2021
Misyonè yo te Pataje Levanjil la
Avril 2021


“Misyonè yo te Pataje Levanjil la,” Zanmi, Avril 2021

Mesaj Mansyèl Zanmi, Avril 2021

Misyonè yo te Pataje Levanjil la

Imaj
de misyonè 19yèm syèk

Ilistrasyon Apryl Stott

Lè yo te fin enprime Liv Mòmon an, Bondye te rele misyonè pou yo t al preche ak anseye moun yo plis sou li.

Imaj
Samuel Smith k ap depoze kopi Liv Mòmon an

Frè Joseph Smith la, Samuel, te pote yon valiz ki te plen kopi Liv Mòmon an pou l te pataje. Moun te rasanble pou yo te tande l ap anseye.

Imaj
Misyonè 19yèm syèk yo k ap anseye nan zile Pasifik yo

Gen lòt misyonè ki te anseye moun yo ann Ewòp. Gen ladan yo ki te anseye moun ki t ap viv nan zile yo.

Imaj
Sè misyonè 19yèm syèk yo ann Angletè

Annapre, yo te rele premye sè misyonè ofisyèl yo pou yo te sèvi ann Angletè.

Imaj
timoun sou lakou rekreyasyon, k ap li Liv Mòmon an

Mwen ka yon misyonè tou. Mwen ka pataje Liv Mòmon an avèk lòt moun.

Paj pou Kolorye

Mwen Ka Pataje Levanjil la

Imaj
timoun ki gen foto Jezi nan men yo

Kijan mwen ka pale de Jezikri avèk lòt moun?

Enprime