2021
Yon Vizit Jan Batis
Fevriye 2021


“Yon Vizit Jan Batis,” Zanmi Fevriye 2021

Mesaj Mansyèl Zanmi Fevriye 2021

Yon Vizit Jan Batis

Imaj
Joseph Smith ak Oliver Cowdery ap priye

Se Apryl Stott ki fè desen yo

Yon jou, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te gen yon kesyon. Ki pi bon fason ki te genyen pou yon moun batize? Yo te priye pou yo te jwenn repons la.

Imaj
Jan Batis

Epi yon zanj te parèt. Se te Jan Batis. Li te batize Jezi. Li te di yo ke yo te bezwen prètriz pou yo te ka batize moun.

Imaj
Jan Batis k ap bay Joseph Smith Prètriz Aawon an

Jan te beni Joseph ak Oliver. Li te ba yo prètriz la. Kounyeya yo te ka batize moun nan fason Jezi te batize a.

Imaj
Oliver Cowdery k ap batize Joseph Smith

Joseph te batize Oliver nan rivyè a. Epi Oliver te batize Joseph. Apresa, plizyè lòt moun te batize tou.

Imaj
papa k ap batize pitit fi l

Paske Pè Selès la te reponn priyè Joseph Smith la, prètriz la tounen sou latè! Yo ka batize mwen jan Jezi te batize a.

Paj pou kolorye

Nou Ka Batize

Imaj
A pencil drawing of Joseph baptizing Oliver Cowdery.

Kisa w ka fè pou w suiv Jezikri?

Enprime