a, patriyach la ka soumèt ak enprime benediksyon an.
Lis Benediksyon ki Soumèt
Lis sa a afiche benediksyon ki te soumèt a Legliz la. Benediksyon yo pral disponib nan lis sa a pou 60 jou. Pandan benediksyon an rete sou lis la, patriyach la ka re-ouvri benediksyon an pou l fè nenpòt chanjman.