2021
Mete Legliz Jezikri a Sou Pye
Mas 2021


“Mete Legliz Jezikri a Sou Pye,” Zanmi, Mas 2021

Mesaj Mansyèl Zanmi Mas 2021

Mete Legliz Jezikri a Sou Pye

Imaj
Joseph Smith ak Oliver Cowdery k ap òganize Legliz la

Ilistrasyon Apryl Stott

Nan dat 6 avril 1830, te genyen yon reyinyon espesyal ki te fèt nan yon kay an bwa. Joseph Smith te mete Legliz Jezikri a Sou Pye ankò sou tè a.

Imaj
sentsèn lè òganizasyon Legliz la

Joseph Smith ak Oliver Cowdery te beni epi distribye sentsèn nan.

Imaj
moun k ap batize nan yon rivyè

Apre reyinyon an te fini, plizyè moun te vin batize.

Imaj
Emma Smith te kondui moun yo nan chante

Kèk mwa apre, Bondye te aple Emma Smith pou l te kreye yon liv chan pou Legliz la. Konsa, moun yo te kapab chante chan yo pandan reyinyon Legliz yo.

Imaj
yon reyinyon Primè

Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen ka chante chan epi pran sentsèn chak semèn.

Paj Koloryaj

Mwen Renmen Ale Legliz

Imaj
paj koloryaj

Kisa w renmen nan ale legliz?

Enprime